11/10/2020
Vaksinasyon : Se yon pwosesis ki pèmet ou bay yon pasyan yon vaksen ki pral pwotejel kont yon setèn maladi paske vaksen an ranfòse sistèm defans li.
Vaksen : Se enjeksyon nan kò pasyan an yon mikwòb ki kapab viris oubyen bakteri ki pa ka fe moun malad ki li menm pral stimile yon repons nan sistèm defans ko a a ki rele iminite adaptiv ki se yon iminite ke kòa pot ko genyen ki vin kreye. Sistèm iminitè a vin kreye yon fòm memwa pou tip mikwòb saa yon fwa pasyan an ta vin an kontak avèl lap deklanche yon repons rapid e pi efikas ke mikwòb lan. Enjeksyon an konpoze avek anpil molekil spesifik ke yo rele antijèn. Sistem defans kò a reponn lèl pwodwi anbann antikò kont antijèn spesifik yo ke selil spesyal Lenfosit B ak T fè. Se pou sa ke yon vaksen li spesifik pou yon maladi.
Travay prensipal vaksen yo se ede kò a kreye defans pou maladi spesifik ki idantifye, pwodiksyon antikò sa yo diminye toutotan ane ap pase, se sak fe gen vaksen ou oblije repran pouw rete pwoteje kont yon sèten maladi.
Nòmalman se moun ki an sante ki dwe vaksine paske efe advès yo konn de modere a sevè konsa tou yon ki malad sitou maladi kwonik ki desann systèm defans li ka pran vaksen spesifik kont maladi opotinis ki sistèm iminitè li vilnerab ak yo.
Vaksen yo la pou pwoteje tout moun kont maladi kontajye ke moun ka bay moun ou bèt ka bay moun pou evite anpil moun rive pran maladi a e menm mouri. Dapre OMS se yonn nan pi bon envestisman nan sante paske li sove plis ke 2 a 3 milyon moun chak ane nan tout mond lan.
Yon vaksen se yon tip prevansyon ki mande anpil etid nan laboratwa e li divize an plizyè faz preparasyon. Avan yo komanse itlizel sou moun yo fe anpil esè sou zannimo nan laboratwa pou wè komanl reyaji. Anpil moun mal konprann itilite vaksen e fè moun pèl akoz konsepsyon yo, men se yon bon mwayen ki evite anpil Ayisyen ki te konn mouri. Nan peyi ki andevlopman yo gen anpil vaksen ki obligatwa akoz de anpil maladi yo poko janm eradike lakay yo.
Nan ka Kowonaviris gen anpil etid kap fèt pou vini avek yon vaksen apre plis pase 8 mwa etid yo kontinye se pou montre se pa yon bagay jwèt konsa tou pa kite nenpòt moun dekourajew pou bay pititou vaksen nan sans poul pa an danje kont anbann maladi.
Ann kontinye vaksinen timoun yo poun ka evite yo mouri anba maladi tankou lawoujòl, koklich,difteri, tibèkiloz, polyo elatriye selon kaladriye MSPP ki se ministè sante piblik ak popilasyon mete disponib gratis nan tout lopital leta ak dispansè yo.
Dr Claudelson Thébeaud
Médecin