22/12/2020
Règ la se yon fenomèn nòmal lakay tout fanm . Chak mwa chak fanm ki poko fè menopoz yo gen yon ti emoraji epi santi yo yon jan dwòl fizikman ak emosyonèlman . Chanjman sa yo gen pou wè ak varyasyon òmòn ki responsab règ la . Si pou anpil fanm , pa gen tròp pwoblèm , pou kèk lòt , règ la pa regilye , yo senyen anpil ak gwo doulè ki kapab tradwi kèk problèm sante jinekolojik serye ki kapab nesete entèvansyon yon jinekològ . KISA KI PLIS BA'W PWOBLÈM LÈ'W GEN RÈG ?
Nap envite pou kite komantè 'w yo anba post la oubyen ekri nou an prive pou eseye ede'w konprann epi ede'w jere pwoblèm nan .