RAAS Empyrea Medical Center

RAAS Empyrea Medical Center RAAS EMPYREA Centre Médical ��
Soins primaires • Urgences • Télémédecine • Analyses ��
Pharmacie

08/05/2026
Chak mwa, ekip  RAAS EMPYREA Medical Center an chita ansanm pou reflechi sou sa ki te mache byen, sa ki dwe amelyore, sa...
06/05/2026

Chak mwa, ekip RAAS EMPYREA Medical Center an chita ansanm pou reflechi sou sa ki te mache byen, sa ki dwe amelyore, sa ki dwe chanje, ak sa nou dwe kontinye fè pou n grandi ansanm. 🤍

30 Mas la te espesyal anpil pou nou, paske li te make fen premye trimès fonksyònman nòmal nou kòm enstitisyon.
Se te yon etap tranzisyon : pandan kèk moun kite ekip la, kèk lòt vin rejwenn nou pou kontinye avanse vizyon an.
Nou te paraje ri, kè kontan, manje...

Nou te pwofite felisite epi onore Miss Louisette PAYEN ki rive klotire estaj li avèk nou.
Nou te selebre tou avèk 8 moun ki tap fete anivèsè yo pandan peryòd la, epi nou te onore ankò anplwaye mwa yo pou travay, disiplin ak angajman yo.

Reviv avèk nou kèk nan moman espesyal sa yo an foto. 📸

Pa bliye abòne ak tout rezo sosyal yo pou rete konekte ak aktivite, sèvis ak evolisyon nou yo. 🤍

Nou ouvri 24/7 pou sèvi nou.
📞 3838-3835 / 3233-5656
📲 Telemedsin : 4159-2024

Pafwa dèyè yon ti rezilta “POSITIF”, gen plizyè lane doulè, kestyon, lapriyè ak espwa… Youn nan pasyan nou yo t ap chèch...
06/05/2026

Pafwa dèyè yon ti rezilta “POSITIF”, gen plizyè lane doulè, kestyon, lapriyè ak espwa…

Youn nan pasyan nou yo t ap chèche fè pitit depi plis pase 10 lane.
Depi mwa Desanm li t ap swiv regilyèman ak ekip RAAS EMPYREA Medical Center… epi yè :

Tès Gwosès li retounen POSITIF.

Nou pa ka dekri emosyon ak lajwa sa pote ni pou li, ni pou ekip nou an.

Sa fè nou sonje enpòtans :
✔️ bon swivi medikal
✔️ disiplin nan tretman
✔️ pasyans
✔️ yon ekip ki pran pasyan yo oserye epi ak kè

Nan RAAS EMPYREA Medical Center, nou kwè chak pasyan gen yon istwa, yon rèv, yon espwa.

RAAS EMPYREA Medical Center — Nou la pou mache avèw nan chak etap lavi a.

🌿 Bon fèt Agrikilti ak Travay! 🌿Nan RAAS EMPYREA Medical Center, nou rekonèt enpòtans travay di ak agrikilti nan lavi ch...
02/05/2026

🌿 Bon fèt Agrikilti ak Travay! 🌿

Nan RAAS EMPYREA Medical Center, nou rekonèt enpòtans travay di ak agrikilti nan lavi chak jou nou. Se gras ak kouraj ak detèminasyon travayè ak kiltivatè yo nou ka viv, manje, epi grandi kòm sosyete.

Jodi a, nou voye yon gwo salitasyon pou tout moun k ap travay tè a ak tout moun k ap batay chak jou pou yon lavi miyò. 💪🏽🌱

✨ Nou swete nou kouraj, siksè ak lasante!
Paske san nou, pa gen lavi.

📍 RAAS EMPYREA Medical Center toujou la pou pran swen sante nou, 24/24, avèk sèvis:
✔️ Konsiltasyon jeneral
✔️ Laboratwa
✔️ Swen ijan
✔️ Swen manman ak timoun
✔️ Telemedsin
✔️ Asirans sante

💚 Sante w, se priyorite nou.

Lè maladi frape… se pa sèlman doulè a ki fè mal.Se lajan an tou.Se kè sere a.Se kestyon: “Kijan m ap fè?”Nan peyi Ayiti ...
23/04/2026

Lè maladi frape… se pa sèlman doulè a ki fè mal.
Se lajan an tou.
Se kè sere a.
Se kestyon: “Kijan m ap fè?”

Nan peyi Ayiti jodi a, anpil moun ap viv sa chak jou…
Yo ret tann, yo pran risk… paske yo pa pare.

Men e si ou te ka pare avan?

Se pou sa nou kreye ASIRANS SANTE QUANTUM ak RAAS EMPYREA

Yon solisyon ki fèt pou pwoteje ou…
pa sèlman lè ou malad, men chak jou.

Imajine sa:
✔️ Ou pa bezwen pè ale lopital ankò
✔️ Ou jwenn konsiltasyon ak swivi GRATIS
✔️ Ou peye mwens pou medikaman ak tès yo
✔️ Fanmi w an sekirite menm lè bagay yo pa fasil

E pi bèl la?
Ou ka kòmanse ak 500 goud pa mwa sèlman
Wi… 500 goud pou lapè nan tèt ou.
500 goud pou sekirite fanmi w.

Pa tann yon ijans pou w reyalize enpòtans lasante.
Desizyon ou pran jodi a ka sove ou demen.

Vin nan RAAS EMPYREA Medical Center pouw enskri kounye a. Fè chwa entelijan an.

Paske sante w… se pa yon opsyon. Se yon priyorite.

ANN APRANN KONNEN EKIP LA – SPESYAL ANIVÈSÈ 🎉Jodi a, nou mete limyè sou yon fanm espesyal nan fanmi nou an…Miss Nadia St...
16/04/2026

ANN APRANN KONNEN EKIP LA – SPESYAL ANIVÈSÈ 🎉

Jodi a, nou mete limyè sou yon fanm espesyal nan fanmi nou an…
Miss Nadia Sterlinne VOLMAR TILUS

Nan RAAS EMPYREA Medical Center, Miss VOLMAR se plis pase yon manm ekip la. Li se yon moun ki pote dousè, disiplin ak sans responsabilite nan tout sa li fè.
Avèk pwofesyonalis li, kapasite li pou kolabore ak respè li pou pasyan yo, li kontribye chak jou pou leve nivo sèvis nou yo.

Miss VOLMAR se yon moun ou ka konte sou li. Li fè travay li avèk seryozite, li respekte prensip yo, epi li toujou pare pou bay pi bon nan li menm.
Li fasil pou travay ak li. Li pote lapè, li ankouraje kolaborasyon, epi li konprann enpòtans travay an ekip pou bay bon rezilta.
Dèyè tout sa, se yon moun ki gen kè, ki konn pran swen lòt yo, epi ki fè diferans lan nan detay yo.

Nan okazyon anivèsè li jodi a, nou menm nan RAAS EMPYREA Medical Center, nou vle di:

Notre Miss VOLMAR, nou fyè dèske ou fè pati ekip la!
Nou swete ou anpil siksè, sante, lajwa ak pwogrè nan lavi pèsonèl ak pwofesyonèl ou.
Ke Bondye kontinye beni ou, gide ou, epi louvri plis pòt pou ou chak jou.

Mèsi pou angajman ou. Mèsi paske ou se ou menm.

Ann swete li ansanm yon BON ANIVÈSÈ! 🎉🎂

15/04/2026

41592024

Adresse

#13 Route De Cyvadier
Jacmel
HT9110

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque RAAS Empyrea Medical Center publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager

Type