Site Medikal

Site Medikal Objektif nou se edike, sansibilize epi mete lasante pi pre tout moun.
(6)

SITE MEDIKAL se yon platfòm medikal ki angaje nan domèn lasante, ki la pou pataje konesans medikal, bay bon jan enfòmasyon sou maladi, prevansyon, ak tout sa ki gen rapò ak swen sante.

● Oktòb se mwa ki la pou lite kont kansè nan tete. Objektif mwa sila se sansibilize fanm yo epi envite yo al fè depistaj...
01/10/2025

● Oktòb se mwa ki la pou lite kont kansè nan tete. Objektif mwa sila se sansibilize fanm yo epi envite yo al fè depistaj. Depistaj la kapab ede diminye nan kantite lanmò kansè sila lakoz chak ane. Lè yo dekouvri maladi a bonè, sa ogmante chans pou moun nan geri epi li pèmèt yo evite tretman ki lou, ki agresif e ki kapab kite plis mak sou kò yo. Kansè nan tete se youn nan kansè ki touye plis moun nan mond lan.

● Kansè nan tete pa fè diferans ant jèn ak granmoun, ant rich oswa pòv. Li ka frape nenpòt moun, nenpòt lè.

● Ann ankouraje fanm yo pou yo al fè depistaj regilyèman. Ann ankouraje yo fè otopalpasyon.

● Se pa yon batay pou fanm yo sèlman. Nou tout konsène. Gason, nou ka pote sipò nou, nou ka ankouraje fanm yo, nou ka tande yo, nou ka akonpaye yo. Se ansanm nou pi fò.

Sonje pataje mesaj la pou l ka rive pilwen





fans

➖➖➖➖➖➖➖➖➖➖● Fyèv tifoyid se yon maladi moun trape akoz yon bakteri ki rele "     ", maladi sila transmèt soti nan   pou ...
06/09/2025

➖➖➖➖➖➖➖➖➖➖
● Fyèv tifoyid se yon maladi moun trape akoz yon bakteri ki rele " ", maladi sila transmèt soti nan pou ale nan (féco-orale) bakteri ki soti nan poupou moun ki enfekte yo ka kontamine dlo ak manje nap konsome yo epi ba nou fyèv tifoyid si kondisyon ijyèn yo pa respekte.

● Bakteri sila souvan prezan nan san, nan poupou oubyen tib dijestif moun ki atrape l yo. Pami sentom fyèv tifoyid ka bay yo, nou jwenn: fyèv, fatig, tèt fèmal, vomisman, vant fèmal, konstipasyon oubyen dyare. konplikasyon fyèv tifoyid yo ka grav epi menm lakoz lanmò.

● Men kèk prevansyon nou kapab pran : Toujou lave men nou ak savon epi ak dlo pwòp sitou lè n soti nan twalèt, avan n manje, toujou lave legim ak fwi yo, konsome dlo ki trete, byen kwit manje nap konsome yo, toujou netwaye epi dezenfekte kote nap prepare manje yo.

● Li enpòtan pou n ale lopital pou n ka limite dega yo epi jwenn tretman ki adapte.


______________________________

Sonje swiv chèn nan pou plis enfòmasyon sou lasante epi pataje piblikasyon an, mèsi.🙏

Wi,    #(SIDA) se yon viris ki atake sistèm iminitè a, Yon moun ki gen viris la ka enfekte lòt moun nan plizyè fason. An...
03/09/2025

Wi, #(SIDA) se yon viris ki atake sistèm iminitè a, Yon moun ki gen viris la ka enfekte lòt moun nan plizyè fason. Anpil moun panse se sèlman lè san de moun melanje ou ka trape l, men an reyalite, gen plizyè lòt likid nan kò a ki ka pote viris la, tankou:

● Espèm (li ka pase pandan rapò seksyèl san pwoteksyon)
● Sekresyon vajinal (menm jan ak espèm, pandan rapò seksyèl)
● Lèt manman (yon manman enfekte ka transmèt viris la bay tibebe pandan lap bay tete)
● San (lè ou itilize materyèl medikal kontamine, elatriye. )
● Sekresyon anòrektal (ki prezan nan kontak seksyèl a**l).
_____________________________
Men kèk konsèy pou evite kontaminasyon ak VIH :

1. Sèvi ak kapòt (prezèvatif), chak fwa w gen rapò seksyèl, kit li se oral, vaginal oswa a**l.
2. Fè tès VIH regilyèman, espesyalman si ou aktif seksyèlman ak plizyè patnè.
3. Pran prekosyon ak san ak materyèl medikal, pa itilize zegwi oswa lam lòt moun deja itilize.
4. Fè tès avan akonpaye patnè w, sitou si se yon nouvo relasyon.
5. Edike tèt ou ak lòt moun, sou fason VIH gaye ak fason pou prevni li.
6. Fè swivi medikal si w ekspoze ak risk, gen medikaman prevantif tankou PrEP ki ka ede.
7. Evite transfizyon san ki pa teste (sitou nan zòn kote sa ka posib).
8. Pou manman ansent ki VIH pozitif, pran medikaman ki redui risk transmisyon bay tibebe a.
9. Lè gen aksidan ak san, toujou netwaye ak gan epi sèvi ak solisyon dezenfektan.
10. Evite pataje objè pèsonèl ki ka blese : razwa, sizo, zegwi, elatriye.


fans
______________________________

Sonje swiv chèn nan pou plis enfòmasyon sou lasante epi pataje piblikasyon an, mèsi.🙏

● Lèw konsome twòp sèl oubyen yon pwodui ki rich ak "sodium" prensipal efè li kapab fè sou sante w se ba ou tansyon wo k...
29/08/2025

● Lèw konsome twòp sèl oubyen yon pwodui ki rich ak "sodium" prensipal efè li kapab fè sou sante w se ba ou tansyon wo ki kapab ogmante risk pou ba ou lòt maladi, tankou : maladi kè, kansè nan estoma, obezite, maladi nan ren, elatriye.

● Kò a bezwen sèl pou l fonksyone, men lè w konsome twòp, li ka tounen yon danje pou lavi w.

● Se poutèt sa li enpòtan pou w adopte bon abitid nan fason wap konsome manje ak lòt pwodui yo, li toujou bon pou w kontwole kantite sèl wap konsome chak jou.

fans
______________________________
Swiv chèn nan pou plis enfòmasyon sou lasante epi pataje piblikasyon an.🙏

■■■■■■■■■■■■■■■■■● Pratike egzèsis fizik se youn nan pi bon medikaman natirèl ki egziste, paske li kapab ede w kenbe kò ...
28/08/2025

■■■■■■■■■■■■■■■■■
● Pratike egzèsis fizik se youn nan pi bon medikaman natirèl ki egziste, paske li kapab ede w kenbe kò w an sante, li kapab redwi risk pou w fè maladi kè, tansyon wo. Anplis, li kapab ranfòse sistèm iminitè w (defans), li kapab ede w amelyore sante mantal ou, li kapab ede w konbat estrès ak depresyon, elatriye.
● Pratike egzèsis fizik regilyèman, se envèsti nan sante w pou jodi a ak demen.
______________________________
Swiv chèn nan pou plis enfòmasyon sou lasante epi pataje piblikasyon an. 🙏



fans

De 0 a 5000 abòne...  ----------------------------------------------------------● 5000 mèsi pou chak grenn nan nou, chak...
19/08/2025

De 0 a 5000 abòne...
----------------------------------------------------------
● 5000 mèsi pou chak grenn nan nou, chak abòne se tankou yon batman kè ki soutni lavi platfòm Site Medikal la pou l rete anvi.
---------------------------------------------------------
● Yon sèl mo pou ou se : . Site Medikal se pa sèlman yon platfòm, men se yon fanmi, yon kominote kap grandi.
●Chak pataj ou fè, chak lekti ou fè, se pa ti kontribisyon ou bay nan prevansyon ak edikasyon sou koze lasante. Ou ba nou 5000 rezon pou n travay plis chak jou.
Konya Ann vanse pou 10K

Klike sou lien sa pou w ka swiv nou sou chaîne whatsapp nou an.
https://whatsapp.com/channel/0029VazXV1YEquiI4wCxDa35






fans
@

 fans
17/06/2025

fans

BWÈ DLO REGILYÈMAN, MENM SI OU PA SWAF. fans  Site Medikal
11/06/2025

BWÈ DLO REGILYÈMAN, MENM SI OU PA SWAF.
fans

Site Medikal

Dans le nom de l’équipe de SITE MEDIKAL, nous souhaitons une joyeuse Fête du Drapeau à tout le peuple haïtien, en ce 18 ...
18/05/2025

Dans le nom de l’équipe de SITE MEDIKAL, nous souhaitons une joyeuse Fête du Drapeau à tout le peuple haïtien, en ce 18 mai 2025.

Ce drapeau cousu avec bravoure, dans l’union et le sang versé de nos ancêtres, continue de flotter comme un rappel de notre force collective. Il nous appelle à la responsabilité, à la solidarité, et à l’espoir pour une Haïti meilleure.

Puisse cette journée être une source de motivation pour nous engager chaque jour davantage dans le développement, la santé et le bien-être de notre peuple.

L'Union fait la force.
Bonne fête du Drapeau.
Bon dimanche.



Ayiti

fans
Site Medikal

Journée internationale des infirmières – 12 Mai 2025, Au nom de toute l’équipe SITE MEDIKALEn ce jour spécial, SITE MEDI...
12/05/2025

Journée internationale des infirmières – 12 Mai 2025, Au nom de toute l’équipe SITE MEDIKAL

En ce jour spécial, SITE MEDIKAL rend hommage à toutes les infirmières et infirmiers, Ces piliers silencieux du soin, ces âmes fortes au cœur dévoué et sincère.

Chaque geste qu’ils posent est une preuve d’amour, Chaque présence, un rayon d’espoir dans nos jours les plus lourds.

Ils soignent bien plus que le corps : ils réconfortent, écoutent, et accompagnent, Même dans l’ombre, leur lumière éclaire l’humanité sans faille.

À vous, héros du quotidien, nous disons merci. Votre travail est noble, votre vocation infinie.






fans

Site Medikal

Lè w toujou lave men w li ede w proteje tèt ou epi sa ka pèmèt ou pwoteje lòt moun tou.✋🤚    @ fansSSite Medikal Si w re...
05/05/2025

Lè w toujou lave men w li ede w proteje tèt ou epi sa ka pèmèt ou pwoteje lòt moun tou.
✋🤚




@ fans
SSite Medikal

Si w renmen travay la : REYAJI, ABÒNE ak chèn nan 🔥 epi PATAJE L pou lòt moun ka wèl.

PRAN 15 A 20 MINIT SOLÈY PA JOU, SITOU NAN MATEN ANVAN 11 ZÈ...🌞      @ fansSSite Medikal Si w renmen travay la :  LIKE,...
24/04/2025

PRAN 15 A 20 MINIT SOLÈY PA JOU, SITOU NAN MATEN ANVAN 11 ZÈ...🌞



@ fans
SSite Medikal

Si w renmen travay la : LIKE, ABÒNE ak paj la 🔥 epi PATAJE L pou lòt moun ka wèl.

Adresse

Jeremie

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Site Medikal publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram

Type