17/08/2025                                                                            
                                    
                                                                            
                                            Relasyon Narcisistik ak Sante Ou
Lè w ap viv nan yon relasyon ak yon moun narcis*k—ke li se amoure, fanmi, oswa pwofesyonèl—li ka pote yon chay silansye men grav sou sante ou. Dinamik narcisistik yo souvan gen nan yo manipilasyon, kontwòl, gaslighting (rat mode soufle, se yo se pa yo) ak yon mank de anpati. Menm si konpòtman sa yo ka sanble sibtil okòmansman, ak tan yo ka detounen byennèt ou nan fason pwofon.
Sante Emosyonèl ak Mantal
   Estrès kwonik: Kritik san rete, voye fòt pa yo sou ou, oswa oblije ou viv tankou se moun kap mache sou pinga tout tan pou evite kònt, tou sa yo mete sistèm nève ou toujou sou alèt.
   Anksyete ak depresyon:        Gaslighting ak envalidasyon emosyonèl (opinyon ou ak soufrans ou pa janm gen enpòtans) ka fini pa detwi estim ke ou gen pou pwòp tèt ou, e fè ou toujou ap doute e ap mande ou kwè se pa ou ki lakòz vre, menm lè ou konnen ou pa fè angnen ki mal vre.
Izolasyon: Narcis*k yo souvan dekouraje oswa sabote sistèm sipò ke ou genyen, sa ki lakoz ou vin koupe relasyon ak tout lòt moun. Se yon fason pou ou depann de yo sèlman, e pou yo toupizi ou pi byen, san ou pa gen pèsòn ki pou defann ou, ou byen ba ou sipò moral.
Sante Fizik
   Estrès nan relasyon narcisistik pa rete sèlman nan tèt—li parèt nan kò a. Ekspozisyon pwolonje ka kontribye nan:
   Pwoblèm dòmi ak fatig
   Maltèt, pwoblèm dijestif, oswa tansyon 
   Dezòd òmòn akòz ogmantasyon nivo kortisol (yon òmòn “hormones” ke stress degaje)
   Ogmantasyon risk maladi kwonik tankou tansyon, s*k, kè, oswa feblès nan sistèm iminitè (ninpòt maladi rantre sou ou pi fasil e sakaje ou anpil)
Chemen Pou Geri
   Konsyans: Rekonèt sitiyasyon wap viv la pa bòn. Sa se premye etap pou reklame sante ou.
Limit: Pwoteje tan ou, enèji ou, ak espas emosyonèl ou esansyèl.
Sistèm sipò: Pale ak zanmi ou fanmi ki pa landjèz ou trèt, oswa pwofesyonèl ki ka ede w rebati pèspektiv ak rezilyans.
Terapi: Suiv konsey moun ki kalifye, pou ede w lage santiman kilpabilite ki pa fonde sou angnen, adiksyon a narcis*k la, pou ou rebati konfyans nan tèt ou, epi ranfòse estrateji pou fè fas a yon vi nan lapè.
✨ Sonje: Ou merite relasyon ki ankouraje ou pou ou grandi, epanouyi, e evolye, ki respekte limit ou, epi ki soutni byennèt kò-ak-espri ou. Geri anba abi narcisistik se pa sèlman kite anviwònman toks*k la—se tou reklame lapè ou, sante ou, ak pouvwa ou.
👉 Apèl pou Aksyon: Si ou rekonèt ke ou nan yon relasyon konsa, pa rete an silans. Chèche sipò jodi a—ke se atravè yon zanmi ou fè konfyans (e ki merite konfyans ou) yon konseye pwofesyonèl, oswa yon coach byennèt. Chak etap ou pran pou w libere tèt ou se yon etap pou restore sante ou epi reklame lavi ou.
Dr. Sheila Mary, ND, MD, MPH, DDS
Ekspè nan Sante & Byennèt (Pou Kòporasyon ak Kominote)
Makaya Health Coaching, LLC
📞 (425) 780-8373
🌐 www.makayahealthcoaching.com
🔔 Avertisman
Pòs sa a fèt pou edikasyon sèlman. Li pa fèt pou ranplase konsèy medikal, dyagnostik, tretman, oswa konsèy pwofesyonèl. Toujou konsilte yon doktè ki gen lisans, yon pwofesyonèl swen sante ki kalifye, oswa yon pwofesyonèl lasante mantal ki gen lisans anvan ou eseye nenpòt nouvo pwogram sante fizik ou mantal, oswa si ou gen enkyetid sou byennèt ou.