Clinique du Cancer Saint Pérégrin

Clinique du Cancer Saint Pérégrin Clinique spécialisée dans le traitement médical et chirurgical des cancers. Fondée le 2 août 2025. Sise à l'Hôpital CaraMed, Bourjolly 2 # 7, Les Cayes, Haïti.

Jodi a se 4 fevriye, jounen mondyal kont kansèChak ane, jounen sa pèmèt sansibilize tout moun alawonnbadè sou maladi sa ...
04/02/2026

Jodi a se 4 fevriye, jounen mondyal kont kansè
Chak ane, jounen sa pèmèt sansibilize tout moun alawonnbadè sou maladi sa e raple ki ravaj l ap fè nan lemonn.
Ajans Entènasyonal ki ap fè Rechèch sou Kansè (IARC) rapòte an 2022 ta gen plis pase 13000 moun ki gen kanse chak ane an Ayiti, ak plis pase 9000 moun ki ta mouri anba li chak ane. Plis pase 23000 moun ta ap viv ak kansè an Ayiti. Kidonk, chif yo ogmante pa rapò a sa 2020 yo.
Depi láne pase, Union Internationale Contre le Cancer (UICC) soti yon nouvo tèm ki se « United by Unique ». Sa vle di : « Sa ki ini nou an inik ». An verite, kansè se yon maladi ki inik, paske malgre tout jefò lasyans pou jwenn bout li, li kontinye ap fè ravaj epi mete dlo nan zye anpil fanmi.
Depi 22 septanm 2025, MSPP mete sou pye yon Pwogram Nasyonal Kansè (PNK) pou goumen kont maladi sa an Ayiti. Leta ayisyen finalman admèt kansè kòm yon pwoblèm sante piblik sou teritwa a. PNK dwe monte san pèdi tan yon plan nasyonal kont kansè sou yon peryòd 5 láne, epi mete li an aplikasyon SOU TOUT TERITWA A. Plan sa dwe plis chita sou sansibilizasyon, edikasyon popilasyon an, depistaj ak prevansyon. Lè sa kantite ka kansè yo ap desann oubyen n ap dekouvri yo pi bonè.
Annou ini nou pou nou kwape kansè, maladi inik sa, an Ayiti !


Ministère de la Santé Publique et de la Population GSCC FHACI Télé Caramel Health Equity International Haiti Health Ministries C3G Centre de Traitement du Cancer et de Chirurgie Générale UICC - Union for International Cancer Control CDC Cancer Hope for Haiti The Max Foundation

En mode janvier vert !Pwoteje sante ou !Al fè tès depistaj pou kansè kòl matris!Ak kansè, pi bonè se gran maten!        ...
30/01/2026

En mode janvier vert !

Pwoteje sante ou !
Al fè tès depistaj pou kansè kòl matris!
Ak kansè, pi bonè se gran maten!

21/01/2026

Mwa janvye se mwa sansibilizasyon sou Kansè nan Kòl Matris , yon maladi nou ka evite si nou depiste l bonè.
Pwoteje sante ou ! Al fè tès depistaj kansè kòl matris la jodi a !



Ministère de la Santé Publique et de la Population GSCC Hope for Haiti Haiti Health Ministries C3G Centre de Traitement du Cancer et de Chirurgie Générale Health Equity International GIPA Network Haiti Télé Caramel CDC FHACI

Sante ou se pi gwo richès ou, Pwoteje tèt ou, se renmen tèt ou! Kansè kòl matris se yon maladi nou ka evite si nou depis...
03/01/2026

Sante ou se pi gwo richès ou, Pwoteje tèt ou, se renmen tèt ou!

Kansè kòl matris se yon maladi nou ka evite si nou depiste l bonè. Pa tann li twò ta, pran devan, al fè tès depistaj ou!



Ministère de la Santé Publique et de la Population Ministère à la Condition Feminine et aux Droits des Femmes C3G Centre de Traitement du Cancer et de Chirurgie Générale Clinique du Cancer Saint Pérégrin GSCC Haiti Health Ministries Health Equity International GIPA Network Haiti Hope for Haiti Télé Caramel

Les cliniques du cancer Saint François de Sales et Saint Pérégrin vous souhaitent une bonne et heureuse année 2026 !Klin...
01/01/2026

Les cliniques du cancer Saint François de Sales et Saint Pérégrin vous souhaitent une bonne et heureuse année 2026 !
Klinik kansè Sen Franswa Sal ak Sen Peregren ap swete ou yon bon ane 2026!

La Clinique du Cancer Saint Pérégrin vous souhaite un Joyeux Noël!Klinik Kansè Sen Peregren ap swete ou yon Jwaye Nwèl!M...
25/12/2025

La Clinique du Cancer Saint Pérégrin vous souhaite un Joyeux Noël!
Klinik Kansè Sen Peregren ap swete ou yon Jwaye Nwèl!

Ministère de la Santé Publique et de la Population Haiti Health Ministries C3G Centre de Traitement du Cancer et de Chirurgie Générale Hope for Haiti Health Equity International GIPA Network Haiti OPS/OMS Haïti FHACI CDC Saint François de Sales de Turgeau GSCC

La Clinique du Cancer Saint Pérégrin vous souhaite un Joyeux Noël !Klinik Kansè Sen Peregren ap swete ou yon Jwaye Nwèl!
24/12/2025

La Clinique du Cancer Saint Pérégrin vous souhaite un Joyeux Noël !
Klinik Kansè Sen Peregren ap swete ou yon Jwaye Nwèl!

Appel à candidature pour un poste d'infirmière.
23/12/2025

Appel à candidature pour un poste d'infirmière.

Jodi a se 1e desanm, jounen mondyal lit kont SIDA. Eske ou konnen ?Moun ki ap viv ak viris SIDA (VIH) nan san yo gen pli...
01/12/2025

Jodi a se 1e desanm, jounen mondyal lit kont SIDA.
Eske ou konnen ?
Moun ki ap viv ak viris SIDA (VIH) nan san yo gen plis risk pou devlope kansè pase moun ki pa genyen VIH. Pa egzanp, fanm ki sewopozitif gen omwen 6 fwa plis risk pou devlope kanse kòl matris pase sa ki pa enfekte yo.
Anplis, kansè kay moun ki ap viv ak VIH (MVVIH) yo evolye pi vit e pi difisil pou trete.
Kansè yo plis jwenn kay MVVIH yo an Ayiti se kansè kòl matris, kansè tete, kansè tèt ak kou ak lenfom (kansè nan glann). Men yo ka devlope nenpòt ki kansè.
Si ou ap viv ak VIH nan san ou, fòk ou al konsilte doktè pou mande fè depistaj kansè pou ou.
Si ou gen kansè, fòk ou pa neglije :
- Pran medikaman pou VIH la (ARV yo) chak jou ;
- Swiv tretman pou kansè ou kòmsadwa nan yon sant ou lopital ki espesyalize nan sa.
Fòk leta ayisyen ajoute depitaj kansè nan swen li ap ofri moun ki ap viv ak VIH nan san yo.

Annou depiste kansè bonè pou moun ki ap viv ak viris SIDA nan san yo !

Adresse

Bourjolly 2 #7
Les Cayes

Heures d'ouverture

Lundi 08:00 - 15:30
Mardi 08:00 - 15:30
Mercredi 08:00 - 15:30
Jeudi 08:00 - 15:30
Vendredi 08:00 - 15:30

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Clinique du Cancer Saint Pérégrin publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram

Type