24/12/2025
A AJHASS – Associação des Jeunes Haïtiens en Sciences de la Santé deseja a todas e todos um Feliz Natal, repleto de paz, esperança e solidariedade.
Que este tempo de celebração renove nossas forças, fortaleça os laços de fraternidade entre os povos e nos inspire a continuar lutando por uma sociedade mais justa, acolhedora e inclusiva, onde a vida, a dignidade e a saúde sejam direitos garantidos para todas as pessoas, especialmente migrantes, refugiados e apátridas.
Agradecemos a cada parceiro, voluntário e membro da comunidade que caminha conosco. Que o Natal reacenda em nossos corações o compromisso com o cuidado, a empatia e a promoção da vida.
✨ Feliz Natal e um Ano Novo de saúde, união e esperança! ✨
AJHASS – Asosyasyon Jèn Ayisyen nan Syans Sante swete tout frè ak sè ayisyen yo, kit yo Ayiti kit yo nan dyaspora a, yon Jwaye Nwèl plen espwa, kouraj ak lanmou.
Nan yon moman kote Ayiti ap fè fas ak anpil doulè, ensekirite, enjistis ak soufrans, Nwèl sa a vin raple nou fòs ak kapasite nou pou nou leve kanpe, reziste epi kontinye kwè nan lavi. Menm nan fènwa a, espwa pa janm mouri.
Nou kanpe an solidarite ak tout fanmi kap soufri, ak tout moun k ap goumen chak jou pou viv ak diyite. Nou renouvle angajman nou pou nou kontinye travay pou sante, respè dwa moun, solidarite ak enklizyon, sitou pou moun ki pi vilnerab yo.
✨ Ke limyè Nwèl la klere chemen Ayiti, pote lapè, jistis ak yon demen miyò pou tout pitit peyi a. ✨
Jwaye Nwèl. Kenbe fèm. Ayiti pap peri.
Avèk anpil respè ak lanmou,
AJHASS – Asosyasyon Jèn Ayisyen nan Syans Sante