Doc MaudExi

Doc MaudExi Votre santé avant tout!

Jodia se jounen mondyal lasante.OMS ( ki se Òganizasyon Mondyal Sante) defini sante a konsa; "La santé est un état de co...
11/02/2023

Jodia se jounen mondyal lasante.

OMS ( ki se Òganizasyon Mondyal Sante) defini sante a konsa;
"La santé est un état de complet bien -être physique ,mental et social et ne consiste pas seulement en une asbence de maladie ou d'infirmité."

Donk eske nou ka di nou an sante?
Menm si fizikman nou parèt anfòm nap mache, eske mantalman ak sosyalman nou bon?
Vin nou pale ; èske nou an sante an Ayiti?

24/01/2023

Jodia nou pral pale de orgelet
Pataje tèks la pou plis moun jwenn konesans.

Orgelet, an kreyol " klou nan je"

Kisal ye
Se yon enfeksyon nan plim je a oubyen ti gland sebase ki nan po zye a .Pi souvan se yon bakteri ki rele Staphilocoque ki koz li.

Se menm bagay ak ti "furoncle" ( bouton) ou konn gen sou po'w.

Kiyès ki ka pranl?
Se yon maladi ki ka rive kay tout moun. Men ou plis jwenn ni kay moun ki fè s*k, moun sistèm defans kò yo fèb.

Kisaw ap santi lèw genyenl?
Dabò se yon ti bouton nan bò je a ,li ka nan yon plim je pafwa, lap rouj ,lap vin fè pi e bay gwo doulè.

Kisaw ka fè pou sa?
Pa frote ,ni grate je a, pa mete men sa'l ladanl pou'l pa plis agrave, pa vide lèt ladanl ,ni pase bag.
Sa yo pa bon pratik .
Al wè doktè ,pou yo drenel ,retire pu a e baw medikaman apropriye pou sa.

NB: pafwa konn gen lòt ti boul nan je a tou ,ki konn nan mitan po je a , yo dire anpil e yo pa twò fè mal. Bouton sa li menm rele chalazion, kèk fwa malgre w pran medikaman li pa soti ,li pa vin mi,ni fè pi. se operasyon pouw fè ,( se yon chalazion).

pa konfonn Orgelet ak Chalazion.

04/01/2023

Nap swete nou tout yon bòn ane.
Bon konba , pa bliye pran swen tèt nou, pa neglije sante a , al wè doktè pi souvan.
Manje mwens s*kre, mwens sale, mwens gra.

Pafwa ou konn al fè yon egzamen kè ki rele ECG ,epi rezilta revele ke: " kè'w  anfle" .Kisa sa vle di ?Jodia nou pral pa...
22/09/2022

Pafwa ou konn al fè yon egzamen kè ki rele ECG ,epi rezilta revele ke: " kè'w anfle" .
Kisa sa vle di ?
Jodia nou pral pale de sa
Pataje tèks la pou plis moun jwenn konesans.

Kè anfle a, nan langaj medikal nou relel: Hypertrophie du ventricule gauche , paske pi souvan se vantrikul Goch ( VG)la ki konn anfle ,li vin epè nan fòse travay pou konbat yon obstak.
Nou jwenn ka sa trè souvan kay moun ki fè tansyon .
Depi moun nan soufri maladi tansyon lontan, epi li pa byen pran medikaman yo ,tansyon an toujou wo , enben kè'l ka vin anfle.

Nou konnen kè a gen kat pati ou chanm ; 2 anwo ki se oreillette droite ak oreillette gauche. 2 anba ki se ventricule Droit ak ventricule goch .
oubyen li ka 2 a goch,2 a dwat . Chak sa yo kominike ant yo pa yon pòt ( valve cardiaque).

Lè kè a anfle a se pi souvan ventricule gauche ( VG) la ki vin gwo ,li vin pi epè.

Kisa ki koz ke vantrikil goch(VG) la vin anfle apre tansyon?
"Ventricule gauche" se yon pati nan kè a ki jwe yon gwo wol; li ponpe san ki sot nan kè a voye deyò pou voye bay tout rès kò a .
San sa sot nan VG la ,li pase pa yon pòt ki rele "valve aortique" li antre nan Aorte la (Aorte, se yon gwo "artère" ,yon sòt tiyo kap pran san nan kè a e distribiyel bay kò a).
Donk si pou yon rezon ou yon lòt gen yon blokaj ki koz san pa byen ka sòti nan VG la , sa ka rann li vin anfle( hypertrophié) .
Nan fóse travay ou konbat yon rezistans li vin anfle par ex; lèw gen problèm valve aortique ( stenose ) ; pòt ki nan Aorte la ki pou ouvri pou san ki sot nan VG la pase a ret fèmen,donk se yon obstak. Lèw gen tansyon wo nan poumon( hta pulmonaire), ak lot problèm nan oreillette gauche.
Lèw ansent tou sa ka rive.
Sa ka rive kay moun kap fé spò anpil,gwo atlèt yo ka gen yon hypertrophie du ventricule gauche, men ki pa grav pa bliye kè a se yon " muscle" e lèw ap fè spò se tout muscle ki nan kò a kap travay.

Kisaw ka santi lè kè a anfle?
Souf kout,palpitasyon( ou santi kèw kap bat,nòmalman w pa dwe santil,vètij,fatig etc..

Lèw santi sentom sa yo ,se al lopital touswit, se yon 'interniste" pouw wè oubyen yon "cardiologue"

Ki egzamen kap pèmèt ou wè sa?.
Premye egzanmen an se yon ECG kap pèmèt yo fè diagnostik lan. Epi apre yo ka fè tou yon Echo coeur( sonografi kè).

ECG( electrocardiogramme)
Se yon egzanmen ki pèmèt ou wè aktivite elektrik kè .
Siw gen yon kriz kadyak ,si kè a anfle , si kè a ap bat iregilyèman ,egzanmen ECG a ap pèmèt ou wè sa.

Jodia nou pral pale de korosòl .Pataje tèks la pou plis moun jwenn konesans.Korosòl se yon pwodwi mirak yo relel tou " G...
18/08/2022

Jodia nou pral pale de korosòl .
Pataje tèks la pou plis moun jwenn konesans.
Korosòl se yon pwodwi mirak yo relel tou " Graviola", "Annona", "muricata".

Fwi a bon, fèy la itil sof grenn nan nou pa ka konsome.

-korosòl bouste sistèm iminitèw; li protejew kont maladi e mikwòb. Li rich ak vitamin tankou; vitamin C , Vitamin B1 ak B2 .
Li rich ak mineral tankou; kalsyòm , manyezyòm , fosfò, potasyòm ak fè.
Li gen proteyin, glusid tou se yon sous enèji.

-korosòl ede tou lèw fè maladi s*k , li pèmèt s*k la pa monte twòp nan san.

- korosol edew dijere byen lèw manjel gras ak fib ki ladanl .

-Li ede nan plizyè kansè tankou ; kansè ovè , pankrea fwa poumon ak trip. Li detwi selil ki gen kansè yo .

Fèy korosal la trè itil tou:
-te fèy korosol bon pou grip ,
-Li edew relaksew lèw strese , lèw gen depresyon.
-Li ede tou kont enfeksyon sitou enfeksyon p**i.
-fèy korosol bon pou doulè rimatismal , lèw chodel ou marel kotew kap fèw mal la.
- li fèw p**i anpil , yo konsiderel kom yon " diurétique".

Nou genyen korosòl a gogo an Ayiti , nou pa profite konsomel , alòske nan lòt peyi tankou lafrans pa genyen l anpil ,yo vann li sou fòm poud ak konprime byen chè.

Jodia nou pral pale de yon sujè trè enteresan ; pifò moun lage kò yo nan pran ti anpoul pou gwosi dèyè yo.Kisa ti anpoul...
05/07/2022

Jodia nou pral pale de yon sujè trè enteresan ; pifò moun lage kò yo nan pran ti anpoul pou gwosi dèyè yo.
Kisa ti anpoul la ye?
Eske se yon bon pratik?
Ki danje li gen sou sante nou?
Pataje tèks la pou plis moun jwenn konesans.

An reyalite sa ki nan ti anpoul la se yon medikaman yo rele" Dexamethasone" .

Dexamethasone fè pati yon klas medikaman yo rele kòtikoyid ( "corticoïdes ou corticostéroïdes").
Yo jwe wòl anti inflammatoire ( kont enflamasyon )

Yo itilize "dexamethasone"
Nan tretman anpil maladi tankou;
- kriz opresyon
-alèji grav
-maladi oto imun; tankou lupus , atrit , poli atrit rumatoyid.
-lè fanm pral akouche anvan lè pou ede poumon bb a jwenn marite.
- enflamasyon nan trip; tankou maladie de crohn
- problèm san, kèk problèm poumon , kèk problèm sèvo
- nan tretman kèk kansè.

Men pa bliye nan tout ka sa yo , se yon pèsonèl medikal ki pou ba oul , paske chak gen dòz egzak pouw pran , se pa yon medikaman ou ka ap abuze pran konsa konsa paske li gen anpil efè segondè.

Lèw plede pran Dexamethasone pandan anpil tan men sa lap fèw;

- lap kenbe dlo ak sèl ki nan kòw , wap vin anfle . E lèw anfle konsa tansyonw ap monte wo. Donk ou pa gwosi vrèman , w just gen anpil dlo ki ret kache nan kòw.

-Lap fèw vin fè s*k.

- lap baw yon maladi ki rele " cushing kote tout grès yo ap vin chita nan vant ou , figiw ap won kou lalin, po'w ap vin fennen ak vèjeti , tansyonw ap wo.

- lap fè zo'w fèb bonè ( ostéosporose)

-lap baw problèm nan po , tèt fè mal , ak sansasyon chalè ,sansasyon ke wap toufe.
Lap baw tou problèm règ, bouton nan figi.

-lap baw problèm lestomak ( ilsè).

Donk ti anpoul ( Dexamethasone) pa fèt pou pran konsa a la lejè pou gwosi dèyè , ni pou gwosi bèt .paske menm jan li patisipe nan treteman anpil maladi se konsa tou lèw mal itilizel li plen danje ladanl.

Souvan  fanm ansent konn gen pye anfle , lè nou wè yo konsa , nou di yo; ahh ou manke mache , se pouw mache pou pyew dez...
26/06/2022

Souvan fanm ansent konn gen pye anfle , lè nou wè yo konsa , nou di yo; ahh ou manke mache , se pouw mache pou pyew dezanfle.
Eske se yon bon konsèy ? Kibò verite a ye?
Pataje tèks la pou plis moun jwenn konesans sou sa.

An nou li ansanm.
Nan fen gwosès la fi yo souvan konn gen pye anfle , sa konn pa twò grav lè se pa yon gwo problèm ki koz sa tankou lè se jus matris la vin gwosi ,e li vin ap konprese vèn kav la( veine cave inferieure) e sa rann san pa twò byen s*kile nan pye a , donk "retour veineux" a pa byen fèt

Lè sa ki mwayen ki pi bon pou fi a rezoud sa?
-Li dwe repozel pi plis ,evite mache twop, e ret kanpe twòp.
- lel Kouche li dwe mete pye yo anlè , sa vle di pye yo dwe pi wo ke tèt li sa ap fasilite "retour veineux" a , san nan vèn yo ap s*kile pi byen.
-li dwe met rad ki pa twò sere sou li, ni soulye ak sandal ki pa sere pyel, fòk yo laj.
Apre yon bon repo pye leve anlè , yap dezanfle.

Men pafwa pye a konn anfle , e se yon koz grav ki koz tankou:
- pre eklampsi ak eklampsi; lè sa tansyon moun nan ap wo, lap gen anpil proteyin nan p**il.sa trè grav lap koze problèm e pou fanm ansent lan e pou timoun nan.
- Thrombose veineuse profonde(tvp); lè sa se yon kayo san ki bouche venn nan , pye a rouj , lap fèw mal,e sitou si se yon sèl pye ki anfle a. Ka sa trè grav , paske kayo san sa ka deplase e al bloke nan poumonw , lap vin fèw pa ka respire e toufew yon moman, se li yo rele: embolie pulmonaire la.
- problèm kè; se pa tout fi ki sa sipòte gwosès. Pandan e apre gwosès la jiska 5 mwa apre akouchman ,yon fanm ka devlope problèm kè ; yo relel cardiomyopathie du peri partum. Lè sa pye fi ap anfle, lap gen souf kout , li pap ka respire.
Donk tout ka sa yo se gwo ijans ,fi dwe al lopital prese prese poul jwenn swen nesesè.

Jan nou wè a , pye anfle a ka senp , li ka grav fok lè fi a ansent , li al lopital pou kontwole tansyonl,kèl , poumonl, egzaminel , fè egzamen san ak p**i pou li poun ka konn si tout bagay ap byen mache anvan ke nou konklu ke pye anfle a

11/06/2022
Vitiligo se yon maladi kronik  po,kote po a pèdi koulè l,lap blanchi , po a vin depigmante.Li plis atake épiderme po a( ...
11/06/2022

Vitiligo se yon maladi kronik po,kote po a pèdi koulè l,lap blanchi , po a vin depigmante.
Li plis atake épiderme po a( epiderme se kouch sipèfisyèl po a, kouch deyò po a).
Sa rive paske manke "melanocytes" nan po a( melanocytes se selil ki nan po a ki pwodwi melanin e ki bay po a koulè).

Maladi a ka touche tout moun san diferans laj ak sèks, men li komanse plis a laj 20 an.

Men gen yon kategori moun ki plus a risk pou fè vitiligo tankou moun ki deja gen yon maladi auto immune( sa vle di yon maladi kote pwop sistèm kòw ap goumen kont kòw ankò) tankou lupus, dyabèt tip1 ,maladie d'Addison ,oubyen anemie pernicieuse.

Kisa ki koz?

Yo enkrimine anpil koz .
Men gen faktè de risk ki plis pouse yon moun ki te deja a risk tankou sa'n sot site yo vin gen vitiligo tankou: yon gwo stress, yon gwo chòk emosyonèl
Lè po a blese,ou koupe souvan e ke l pran gwo kout solèy.

Maladi vitiligo pa bay doulè ,men li baw stress ak lot gwo efè ps*kolojik ,w ka tonbe an depresyon . Paske pafwa nou konn wè moun koulè yo ap chanje konsa , nou konn pè yo ,nou fè diskriminasyon sou yo .Enben se maladi vitiligo yo genyen. Se poun viv ak yo tankou tout moun nòmal.yo bezwen bon jan ankadreman

Yon moso manman,se yon moso ki chè. Yon panse espesyal pou tout manman peyi dayiti.
29/05/2022

Yon moso manman,se yon moso ki chè. Yon panse espesyal pou tout manman peyi dayiti.

16/05/2022

Avèk laj fanm vin pa gen règ ankò lè sa yo di li "arete" oubyen li pa gen peryòd li ankò, li pa gen lalin. Nan lang fransè yo di li antre nan "Ménopause".

Ménopause se yon etap natirèl nan lavi e vyeyisman yon fanm.
Se ovilasyon an ki kanpe fi a pa prodwi ovil ankò, donk matris la pa prepare pou resevwa anyen ,li pa degrade se sak fè pap gen règ.

A ki laj fi rive nan menopause?
Fi gen menopoz ant 45 a 55 an .
Men gen kay fi depi 40 an li pa gen règ ankò ; yo relel Ménopause précoce.

Gen kèk lot règ yo vin kanpe jis a 60 tan; sa se ménopause tardive.

Sa fi a ap santi?
Gen peryòd préménopause ; nan peryod sa règ fi a pap vini chak mwa, lap sote dat.
Aprè 12 mwa depi règ la pa janm vini ditou ,nou klè poun di fi sa nan ménopause.

Lè sa fi a ap santil toujou cho, lap fache souvan , lap gen doulè ,fatig, lap gwosi, lap swe nan nwit ,lap manke somèy, pol ap sèch, vajenl ap sèch li pap sou fè bagay.

Lè nou wè granmoun yo konsa ,eseye konprann yo ,yo nan faz Ménopause.

Adresse

Marin 28 A, Plaine Du Cul De Sac
Marin

Heures d'ouverture

Lundi 09:00 - 17:00
Mercredi 09:00 - 17:00
Jeudi 09:00 - 17:00
Vendredi 09:00 - 17:00
Samedi 09:00 - 17:00
Dimanche 09:00 - 17:00

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Doc MaudExi publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter La Pratique

Envoyer un message à Doc MaudExi:

Partager

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram

Type