28/02/2021
TIRE LÈT MANMAN
Li soulaje angòjman, lè ti bebe a pa vle tete, ou pral fè yon sòti oswa wap retounen nan travay ou, tire lèt la ka trè itil. Nap palew sou diferan metòd yo ak kijan pou'w konsève lèt manman.
KI METÒD NOU KA ITILIZE?
1. ESPRESYON MEN: Metòd sa a sitou itilize nan premye jou yo. Li senp, li ekonomik e li efikas menm jan ak yon ponp lèt. Sepandan, metòd sa a ka vin fatigan tankou lè pwodiksyon lèt la ogmante.
2. PONP LÈT MANYÈL: Se ponp lèt ki pi bon mache. Li dwe opere manyèlman. Li ase si ou itilize li detanzantan. Sepandan, nan yon bon moman, metòd sa a ka afekte pwodiksyon lèt la yon fason negatif.
3. PONP LÈT ELEKTRIK ENDIVIDYÈL: Li pa mande anpil efò men li koute chè. Li preferab si ou ponpe lèt ou regilyèman pou yon ti bout tan. Gen kèk modèl ki pèmèt ou tire lèt nan tou 2 tete yo an menm tan,metòd sa plis stimile pwodiksyon lèt.
4. PONP ELEKTRIK POU LWE: Li pèmèt ou tire lèt nan tou 2 tete yo an menm tan. Li rekòmande si wa'p tire lèt plizyè fwa nan yon jounen pou plizyè semèn. Ponp sa yo sitou disponib pou lwe nan famasi ak nan kèk oto-èd òganizasyon ki okipe yo de alètman, paske ponp sa yo koute chè anpil.
KIJAN POU NOU FÈ SA?
Li enpòtan pou nou swiv sa ki ekri sou bwat la lè w ap itilize yon ponp tete. Pami lòt bagay, evite mete souson an sou reglaj maksimòm. Objektif la se imite fason ti bebe a tete otan ke posib san sa lakòz doulè. Si w'ap separe ak tibebe w la oswa wap retounen travay. Tire lèt la osi souvan ke tibebe w la konn bwè nòmalman, sa vle di 8 a 12 fwa pa jou.
Si w ap tire lèt pou yon soti oswa wap retounen nan travay, kòmanse bay tire lèt la apre bebe a finn tete, plizyè jou oswa semèn davans. Tire lèt la nan menm lè chak jou ap ankouraje kò ou pou pwodui plis lèt nan moman ou chwazi nan jounen an. Kòm pifò fanm pwodwi plis lèt nan maten, sa ka yon bon moman pou fè sa.
KIJAN POU KONSÈVE LÈT MANMAN?
Ou ka mete lèt la nan yon resipyan an vè, yon resipyan plastik ki rijid oswa yon sachè frizè ki fèt pou lèt tete. Li ka konsève konsa:
- 4 èdtan nan chanm nan;
- 8 jou nan frijidè a;
- 6 mwa nan frizè oubyen nan frijidè a;
- 12 mwa nan yon frizè kòf.
Pa janm adisyone dire pou konsève lèt manman. Ou paka kite lèt la pou 4 èdtan nan chanm nan, apre pouw mete'l fè 8 jou nan frijidè a epi finalman 6 mwa anko nan frizè.
Konjele lèt la an ti kantite (ki soti nan 30 ml a 90 ml oswa soti nan 1 a 3 onces) . Sa ede evite fè gaspiyaj. Epitou sonje ekri sou veso ou mete lèt la dat lèt la te tire a, nan lòd pou'w ka sèvi ak lèt ki pi ansyen yo an premye.
KIJAN POU NOU DEGLASE LÈT MANMAN?
Lèt manman ka dekonjele nan frijidè a oswa lèw plonje veso ki gen lèt la nan yon bòl dlo tyèd. Pa janm mete lèt manman nan mikwo ond, li chofe lèt la inigalman. Lèt la ka twò cho e vinn reprezante yon danje pou ti bebe a. Anplis de sa, lèw chofe lèt manman a yon tanperati ki twò wo, lèt la pèdi kèk nan pwopriyete li yo.
Yon fwa dekonjele, si lèt la pat chofe, li kapab konsève pou 24 èdtan nan frijidè ak 1 èdtan nan tanperati chanm. Nou pa dwe rekonjele lèt sa ankò. Anplis de sa, nou dwe jete res lèt ki rete apre bebe a finn bwè.
N.B: Chanjman nan gou, gen kay kèk fanm, anzim yo rele (lipaz) ki ede ti bebe dijere grès nan lèt yo trè aktif. Sa ka bay lèt la Yon move gou lè li deglase (gou savon). Lè sa a, tibebe w la ka refize bwè li.
Si sa konn rivew, li posib diminye aksyon nan lipaz ka, wap fè yon ti chofè lèt ke ou fenk tire a sou yon ti dife(pa kitel bouyi). Lè sa a wa refwadi lèt la nan dlo frèt oswa nan frijidè, apresa mete li glase. Sa a ta dwe pèmèt lèt la kenbe bon gou li.