26/11/2025
25 novembre 2025
Pou make jounnen entènasyonal pou eliminasyon vyolans sou fanm Jodi a,sou Campus Henry Christophe de Limonade, SOSPSYHA te Mache ak tout fòs li pou voye yon mesaj ki pa ka inyore.
Yon mesaj ki depase pawòl, ki antre nan kè, ki fè nou reflechi sou lavi, sou respè, sou valè chak moun.
Paske vyolans pa yon erè, se pa yon aksidan…
Li se yon menas k ap rache diyite moun, k ap kraze rèv, k ap fè jenerasyon pèdi konfyans nan tèt yo.
E jodi a, nou di sa avèk tout kouraj nou:
NON ak vyolans sou tifi.
Paske chak timoun merite grandi san krent, san kache, san laperèz.
NON ak vyolans sou fanm.
Paske fanm yo se poto mitan, poto fòs; yo pa dwe pote chay vyolans, ni chay kout baton, chay imilyasyon.
NON ak vyolans nan tout fòm li:
fizik, seksyèl, s*kolojik, ekonomik, moral.
Vyolans pa yon zouti.
Vyolans pa yon fason pou kominike.
Vyolans pa lanmou
Se pa yon solisyon.
Li se pwoblèm.
Jodi a, nou leve vwa nou pou tout moun ki silans yo te fòse
pou tout moun ki pa jwenn lajistis
pou tout moun ki pè pale
pou tout moun k ap soufri nan silans.
SOSPSYHA kanpe pou diyite.
Nou kanpe pou sekirite.
Nou kanpe pou lapè.
E mesaj nou senp, klè, pa ka konfonn:
Pou tout fòm vyolans zéro tolerans
Nenpòt kote.
Sou nenpòt moun.
Nan nenpòt s*konstans.
Se ansanm nou ka brize chenn ak kraze s*k vyolans lan.
Se ansanm nou ka chanje istwa.
Se ansanm nou ka bati yon sosyete ki pi jis, ki pi bon, ki pi an sekirite.
E jodi a, nou kòmanse la.
Nan mitan jenès la,
Sou Campus Henry Christophe Limonade la.
✊🧡