18/10/2023
Très important
Sa son ren ki chaje pyè sa nou rele "pyè nan ren" men ki manje yon moun ki gen pyè nan ren pa dwe manje pataje tèks sa pou plis moun jwenn konesans
Map profite de okazyon sa poum pale nou de pyè nan ren, m konn anpil kesyon ap poze sou li, kom:Eske se vre li ka fè moun paka fè pitit? Eske tout doulè nan senti se pyè nan ren? Eske gen manje ki favorizel?anpil kesyon...
Anpil fwa nou tande moun gen gwo senti fè mal ap tòde a doulè , nou tande yo di yo gen pyè nan ren ,doktè voye yo bwè anpil dlo, men kisa sa vle di ,Nou pale de pyè nan ren se lè gen yon pakèt ti kristo(kalkil) ke yo pa konn wòl yo ki devlope nan ren an,ti kristo sa yo konn kite ren an pi lè yap desann nan vwa irinè an yo blokel
Sa atenn 5 a 10 % moun ant 20 a 60 an nan popilasyon mondyal la sa ki anpil , yo jwenn li 3 fwa lakay gason ke fi
Men karakteristik kèk kalkil:
-gen sa ki se "phosphate de calcium" yo gen koulè krèm tay yo varye
- gen "oxalate de calcium monohydraté "ki brun" e tay yo piti se yo ki pi frekan nou plis jwenn yo plis lakay gason
-Gen "oxalate de calcium di hydraté " yo jòn yo gen aspè tankou egwi, tay yo piti
-Gen "phosphate amoniaco-magnesien" yo mwen frekan, yo jòn fòm yo varye
-Gen "cystine" yo jòn klè, lis, yo anpil ,tay yo varye
Faktè ki ka mennen a pyè nan ren se :
Saw manje tankou:
-Twòp Lèt
-Twòp sèl
-Twòp "proteyin animal" sa nou jwenn anpil lakay mesye dam kap leve fè yo ki pap bwè anpil dlo e kap pran sipleman rich an proteyin
- manje ki rich an oxalate tankou chokola, fwi sèk, epina, te etc...
Moun ki pa manje manje ki rich an fibre tankou fig
-Moun ki pa bwè ase dlo
- Faktè familyal
Ou gen 40% chans detekte yon pyè nan ren lakay Plizyè moun nan yon fanmi
-yon enfeksyon irinè
Gen jèm tankou Proteus mirabilis, Klebsielle etc...yo prodwi yon anzim ki se "urease" kap degrade "urée " a ki li menm ki se yon konpozan chimik ki jwe yon wòl nan ekskresyon azote la ki se yon konpoze enpotan nan proteyin yo lè bakteri sa yo degrade "urée "a sa ki bay yon matris proteyik pi sèl mineral yo pral jwenn avèl pou yo fòme kalkil
Sa depann tou de PH irin nan :
-Si PH la asid sa favorize
fòmasyon kalkil "cystine" "oxalate de calcium "
-Si PH la bazik sa favorize fòmasyon kalkil "phosphate de calcium " phosphate amoniaco-magnesien "
-Nan 1% ka gen medikaman ki ka mennen a yon pyè nan ren tankou" indinavir"
Youn nan bagay wap genyen lèw gen pyè nan ren se sa yo rele "colique néphretique" se yon gwo doulè wap santi souvan nan dow ,nan yo bò ren, ki brital, ki pa gen okenn pozisyon ki ka kalme l, doulè sa konn iradye nan yon testikil lakay gason pi yo bò lèv lakay fi an, doulè souvan se lè kalkil yo ap migre ou plis santi yo
Li ka deklannche nan:
-yon vwayaj
-Lèw ap efò
-Lèw ap fè spò
-Lèl fè cho
-Lèw pa bwè ase dlo
Doulè sa ka akonpanye:
-de vomisman
-de noze
-Raman de sa yo rele" pollakiurie" kote moun nan ap plede al p**i lèl p**i li bay yon ti tak p**i
- kanal brile
-li konn menm wè san nan p**i a
Sak konn rive obtak sa ka bloke pasaj irin nan vin bay sa yo rele "hydronephrose"kote tout irin nan ret gonfle anlè gen jèm ki pral miltipliye e sa ki ka abouti a sa yo rele "pyelonephrite " kote ren an enfekte
lè w nan stad sa anplis de doulè moun moun nan ka gen:
- fyèv
-frison
Yon pyè nan ren ka mennen a yon ensifizans renal ( map gen poum pale nou de ensifizans renal )pyès moun pa ta renmen fini nan dyaliz
Yon fanm ki ansent nan 3 eme trimès ki gen pyè nan ren pa kitel al pran medikaman doulè nan klas AINS tankou ibiprofèn etc...pa janm kite fi ansent pran medikaman san avi medsen
Prevansyon ou ka fè:
-Limite sèl nou ,lap tou itil nou pou lite kont tansyon
-Limite lèt a Tout pwodwi letye
-Limite konsomasyon fwi sèk
-Limite konsomasyon epina, kresyon , chokola
-Bwè anpil dlo sin ap pran sipleman ki rich oubyen aliman ki rich an proteyin
-Limite manje ki riche en "purine" tankou somon, aran etc...
Nb:M pa li okenn kote kote yo di pyè nan ren anpeche moun fè pitit nou tap poze M kesyon sa anpil
M te kontan pale nou de pyè nan ren m ta renmen nou fè lot moun jwenn limyè tou
Like & pataje
Tag yon moun li avèw
Norbrun Kerry Care-ry