16/06/2025
Yon 25kyèm sou siy Rekonesans
10 jen 2000-10 jen 2025. Sa fè yon ka syèk, sa fè 25 lane ekzistans Jido Klèb Femina.
Kòdinasyon FEMINA MULTISPORTS nan premye tan te deside selebre 25kyèm nan sou siy ZANMITAY ak FRATÈNITE ak patisipasyon Reprezantan tout Klèb jido nan Nò-Nòdès pou fasilite rapwochman, ranfòsman ak konsolidasyon relasyon anndan fanmiy lan.
Malerezman mank aplikasyon PKK/ Planifikasyon -Kominikasyon-Kòdinasyon te oblije nou anile pwogram nan.
Se samdi 14 la Selebrasyon 25kyèm nan fèt ''sans tambours ni trompettes'', ''sans bombance ni ripaille'' .
Tan fò aktivite a apre priyè, 1e kouplè im nasyonal, mo espesyal SG Olga ak Konsèy Jiridik Kòdinasyon an Jij Audain Michel :
1-istorik ak bilan 25 lane Jido Klèb Femina ak Kòdonatè-Pastè-Doktè RJP
2- Pasasyon grad pou 5kyèm kyu, 4triyèm kyu ak yon 3zyèm kyu
3-Temwayaj ansyen Atlèt Bastien Bien-Aime, Maslin Valestin, Levelt Michel ak Lily Nere
4-Remiz Sètifika Rekonesans bay Mèt Daniel Petit-Frère ki se premye lokatè benevòl nan orijin Klèb la anndan Kolèj La Bienveillance, bay Kotch John Joseph; Sètifika pèseverans bay Atlèt feminen Evelyne Cherubin ki pase ekzamen pou senti vèt 3zyèm kyu.
5-Mesaj espesyal Mèt Daniel pou jèn yo.
Nap siyale disponibilite pou remiz adomisil 3 lòt Sètifika Rekonesans bay Sensei Josue Chèrenfant, Gluck Theophile ak Shihan Antonio Pierre-Felix.
Pou memwa nap prezante 12 nouvo grade yo:
-1 Senti vèt Evelyne Cherubin
-4 senti oranj : Yvenel Alphonse, Mackendy René, Mackenley René, Sandy Noca
-7 senti jòn : Chrisnaylin Joseph,Guerlin Princivil, Jessy Tassy, Rosny Timothee, Kinderly Océan, Jeandelin Milien, Dukely Guerrier.
Se te vrèman yon bèl 25kyèm rich an kalite menmsi li te pòv an kantite envite. Li te dire anviwon 3zè tan.
Nap remèsye Reyalizatè Richardson Ulysse pou akonpayman teknik li.
Nap remèsye e felisite anmenmtan ''Narly Pierre ak IZ's Art event 500'' pou bèl dekorasyon an.
Nap remèsye e felisite anmenmtan Ekip ''R-Oldana ak Cuisiner autrement'' pou kalite kolasyon an.
Olga Marcelin
SG Femina Multisports
Limonad
15 jen 2025