Koze Lasante

Koze Lasante La santé est une couronne � sur la tête des personnes en santé, que les malades seuls peuvent v

Ne ratez pas ce rendez-vous
13/11/2022

Ne ratez pas ce rendez-vous

25/04/2021

🇭🇹Il n'y a aucun mal a en rêvé🏥
La santé doit faire partie de nos priorités.

17/04/2021

MASTIBASYON KAY GASON
👨🏽👨🏻‍🦱👨🏽‍⚕️👱🏼‍♂️🧔🏻

Bonjou/bonswa
Jodia mwen vin dyaloge ak jenès maskilen an sou yon pratik ki kouran anpil, sa ki di yo enpotan pou medan yo tou.

AVAN MENM OU LI, ABONE EPI PATAJE PAJ LA POU KONSEY SA YO RIVE PI LWEN.

😎anpil neg , se nan sa yo distrè yo, ke yo gen menaj ou pa. E pou anpil nan yo, li tounen yon adiksyon.
Ou ka pat konnen sa, men gen anpil jèn ki moun nan LP trè souvan nan mond lan.

Anpil moun toujou ap poze tet yo kesyon sa yo:
📍eske sa ka antrene problem sou sante yo apre yon tan?
📍eskel gen avantaj?
📍si yo ta renmen kite l kisa yo dwe fe?

Anpil fwa nou fèl fè blag, poutan gen pou moun mastibasyon son veritab kalvè li konn tounen yon twoub tankou:
▪️gen moun depi yo wè oga'n jenital yo ,yo mastibe
▪️gen mari kap leve dèyè do madanm yo mache sou pwent pye pou al mastibe nan douch
▪️gen moun ki paka jwenn konsantrasyon nan travay yo telman yo anvi fè sa
▪️gen moun ki paka dòmi san yo pa fèl

▪️gen moun menm an piblik kap mastibe, gen moun tou kap chèche yon ti chankre pou yo degaje yo

▪️gen moun pandan yap pale a mennaj yo nan video call kap mastibe.
▪️Genyen tou ki paka rete san yo pa mande voye video oubyen foto pou yo pou yo ka al mastibe

▪️gen moun malerezman depi telefòn yo nan men yo fòk yal sou sit pòno pou yal gad video pou yo ka mastibe

♦️KONSEKANS
Konsekans yo kapab sou santew, konsa tou li ka gen repèkisyon sou viw nan lòt aspè.

☑️ anpil deba ap fet sou sijè sa. Wap jwenn kek atik kotew we gen syantifis ki di wi li gen move enpak sou santew, gen lot ki di se pa vre.
Mwen pa gen konesans ase poum ta fe afimasyon sou konsekans MASTIBASYON, sil bon sil pa bon, men map pataje avew kisa Psycho-sexologue KARINE ARTAUD, di sou sa, epi yon lot atik ki soti nan jounal de Montreal.
▫️Pou seksolog la, li pa redwi longè peni an vre jan anpil moun fè kwè
▫️pou seksolog la, li redwi nan kalite spèrm nan. E li pran egzanp pou di, si wap fel chak jou, wap we spèm nan ap pi likid e pi klè, sa vle di mwens spèmatozoyod ki pou few fè timoun. Fok ou ta pran yon poz pou apre 3 jou poul retounen pwès anko.
▫️LP pa nwi ereksyon selon menm seksolog la.
▫️mastibasyon an, dpiw nan fel e pran abitid voye vit, wap gen sa ki rele ejakilasyon prekos, ou pap k dire.
▫️gran amatè LP yo ka temwanye kijan yo konn fèb, we twoub, vètij, apre yo fin fonksyone, ebyen seksolog la di li bese fòs fizik ou.
▫️li avanse tou pou di, yon moun ki fel anpil ka rive nan stad kote memwal kout, moun sa tj ap bliye.

Map note pou nou,twoub feblès yo pale a pa selman pou moun ki ap bat laponyèt, moun kap fè eksè nan fè seks chak jou yo, e ki pap menm byen manje, konn gen gwo pwoblem.

Sa gen pou konsekans rann moun nan egoyis a patnèl koz li konn pa sou fè sèks se mastibe li anvi mastibe

♦️lot konsekans
Madanm ap mande mari divòs paske nèg la pa wèl nan kay la, se kache al mastibe nan douch

▫️pitit ap pantan sou paran,paran ap pantan sou pitit, sa ki devlope yon wont lakay yo

▫️gen moun kap fè 1èdtan nan fè sèks ki fatige yo,poutan ki paka fè 3 minit nan mastibe, sa vin fè yo pa pran menm nivo eksitasyon sa nan fè sèks

🆒KEK AVANTAJ
menm jan gen etud ki montre efe negatif yo, gen plis lot teori ki pale de efè pozitif. E pou sa mwen ap apiyem sou yon atik ki te soti 1 desanm 2019 nan "le journal de Montreal".

🌝edew jere stres
🌝pemet ou domi lè somèy refuze pranw
🌝jounal la menm pale de prevni kansè prostat (sa ke yo poko verifye)
🌝ogmante estim ou
🌝siw ka fe 15 minut LP sa ejakule, se yon antrenman ki ka pemet ou konbat ejakilasyon prekos
🌝genyen sa ki pa gen madanm oubyen madanm yo pa nan pye yo, ki di li evite yo pran maladi moun pran nan fe bgy, yo pa depanse tou, yo pa sibi stres moun kap di yo fini tro vit

🆘O final, menm si mastibasyon ta genyen kek efè pozitif, menm si li ta genyen kek efè negatif, gen yon bgy ou dwe aprann: siw chwazi fel kanmenm, konnen ke eksè nan tt bgy se pwazon.

📖 Mwen pap bliye di nou, pou anpil kretyen, se yon peche, e yo baze sou plizyè teks nan bib la ki pale de enpidisite, tankou,"levitik 15v 16-17, 1 korentyen 10 v 13, matye 5 v 28". Mo mastibasyon an pa repete tektyèlman, men plizyè lot teks apiye kwayans lan.

👨🏽‍⚕️Siw ladanl, ew ta vle poze, men Kek teknik pou edew poze ak mastibasyon an

Sa nou pral fè an son teknik ki rele siblimasyon ki kote nou pral transfòme tout pilsyon seksyèl nou yo an pwodiksyon kreyativ son teknik ki devlope pa mwa'n kretyen yo depi dè syèk

Eben nou vin edew redwi oubyen koupe abitid sa kap wine viw, premye sa pouw konnen ,sispann kwè nan mit ke mastibasyon rann moun steril, mastibasyon fè avèg, mastibasyon this mastibasyon that, tout sa yo pral fèl ret nan pansew tankou son fantasm

1️⃣efase tout foto a video pòno oubyen toutouni sou telefòn sa pral edew nan redwi nivo eksitasyon lakay ou, sa ka rive ou ap chèche yon bagay nan galri tèlefòn ou epiw al tonbe sou yon foto pòno oubyen toutouni nivo eksitasyonw ogmante saw tande an mastibasyon pèdi lavil,

2️⃣chèche yon lwazi bay tèt nan tan lib ou ,se ka spò, se trading, se ka lekti, se ka mizik sa ap konsantre sèvow e oryante tout enèjiw nan saw ap fè an olye se sèks kap pase nan tèt ou tout tan

3️⃣chèche preyokipe lespriw ,antre nan òganizasyon jèn ,mouvman sosyal pa ekzanp , rann tèt ou okipe, rann tèt ou itil, pou yon moun poze nenpòt ak seksyèl sa mande pou premye sinyal la sòti nan sèvo an , sa vle di depiw fokis sou lòt bagay ou pap ret fokis sou mastibasyon

4️⃣sa pral parèt komik men se vre , sispann ret toutouni ,selon anpil ekspè plis wap gad òga'n jenital ou plis wap anvi touche l ,nan touche ou pral reveye sansibilite , sansibilite pral reveye eksitasyon, eksitasyon pral mennen a mastibasyon, vwala poukisa gen moun depi yo wè vajen a peni yo yo anvi mastibe,

5️⃣evite ret pou kòw, al vizite fanmiw a zanmiw,al nan ti chill ,fè ti sòti, ret pwòch moun lèw nan kay la pale avè yo , pa ret kouche sou kabann ou tou lèw pap fè anyen oubyen ret sou nèt, preferew achte yon ti biwo met nan chanm ou olyew ret kouche sou kabann tout sa yo ap edew, imajinew ta di lespriw ou pral fon ti rechech epi boom ekran akèy ou son sit pòno ,ou kouche toutouni sou kabann nan epi ti òga'n jenital ou tonbe ap bat, saw tande mastibasyon pèdi lavil pi rèd

Siw santi tout saw fè pa mache ou vin esklav mastibasyon, lap wine viw e rann ou paka preyokipe aktivitew a elwanyew de pwòch ou ou ka al kot yo spesyalis sante mantal lap ka edew

Pataje teks sa ak zanmiw
Kontakte nou nan komantè ou an prive pou kesyon.

Dr JIM

19/02/2021
Portez vos masques
31/05/2020

Portez vos masques

18/04/2020
KOWONAVIRISMaladi Kowonaviris bèl e byen prezan lakay nou an ayiti, se moman Pou nou gade kalm nou a aplike mezi prevans...
20/03/2020

KOWONAVIRIS

Maladi Kowonaviris bèl e byen prezan lakay nou an ayiti, se moman Pou nou gade kalm nou a aplike mezi prevansyon yo. Maladi a pa touye moun Jan anpil moun kwèl.
Nan tout mond lan, pami tout moun ki enfekte yo se anviwon 3% ki mouri,selon chif yo. E pifó nan yo genyen plis ke 60lane oubyen gen lot maladi ke yo PA jere,tankou,sik,tansyon, opresyon, maladi nan poumon.

Ann PA fè vyolans sou moun nou kwaze ki genyen maladi a,SA Pap bon Pou nou, Ann ede yo pito, pandan WAP proteje tèt tou.

03/02/2020

MOI, MON CERVEAU. Tel est le thème de la 2eme edition, SDC HAITI 2020.

Depuis la nuit des temps les contraires s’affrontent et par leurs conflits naissent des choses créées à partir de rien, certains corroborent pour donner un sens, alors que d’autres se divergent. De ce grand affrontement a vu le jour un tout indissociable formé par la cohésion de multiples cellules, de tissus et d’organes, en l’occurrence l’être humain.

C’est un être parmi tant d’autres mais avec un organe spécial, le cerveau. Cet organe fait étendre son hégémonie sur l’organisme. De l’âge de pierre jusqu’aux plus grandes découvertes, le cerveau montre qu’il est à la base de l’évolution, un symbole que nous pouvons nous dépasser jour après jour. Partir de rien, notre ébauche cérébrale a su traverser les âges pour passer de l’état primitif (cerveau reptilien, cerveau limbique...) au cerveau associatif c’est-à-dire la matière grise que nous connaissons. Toutes nos fonctions , langage,mémoire, intelligence, pensée, les mouvements volontaires ou automatique attestent son activité.

Il contrôle les plus infimes parties du corps, la carte phrénologique en témoigne grandement son pluralisme fonctionnel. Nous ne sommes peut-être rien par rapports à l’étendue de l’univers mais tout ce que nous sommes est cérébral.

De l’environnement qui nous entoure jusqu’aux choses enfouies dans les confins les plus reculés de notre corps, le système nerveux les controle.

Certains disent que le moi est haïssable mais mon cerveau c’est moi et moi c’est mon cerveau.

Adresse

Cap-Haïtien

Téléphone

+50944829873

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Koze Lasante publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram