04/02/2026
CONDYLOMES LATA
Se yon siy ki parèt nan moun ki gen sifilis segondè, a diferans de Condylomes ki koze pa Virus papillome humain (VPH), Condylomes sa yo plat epi yo lis ou swa.
SIFILIS
Sifilis se yon enfeksyon ke moun pran nan fè bagay ki koze pa yon bakteri ki rele treponema pallidum, enfeksyon sa evolye an 4 faz (primè, segondè,latan, tersyè) e chak faz yo gen manifestasyon pa yo.
Faz primè: nan faz sa moun ki gen sifilis la konn gen deseri plaies (maling) sitou nan zòn kote enfeksyon sa te antre nan kò a tankou:
Pénis, vagin, twou dèyè, bouch e jeneralman plaies sa yo pa fè mal, e yo ka dire ant 3-6 semèn apresa yap disparèt menmsi ou te pran tretman ou non yap disparèt. Sepandan siw pran tretman sa ap evite ke enfeksyon an pase a faz segondè li.
Faz segondè: La moun nan kòmanse ap prezante deseri bouton ki ka parèt sou peau, bouch, pénis, vagen ak twou dèyèl, pla men ak pla pye. Se nan faz sa Condylomes lata jan nou wèl nan imaj la ka parèt sou moun sa.
Konsa tou moun nan ka gen fyèv gangliyon lenfatik anfle, gòj fèmal, tèt fèmal, fatig, doulè miskilè, gen moun tou ki konn pèdi poids e menm cheve nan kèk pati nan tèt yo.
Tout sentom sa yo ap disparèt poukont yo kit moun nan resevwa treteman kit li pa resevwa.
Faz latan: Nou pale de faz latan se lè moun nan pa prezante okenn siy ni sentom vizib de maladi a sepandan li kontinye genyenl nan kòl Faz sa ka dire plizyè ane.
Faz tersyè (3): Faz sa se li ki danjere nan maladi a, anpil moun konn gen maladi a li pa evolye nan faz sa oubyen li pran tan poul evolye a faz sa, men lè l fèl se grav. Nan faz sa sifilis ka afekte anpil sistem e Ògán nan kò a tankou kè, je, sèvo, sistem nève a e menm koze lanmò.
*** Yon fanm ansent ki gen sifilis ka kouri danje tankou, fos kouch, timoun nan ka fèt anvan lè o fèt mouri.
***Manman ka tranmèt pitit la li nan vant, sa vle di gen moun ki fèt ak enfeksyon an, nan ka sa nou pale de sifilis KONJENIT, sa ka koz timoun nan pa viv lontan, timoun nan fèt ak defomasyon, li ka fèt soud e avèg.
Kòman Nou Ka preveni?
1:Evite kouche san pwoteksyon ak moun ou pa konnen.
2:Anvan ou antre nan fè sèks san pwoteksyon ak moun ou ta vle stab ak li egzijel egzamen Pou asirew li pa enfekte.
3: Gen yonsèl patnè seksyèl
4: Abtinans
*** Sifilis plis frekan kay gason ki omoseksyèl yo ak biseksyèl. Aktyelman an europe gen plis gason ki gen sifilis ke fanm.
*** Wi sifilis ka trete très byen ak antibiotik, sepandan tretman an ka pa repare tout dega ke maladi a gentan koze. Sa ki gentan fèt fèt menmsi ou ta libre de maladi a aprè tretman.
Pa bliye pran swen sante nou 🙋