01/11/2021
𝐏𝐚 𝐩è 𝐫𝐢𝐬𝐤𝐞 𝐬𝐞 𝐦𝐚𝐤 𝐟𝐚𝐛𝐫𝐢𝐤 𝐝𝐞𝐯𝐥𝐨𝐩𝐦𝐚𝐧 𝐚𝐤 𝐫𝐞𝐲𝐢𝐬𝐢𝐭 𝐲𝐨𝐧 𝐣è𝐧.
"Moun ki pè fè gwo miz p ap janm posede".Panse sila ta sanble pral jwenn bon jan agimantasyon lakay yon jèn ki rete bizoton 53.
Marc-Edwidge JADOTTE se non l sa, li fèt yon 6 jiyè, li fini etid klasik li nan làne 2010.Tousuit apre,li ta pral kòmanse etid siperyè li nan Fakilte Medsin ak Famasi (Inivèsite Leta Ayisyen) an 2011.Yon jèn ki boure ak foug e ki kwè nan travay an ekip. Pi gwo asirans li se antoure ak moun ki enspire konfyans. Aktyèlman li se Kòdonatè epi Direktè maketin Enstiti Fòmasyon Pou Aksyon ak Devlopman (IFAD), yon enstitisyon ki enplike l nan Devlopman pèsonèl ak òganizasyonèl. Estrikti sila bay anpil jèn opòtinite pou jwenn travay ak pou aplike nan fòmasyon byen lwen.
Enplikasyon Jèn medsen sila nan ofri sèvis imanitè ak kominotè se chapo ba. Aktyèlman, kòm volontè komite lokal kwawouj pou Kafou, li pa janm kite okazyon pase pou l pa entèvni nan komin lan lè gen kastastwòf tankou siklòn, goudougoudou ak konfli. Apre etid medsin lan, li te konstate difikilte postilan yo pou entegre Inivèsite Leta Ayisyen an, met sou trajè sot Kafou al nan prefak lavil la ki te sanble difisil ak fatigan, ta pral fè li menm ansanm ak kèk kòlèg li ta pral mete sou pye premye prefak gratis nan komin kafou kite pote non "Konbit Prefak".
Youn nan karakteristik devlopman ak reyisit pou Edwidge se "pa pè pran risk". Li te kontinye fè JEK (Jèn Enfliyan Kafou) konnen "risk paka anpeche yon moun pran yon inisyativ ak reyalize rèv li kòmsadwa". Sa ki dwe anime aktivite yon moun se "pasyon" ak "sajès". Lide sila a ta pral vini, toujou apre l te fin boukle etid medsin lan, epi li ta pral vizite "Grankay", senkyèm seksyon kominal Kafou, apre konsta l te fin fè nan fason moun yo ap viv melanje ak difikilte pou moun yo jwenn bon Jan swen, li ta pral mete sou pye yon sant sante nan lokalite sila ki ta pral pote non "Sant Sante Geisly Kernizan". E depi lò, Sant Sante a kòmanse resevwa ka ijans, fanm ansent elatriye.
Pou Marc-Edwidge, gen opòtinite menm nan dezespwa ak dekourajman. Li menm pran egzanp yon ti plant k ap grandi ki bezwen reyon solèy la pou l ka devlope. Pandanstan ti plant sila nan mitan kèk gwo wòch ki ta ka anpeche l jwenn ti limyè a (fotosentèz). Imedyatman li jwenn ti reyon limyè, gwo wòch yo paka enpeche l devlope e pote fui. Se vre avni anpil jèn Ayisyen sanble sonb, li ta enspire dezespwa ak dekourajman, men Edwidge konseye n pou n idantifye moun ki gen vizyon e ki pa pè fè gwo miz, fòme ekip nou epi jwenn reyon limyè solèy ki pral pèmèt nou devlope ak reyisi. Pa kite gwo wòch anpeche n soti tèt nou pou bloke devlopman ak reyisit nou. Reyalize pwòp fotosentèz pa w, se mesaj Edwidge pou jèn yo. Vi an pa gen eskiz, mond lan pa bay kobay chans, li enpòtan pou devlope epi reyisi nan tout sa w ap antreprann kòm aktivite. Kwè nan travay an ekip, kite pasyon ak sajès gide n nan chemen epi defini pwòp sous motivasyon n pou n enpakte kominote n ap viv la. Lespri ekip, pa pè pran risk se pami mak fabrik devlopman ki ka ede yon jèn fè siskè nan vi l.
Otè:Pierre Henry CADET/CPH