12/03/2020
Bonjou tout moun
Jan nou konnenl
Nan moman an la, Gen yon koze kap pale anpil nan mond la ki se Coronavirus
Covid19 (CoronaVirus Disease 2019)
E anpil peyi ap pran dispozisyon pou yo kapab lite fas a problem sa a.
Pa bo lakay nou,pako gen anyen ki fet vreman e nou konnen ke bidjè sou kesyon sante,sistem pa bo lakay nou pa miyô ke yn bann lot
Anviwon 80 mil moun rive pran maladi sa men selman moun sistem iminitè yo pi feb yo,ki pap pran medikaman e pap swiv okenn tretman yo mouri.
Moun ki fe sida,moun ki fe s*k yo,tibekiloz yo,lot maladi ki rann sistem yo feb yo plis viktim.
Menm jan ak anpil peyi fel, kote ke sistem sante pa yo a pi bon ke pa nou
Fok yo ta femen anpil bagay nan peyi a
Sitou kote ki reyini pil moun yo,travay,legliz,lekol,etc
Ozetazini sezon NBA a sanse kanpe..Prezidan peyi sa koumanse kanpe kesyon vwayaj la..
Gen peyi ki femen frontyè yo pou lot peyi paske chak peyi jere problem la fason pal
An Itali,yo femen sinema yo,lekol yo,mande popilasyon an rete lakay yo
Kesyon vwayaje nan moman an la ta dwe sispann epi tou fok nou tre veyatif sou kesyon
s*kilasyon an
pran machin chita pil sou pil la fok nou ta evite li,evite pale e kite moun pale tou pre nou pou evite boulèt
Pa bliye lave men nou tanzantan avek dlo epi savon epi apresa itilize dlo alkolize
Pa bliye estennen nan koud nou
Lave sa nap manje yo e evite manyen nen nou,bouch nou ak je nou
Fenomèn bay la men an kanpe sou li se pa diskriminasyon mezanmi men se prevansyon
Anpil sous ap di ke Viris la nan peyi a,nou pako konfimel men evite soti san bezwen epi itilize Kach nen
Prekosyon pa kapon,ann proteje tet nou e ede lot la proteje tet li.
*Lafrance Alex Junior*
Etudiant finissant en Faculte de Médecine et des Sciences de la Santé