Medsin Fasil

Medsin Fasil se yon espas kote nou bay bon jan enfomasyon sou maladi yo e pemet nou ka fe prevansyon konsa nap rete an bòn sante

27/05/2025

*Priyapis*

Kisa priyapis la ye?
se le yon moun, gason sitou, gen peni li ki bande san ke li pa gen okenn stimilasyon seksyel, li jeneralman bay doule.

Konbyen tip priyapis ki gen?
Pa rapo a debi sangen ki rive nan peni an li kapab klase an 2 kategori. Li kapab a debi ki wo oswa debi ki ba.
konsa tou li kapab rekiran oswa pesistan pa rapo a frekans li

Ki diferans ki gen ant le li a debi feb oswa wo?
Le li a debi feb, li pral koz peni a manke jwenn san, li pral gen ipoksi, apre sa li pral kreye yon asidoz nan san ki nan peni a ki pral deregle mis lis yo kidonk lap bay yon oklizyon nann ven e anjandre yoon sendrom konpatiman et si li pa trete rapid kap koz moun nan pedi peni an.
Aloske si li a debi wo, li pap pwovoke iskemi an ni ipoksi pa konsekan pap gen ris pou moun nan pedi peni a.

pou rezon sa tout moun ki gen yon priyapis a ba debi se yon ijans sa ye.

Eske fanm ka gen priyapis?
Wi. lakay fanm nou pale de klitorism. Li manifeste pa doule nan viv ki konn jeneralman asosye a le yon fanm medikaman antisikotik.

Kisa ki fe yon moun kapab genyenl?
Yon moun ki gen : anemi falsifom, talasemi, maladi Fabry, moun ki bwe alkol, moun ki ap pran ti ble ki se sildenafil, moun ki ap pran idralazin, moun ki te fwape nan perine, kokayin, eparin, tamsilozin, dyaliz, metastaz kanse, kelkeswa fwap yon moun te pran sou tout longe peni an.

koman li kapab prezante?
Peni moun nan ap gwo, li kapab bay doule lew touchel nan ka li iskemik oswa li pa bay doule li non iskemik.

24/05/2025
AVOTMANKisa avotman an ye?Tout gwoses ki kanpe avan 20 semen gwoses oswa ak yon anbriyon ki peze mwens ke 500 gram.Gen 2...
21/05/2025

AVOTMAN

Kisa avotman an ye?
Tout gwoses ki kanpe avan 20 semen gwoses oswa ak yon anbriyon ki peze mwens ke 500 gram.

Gen 2 gran kategori avotman: gen avotman espontane (tip avotman sa yo nan foto a) epi pwovoke (se le ou avote pou rezon medikal oswa lew pa vle gwoses la).

Kisa ki ka koz avotman?
Gen anpil bagay ki ka koz avotman. Men yon lis :
- Jenetik : 1-Trizomi otozomal 2- poliployidi, monozomi 3- anomali kwomozomik 4- rearanjman nan estrikti kwommozom yo

- Andokrin ak metabolik : 1- Anomali nan faz liteyal 2- Mank pwojestewon a pati de ko jon nan oswa repons feb a pwojestewon 3- anomali nan tiwoyid 4- dyabet mal kontwole

- Anatomik : 1- enkonpetans kol matris la 2- Malfomasyon konjenital matris 3- Fibwom nan matris 4- Bo matris la kole ansanm (adezyon matris)

- Enfeksyon : 1- Viral (VIH, CMV ...) 2- Parasite (toksoplasmoz, malarya) 3- Bakteri (klamidya, brisela, spiwochet,...)

- Iminolojik : 1- antiko (lipis antokowagilan, antikadyolipin, betaglikopwoteyin) 2- Fakte iminolojik (Th1) 3- Otoiminite (selil tiye natirel)

- Twonbofili : mitasyon nan fakte V Leiden. rezistans a pwoteyin C.

- Koz bo kote manman : Maladi ke syanotik, emoglobinopati, kase lezo avan le (ripti prematire manbwan)

- Koz bo kote papa : anomali kwomozomik nan espem.

- Anviwonman : 1- Fimen sigaret 2- Alkol 3- Dwog 4-Ekspozisyon a radiasyon elektwomanyetik.

- Koz inesplike: 1- Laj avanse.

Eske gen danje nan avotman?
Gen danje nan avotman tout tan kantite semen apre gwoses la plis nan ka avotman espontane. Danje yo anko pi gran lakay moun kap fe avotman pwovoke yo san ke yo pa fe okenn swivi lakay dokte. Yon nan bagay ki pi grav apre bwe te tabak, boul de mas, pesi, alkol, se pwatik ak fe seso ki kapab fe ke moun nan gen yon avotman septik ak emoraji epi lanmo.

SENDWOM NEFWOTIK Kisa li ye?Se yon ansanm siy AK sentom ki vini swit a pwoblem oswa maladi nan podosit yo (podositopati)...
18/05/2025

SENDWOM NEFWOTIK

Kisa li ye?
Se yon ansanm siy AK sentom ki vini swit a pwoblem oswa maladi nan podosit yo (podositopati). Podosit yo se pi gwo selil ki genyen nan glomeril la ki la pou filtre san pou fe p**i a.

Kisa ki ka koz sa?
Tout sa ki kapab koz domaj sou podosit yo ap pwovoke sendwom nefwotik la.
Nou kapab Klase yo an 3 kategori:
1- Konjenital
- Mitasyon NPHS 1
- Mitasyon Laminin beta 2 (sendwom Pierson)
- sendwom Jeune
- Maladi Fabry
- Sendwom Muckle Wells
- Sendwom Denys Drash
- Sendwom Galloway Mowat
- Sendwom Hurler
- Maladi Grave

2- Primè
a- Maladi chèn lejè
b- Glomerilosklewoz fokal segmantè
c- Nepwopati manbranez

3- Segondè
a- HIV
b- Lipis
c- Malaria
d- Anemi falsifom
e- Timè
f- Amiloyidoz
g- Dyabèt
h- Sifilis
i- Enfeksyon
- Tibekiloz
- filaryoz
- sitomegaloviris
- viris Epstein Barr
- viris Herpes zooster
j- Esfewositoz
k- Eklanpsi
l- Medikaman
- kaptopwil
- pen*silin
- rifanpin
- wafarin
- mefenitoyin
- klonidin
- entefewon
- anpisilin
- pwobenesid
-Obezite masiv
-ensifizans trikispid

Koman li manifeste?
a- Vizaj anfle
b- Men ak pye anfle (sitou cheviy)
c- Dlo nan kavite pleral la plerezi)
d- Anazak (tout ko moun nan anfle)
e- P**i kap kimen
f- Pran pwa rapid

Kisa nap jwenn nan egzamen laboratwa le yon moun gen sendwom nefwotik?
a- Ipoalbiminemi
b- Ipèalbiminiri > 3.5g/jr
c- Ipèlipemi
d- Ipèlipidiri
e- Diminisyon faktè III
f- Diminisyon pwoteyin S (pati ki aktif la) ak Z
g- Ogmantasyon lot fakte kowagilasyon yo
h- Diminisyon Iminoglobilin yo
i- Diminisyon HDL2
j- Thrombocytose
k- Augmentation fakte VW
l- Vit D a nan san kapab nomal oswa diminyee

Egzamen konplemantè
- HIV
- antikò PLA2R
- Biyopsi ren
- antikò pou epatit
- pou tout lot koz segonde yo

Ki jan de konplikasyon li ka bay?
- Twonboz venn ren an
- Aterosklewoz
- Anboli poumon
- Estwok
- Chok ipovolemik
- Sendwom koronaryen
- Twonboranboli

Koman li ka trete?
Moun nan ap kouche l'hôpital.
Tretman an ap chita plizye pilye.
- Jere anfle a
- Jere ipèlipemi a
- jere emokonsantrasyon

18/02/2025

Chapo ba pou nouvo fanatik mwen yo! Mwen vrèman kontan konekte avèk nou! Karim Abdullah Salah, Majorie Joseph

03/08/2024

Chapo ba pou nouvo fanatik mwen yo! Mwen vrèman kontan konekte avèk nou! Serge Bernard, Zacharie Nemorin

Address


Website

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Medsin Fasil posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Practice

Send a message to Medsin Fasil:

Shortcuts

  • Address
  • Alerts
  • Contact The Practice
  • Claim ownership or report listing
  • Want your practice to be the top-listed Clinic?

Share