AYITI REVIV NET

AYITI REVIV NET Ayiti Reviv Net est une plate-forme dédiée à la vitalité, à l'unité et au progrès en Haïti.

Tablewond Men Nan Men nan Lakou Kanga 3 Ile18 Novanm 2024, Ekip Savalouwe a travè Operasyon Men Nan Men ak Jenès Debout ...
21/11/2024

Tablewond Men Nan Men nan Lakou Kanga 3 Ile

18 Novanm 2024, Ekip Savalouwe a travè Operasyon Men Nan Men ak Jenès Debout te òganize yon tablewond nan Lakou Kanga 3 Ile, malgre kondisyon sekirite ki te difisil nan zòn nan._

Twa ansyen manm Operasyon Men Nan Men te kolabore ak manm Jenès Debou yo ansanm ak sipò ekip nan Biwo Sèvitè a, pou fè evènman sa a yon siksè.

Depi 11:00 nan maten, plizyè patisipan te pran la pawòl pou Operasyon Men Nan Men ak Jenès Debout.

Plizyè lòt jèn nan katye a te patisipe, epi Dr Jean-Jumeau te ranfòse prestij evènman an.

Nan fen tablewond la, òganizatè yo pran angajman pou travay ansanm nan devlopman sosyal, kiltirèl, edikatif, ak Samalodjè pou ranfòse kominote a.

Aktivite yo te klotire ak plantasyon yon mapou kòm senbòl libète pou sele alyans ant Operasyon Men Nan Men ak Jenès Debou.

Zangliyan Lakou a ak Direktè Institut Azagon te patisipe nan plantasyon senbolik sa a, ki make yon etap enpòtan nan inite ak devlopman kominotè.

Komite inisyativ Jenès Debou/Operasyon Men Nan Men.

Ann Selebre 220 Tan Lendepandans Lan , Plante Pye Bwa, Plante Chanjman.
17/04/2024

Ann Selebre 220 Tan Lendepandans Lan ,
Plante Pye Bwa, Plante Chanjman.




06/01/2024
08/12/2023

Jenès La Reklame Eritaj Vétyè Viktwa Libète - 18 Novanm 2023

13/11/2023

Exprimer sa fierté à la commémoration du combat de Vertières.

AYITI REVIV NET1e novanm 2023 - Premye Leson sou Papa GedeYon piblikasyon  Institut d'Ethnologie Appliquée AzagonEntwodi...
01/11/2023

AYITI REVIV NET

1e novanm 2023 - Premye Leson sou Papa Gede

Yon piblikasyon Institut d'Ethnologie Appliquée Azagon

Entwodiksyon

Nan okazyon premye piblikasyon Ayiti Reviv Net pou ribrik "Istwa, Kilti, ak Idantite", nou gen plezi prezante premye pati nan tèks konferans sou la fanmi Gede ki te fèt 1e oktòb 2020 nan Lakou kanga 3 Ile ki di SAVALOUWE.
Konferans silaa te anime pa Saj Atisole Polovigè, yon pwofesè Institut Azagon ki se lekòl vodou nan Lakou Kanga 3 ILE. Misyon Institut Azagon se...

GEDE

Gede se yon gwoup lespri ki gen anpil enpòtans nan lavi moun, paske yo se Lespri ki pi pre les homes. Gede yo divize an 3 nasyon:
1. Gede Nibo
2. Gede Vi
3. Gede Yèwe

Chak nasyon yo gen yon wòl epi chak Gede gen yon misyon espesifik nan nasyon yo. Anvan nou diskite sou fonksyon lespri Gede yo, nou pral bay kèk klarifikasyon jeneral.

Lespri se yon reyalite enfini. Ou kapab reprezante yo tankou reyon kap soti nan “ _source lumineuse_” ki se Dye. Dye se a lafwa sous limyè a epi limyè kap klere a. Nan analoji saa Lespri reprezante reyon kap klere w la. Reyon yo enfini. Se pou sa lòm paka konnen tout lespri tout lwa ki egziste. Gen Lespri ki konkrè, ki manifeste, gen Lespri ki abstrè, ki pa manifeste sou moun. Tout Lespri yo pa oblije gen non. Gen Esprit ki parèt, gen Lespri ki identifye. Espri ki parèt yo sa vle di yo egziste, men yo pa idantifye, sa vle di yo pa nome. Lèzòm pa itilize yo, men yo la.

Gede se youn nan “ apellation des esprits”. “Appellation yo varye” selon kote ou ye a epi selon epòk la. Ou kapab rekonèt yon lespri sou yon non an Ayiti epi yon lòt kote yo rele li yon lòt jan. An nou pran Kaptènn Senbo pa ekzanp, An Ejip yo te rele li Anubis. Legliz katolik rele Gede yo “anges gardiens”.

En jeneral yo rele gede yo Nèg Lakwa yo, Fanmi Lakwa, Nèk dèyè kwa etc. Ou konn tande de non gede tankou : Mazaka LAKWA, Wensou LAKWA, Ti Chal LAKWA, Ti bout Kaka LAKWA Etc. An jeneral yo fè lèzòm pè lakwa paske lèw wè kwa ou wè simityè ou wè lanmò. An reyalite, lakwa siyifi “intersection”. Gede yo se Lespri ki fè “ liaison entre le spirituel et l'homme, entre l'invisible et l'homme” ou kapab di tou “liaison entre l'au delà et l'homme”.

Fason loksidan prezante moun Lespri diferan de fason vodou prezante reyalite envizib saa. Papa Gede yo banou tout enfòmasyon yo aloske loksidan bay yo pa konngout. Loksidan bawou moso nan verite yo. Yo fè nou pè Lespri Petro yo pa ekzanp. Yo fè nou pè tout sa ki gen pou wè avèk lafòs. Yo fè nou pè Lame, yo fè nou pè lapolis. Alòske lafòs se baz ki pèmèt “ le droit” ekziste. Se la fòs ki pèmèt lòd ekziste. Papa Gede yo bay konesans detaye sou Lèspri Petro, ak tout sa ki gen pou wè ak fòs ak otorite. Yo moutre kijan lèspri yo kapab sembolize lòd. Lòd nan lavi moun yo bazen sou fòs.

Fason yo prezante nou gede yo fè nou séparé ak sa ki orijinn nou. Gede se gadyen lavi. Kòm lavi ak lanmò lye, Gede yo se gadyen lamò tou. Vodou di w les hommes fèt nan dlo, gade lè yon ti moun ap fèt li nan likid amiotik la. Vodou di w lanmò se pa lafen. Lèzòm pa viv etènèlman men yo gen posiblite pou yo retounen viv ankò selon ajisman yo sou latè. Lè yo mouri, yap tounen nan orijinn yo, yo pwale anba dlo.

Kifè, lè yon moun mouri, gen bagay yon prêtre ki konnen dwe fè sa poulfè pou akonpaye nanm moun saa nan pasaj lap fè a. Paske Gede se Lespri ki gen rapò ak orijin lavi lè yon moun mouri, lap retounen, lap rankontre ak Lespri ki rele Gede a. Fòk lespri sa yo mennen nou ale pou pèmèt nou soti nan yon plan pou nou travèse nan yon lòt plan.

*Gede Nibo*

Gede Nibo reprezante yon rit ak yon nasyon. Yo se premye nasyon Gede yo nan lavi. Gede Nibo
yo se gadyen kilti ak tradisyon. Yo kenbe memwa tout bagay ki pase epi yo pèmèt nou jwenn tras ki pèdi yo, verite yo. Yo pèmèt nou konnen istwa fanmi nou, orijin nou, ak listwa peyi nou.

A swiv

Vertières 220 ans après : Les Cayes se préparent à honorer leur héritage .Cayes, Haïti - Le dimanche 8 octobre, une réun...
31/10/2023

Vertières 220 ans après : Les Cayes se préparent à honorer leur héritage .

Cayes, Haïti - Le dimanche 8 octobre, une réunion historique s'est tenue à l'initiative de Judex Chalviré, de Smoye Marcelin et de Sœur Marlène de l'École des Sœurs de Sainte-Anne, pour préparer la célébration du 220e anniversaire de la victoire de Vertières.

Le 18 novembre approche à grands pas, et l'appel à l'action résonne dans toute la région des Cayes pour faire de cet événement un moment inoubliable. Le Comité des Cayes, composé de membres dévoués et passionnés, a invité vingt-trois écoles de la région à prendre une part active dans la célébration du 220e anniversaire de la victoire de Vertières.

Chacune des écoles est encouragée à envoyer jusqu'à 4 moniteurs pour une formation du 13 au 20 octobre à l'École des Sœurs de Sainte-Anne à Gabions. De plus, les écoles sont invitées à mobiliser un ou deux pelotons de 36 élèves, offrant ainsi une occasion unique à notre jeunesse de s'immerger dans notre histoire et d'afficher sa fierté pour Haïti.

Du 13 au 15 octobre, une formation de trois jours sera dispensée par des instructeurs de Port-au-Prince, en collaboration avec des stagiaires locaux. Cette formation prépare également les moniteurs pour les communes de Bainet, Anse-à-Pitres et Thiotte, tout en partageant des slogans inspirants pour renforcer le sentiment de fierté des Haïtiens pour leur histoire.

Le point culminant de ces célébrations sera le défilé du 18 novembre. Partant de la Place d'Armes des Cayes à partir de 8h00 AM, nos élèves, arborant fièrement l’uniforme de leurs écoles respectives, défileront avec engagement pour arriver au terrain des Gabions. Là, des discours de circonstance seront prononcés, et des hommages rendus aux héros de Vertières.

Le Comité invite la jeunesse et les anciens à se lever pour honorer et célébrer notre héritage commun, afin d’écrire ensemble le prochain chapitre de notre histoire.

Fondation STO

29/10/2023

Haïti : Renaissance du Patriotisme par l'Éducation

Adresse

17, Rue Patrick Lumumba , Delmas 19
Delmas
HT6120

Heures d'ouverture

Lundi 09:00 - 06:00
Mardi 09:00 - 06:00
Mercredi 09:00 - 06:00
Jeudi 09:00 - 06:00
Vendredi 09:00 - 06:00

Téléphone

+50946502205

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque AYITI REVIV NET publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram