23/07/2025
Enfòmasyon pou Sante Pèp Nou an
---
H. pylori – Yon mikwòb an silans ki ka fè gwo dega
Ki sa H. pylori ye ?
Helicobacter pylori se yon bakteri ki viv nan lestomak. Li reziste ak asid epi li kapab bay anpil maladi si li pa trete.
---
Kijan ou ka trape li ?
Nan manje oswa dlo ki pa pwòp
Lè ou pa lave men apre w sòti twalèt
Lè ou pataje vè, kiyè, kouto ak lòt moun
---
Sentòm ou ka santi
Doulè ak boule nan vant
Gonfle, gaz, move sant nan bouch
Malèz apre manje
Pèt apeti oswa pèdi pwa
Anka, ulser oswa kansè lestomak
---
Kijan yo teste li ?
Tès souf (w ap bwè yon likid epi soufle)
Tès san oswa poupou
Andoskopi (gade andedan lestomak ou)
---
Kijan pou trete H. pylori ?
2 antibyotik + 1 medikaman pou asid
Tretman dire 10 a 14 jou
Pa janm sispann tretman an menm si ou santi w miyò !
---
Kijan pou w pwoteje tèt ou
Lave men souvan
Bwè dlo trete oswa bouyi
Pa manje manje ki pa byen kwit
Kenbe bon ijyèn nan kwizin ak nan kay la