23/10/2025
M aprann tankou nou tout yo arete tatie nou. Onètman, m pat fokis sou sa pandan anpil nan nou ap mande si se yon buzz. Se antan mwen wè nouvèl la sou Guy Wewe, m kòmanse di tèt mwen petèt se vre. Men toujou san okenn santiman. Efektivman gen bagay ki pa fè m ni cho, ni frèt paske yo pa nan kategori koze ki nouri m, ni fè m ri.
Se antan m sou tiktok, yon moun vini mete anba pòs mwen priye pou li, epi m di l non mèsi. Mezanmi! Se atò mwen wè se yon jèn fi l ap menase pou l pibliye pati entim li nan yon live l ap mande l peye l pou l pa lage l.
Kòmsi la tout moun ka konsome sa yo vle, men nou ta vle m pran tan m plenyen, pèdi priyè m pou li.
Te m eksplike n, menm podyab m pa di pou moun ankò, ofèt se pa yon mo m te janm renmen. Yon koze ka fè m tris, afekte somèy mwen, menm konnen nou chak gen destine n. M ka gen konpasyan, anpati men pitye an li ra, m santi son santiman ki rabese moun.
Brèf. Ann tounen sou sijè a, si se pou sa yo di a yo ta arete l, se pa nan pye travay li? Valè jèn fanm k ap viktim la, epi pou yon moun fè sa tounen biznis ou. Paske n sou entènèt, nou gen popilarite nou ka di sa n vle? Paske n konn ap ri nan koze sa fè ke atitid li pa toksik?
Dakò, byen fèt! Antouka ke sa sèvi ni ou mwen ekzanp ke gen de pawòl ki ka koute n trè chè kenpòt stati n nan amerika...