Vodou is Spirituality

Vodou is Spirituality What is Vodou? A lot of us wants to know more about Vodou, Vodou is water, fire, wind, sand��

Èske gen yon Dje nan Vodou Haitian-an?Prensip fondamantal Vodou se ke tout bagay se lespri. Moun yo se espri ki abite na...
13/04/2024

Èske gen yon Dje nan Vodou Haitian-an?

Prensip fondamantal Vodou se ke tout bagay se lespri. Moun yo se espri ki abite nan mond vizib la, men Mond envizib la peple pa lwa (lespri), mystè, anvizib, zanj, lespri zansèt yo ak moun ki fèk mouri yo, men Bondje Haitian an se nan Vodou li dekri.
Nan rasin kilti nou an, Vodou se monoteyis, sa vle di sèvitè yo kwè nan yon sèl Dje. Nan ka sa-a, se Dje ki rekonèt kom "Bon Dje-a." Pandan ke Vodouvi kominike plis ak lespri yo rele lwa (oswa loa), yo kenbe Bondje kòm èt Siprèm e Divin, sèl Poto Mitan. Dapre kwayans Vodouvi konsekan, Bondje se prensip ki pi wo nan linivè a epi li se kreyatè lavi-a. Li nonmen lespri yo pou ede limanite. Li antyèman nan kominote imen an epi li se orijin tout lavi, ki finalman fè pati Limenm. Mo 'Bondje-a' sot nan lang kreyòl Ayisyen an. Li gen orijin li nan de mo franse "bon ak dieu," ki vle di "Good God" in English. Okazyonèlman, Vodouvi ka itilize tèm Gran Met-la pou fè referans ak Bondje.

Bondje se yon èt ki lwenn. Li depase konpreyansyon ak entèlijans moun twò lwen pou entèraksyon dirèk. Olye de sa, Bondje manifeste volonte l atravè lwa yo. Espri sa yo manifeste kòm fòs ki afekte lavi limanite chak jou. Se poutèt sa, seremoni vodou yo konsantre sou lwa olye de sou Bondje. Bondje pa janm manifeste nan posesyon kon lwa yo. Yo se lespri ki nan plizyè fason ki aji kòm entèmedyè ant mond fizik la ak Bondje, sèl Dje Vodou Haitian an nan nouvo mond lan. Sous li a ka detekte nan pawòl sakre sa yo nan lapriyè Boukman te fè nan Bwa Kayiman an, "Bondje nou an ki tèlman bon, ki jis, ki bay lòd pou nou tire revanj injistis nou yo", ankò nan, "Se bon dje nou an ki pral ede nou... " Pawòl sakre sa yo te egziste depi lontan anvan yo te pibliye yon Bib kreyòl ki enkòpore tèm lan.

Vodou se lavi
13/04/2024

Vodou se lavi

25/03/2024

25/03/2024

25/03/2024



MWEN PA AKEYI TOUT JAN DE MOUN lakay mwen. Sa se espas pèsonèl mwen. Se la mwen mete tèt mwen, rasanble panse mwen, epi jwenn lapè mwen. Se kote timoun mwen yo lib pou yo mache, pou yo jwe, pou yo detire epi fè sa yo voe san lot moun pa jije yo. Si ou vin lakay mwen se paske mwen vle ou la men mwen pa janm trô gwo nan konpayi paske tout konpayi ka pa bon konpayi e pa gen okenn enèji negatif kap vinn deranje kote mwen ak pitit mwen yo abite🏡💕💯

SHAK LUNDI MWEN BAY KAY MWEN LAFIMEN✨

MWEN PA AKEYI TOUT JAN DE MOUN lakay mwen. Sa se espas pèsonèl mwen. Se la mwen mete tèt mwen, rasanble panse mwen, epi ...
25/03/2024

MWEN PA AKEYI TOUT JAN DE MOUN lakay mwen. Sa se espas pèsonèl mwen. Se la mwen mete tèt mwen, rasanble panse mwen, epi jwenn lapè mwen. Se kote timoun mwen yo lib pou yo mache, pou yo jwe, pou yo detire epi fè sa yo voe san lot moun pa jije yo. Si ou vin lakay mwen se paske mwen vle ou la men mwen pa janm trô gwo nan konpayi paske tout konpayi ka pa bon konpayi e pa gen okenn enèji negatif kap vinn deranje kote mwen ak pitit mwen yo abite🏡💕💯

SHAK LUNDI MWEN BAY KAY MWEN LAFIMEN✨

Ou diw pa vle wé Vodou wap bwè Bouyon ? Ou diw pa vle wè Vodou wap bwè kafe ou jete kafé a nan kow Ou diw pa vle wé Djab...
25/03/2024

Ou diw pa vle wé Vodou wap bwè Bouyon ?
Ou diw pa vle wè Vodou wap bwè kafe ou jete kafé a nan kow

Ou diw pa vle wé Djab Vodou yo
Wap manje kasav ak manba 😂 ou serye ou kwè w pa malade

Ou diw pa vle wé Vodou li two sal wap manje bout manyok ak patat ki soti nan tè ou di ki sal la

Lew ap pale de moun sal yo se de peyizan yo Wap pale se nomal Jodia pou moun sa yo ta Djab pou ou
Paske w pa moun la tè se moun le syèl ou yé

Tout sa ki anlè se pou Dye
Tout sa ki nan la tè se pou Djab

Kretyen an ka tout lot bagay sof yon moun ki konsyan

20/03/2024

Veve djab mwen a bèt li

20/03/2024

Awochenago 🔥🐎⚔️🐓🥃🛡️🗡️

*LOA OGOU YO*
__________________

Ogou Aleman
Ogou Ashade
Ogou Baba
Ogou Badagri
Ogou Bakoule
Ogou Bala-Bala Lèmiso
Ogou Balen·ndjo
Ogou Balizay
Ogou Batagri Batsa Megi-e Obatala
Ogou Batala Megi-e
Ogou De
Ogou Demanyè
Ogou Djanmsan·n
Ogou Fè, Feray, Fere
Ogou Fè, Leman Lèmiso Obatala
Ogou Feray
Ogou Gwo Basen
Ogou Je Rouj
Ogou Kankan Ni Kan Minode
Ogou Kanyikan
Ogou Kènizan
Ogou Kounmandja
Ogou Palama
Ogou Temerè
Ogou Vèlè Vèlè
Ogou Wandile
Ogou Yanmson
Ogou Yèmen

Awochenago 🐓

Teknik Fasil pou nou kapab Kominike avèk LOA nou yo Nan 7 Jou semèn nanLENDI=====Jete kafé pou mò yoJete Kleren Pou yoPa...
19/03/2024

Teknik Fasil pou nou kapab Kominike avèk LOA nou yo Nan 7 Jou semèn nan

LENDI
=====
Jete kafé pou mò yo
Jete Kleren Pou yo
Pale avèk loa Marasa yo.
Avèk Legba Bitasyon ou
mande pasaj🎩

MADI
=====
Lave Kay ou ak BAZILIK
Florida,Bien être
Limen ti chodyè 3 Pye
pafime ou Rele Manman Dantor🗡️💙👸🤱🍍

MÈKREDI
========
Rele Ogou Feray pale avèk li
Foulard Rhum Boutèy Rhum li ak Manchèt li Prezante 4 Fasad🔥🗡️

JEDI
====
Dedie a Fanm Dahomen an
Manzè Freda
wap bezwen ti Amwaz,ti Bazilik ponpeya pale avèk Rèn nan mande li Mwayen pouw viv💗🥀🌹

VANDREDI
=========
Jou pou pale avèk Azaka pou kob
(Komès,Biznis...)paske se li ki responsab pou bay tout moun mange🍉🍈🥝🍇🥕🍍🍠🌽

SAMDI
======
Manman Dantor Sou rit petwo
Achte Griyo Banann Peze
depoze pou Rèn nan👏👏💥🔥🔥💙🖤

DIMANCH
=========
Fè Demand ou avèk Lwa Blan yo Ki se loa rada espri dlo yo
liminen fè ti mèch koton avèk lwil doliv e lwil santi bon
plen kivèt ou Dlo etc .......
Ayibobo 🙏🏿🙏🏿🙏🏿

patage pou plis moun kapab wè

Dambalah eh oh Dambalah
18/03/2024

Dambalah eh oh Dambalah

POT LA SE LEGBA  !Yon pòt se yon senbòl ki reprezante yon pasaj, yon tranzisyon, oswa yon ouvèti nan espirityalite vodou...
14/03/2024

POT LA SE LEGBA !

Yon pòt se yon senbòl ki reprezante yon pasaj, yon tranzisyon, oswa yon ouvèti nan espirityalite vodou a. Yon pòt ka sèvi kòm yon pon ant mond fizik ak mond lespri, ant lavi ak lanmò, oswa ant diferan nivo nan konsyans kosmik yo . Yon pòt ka tou reprezante yon opòtinite pou chanjman, transfòmasyon, oswa evolisyon. Nan vodou a, genyen plizyè lwa ki gen rapò ak pòt yo, tankou Legba, Met Kafou, lento , sogbo nanki , badè simiwa , ak Bawon yo .

Legba se lwa ki gade pòt la ki mennen nan Ginen, mond lespri yo. Li se mèt nan kominikasyon ak langaj. Li se premye lwa ki sèvi nan yon seremoni vodou, paske se li ki gen pouvwa pou louvri pòt kosmik lan pou lòt lwa yo ka desann.
legba se yon lespri limyè , li louvri pot li sou lavi ak limyè ki klere nou chak jou .
seremoni ak rityel legba toujou fèt lajounen soley leve.

Met Kafou se lwa ki gade pòt ki mennen nan tenèb . li louvri pot li sou lanmò ak tenèb , li se yon jij , Li la pou mèt lòd nan dezòd ak konfizyon. li se lwa ki la pou bay pasaj , li louvri pot li nan plizyè chemen ( jistis , vanjans , defans , atak , espedisyon ect ..) , menm jan li la pou bay pasaj la se konsa li la pou bloke pasaj tou .
li se lwa ki la pou kondi tout mò devan bawon.
(si mèt kafou pa bay , simityè paka pran )
li se lwa ki la pou deside kiyes ki antò ak kiyes ki gen rezon
( kafou jije rezon ) ( kafou jije tò ou rezon )
seremoni kafou toujou fet lannwit soley kouche .



Gede yo sitou bawon yo , yo se lwa ki gade pòt ki mennen nan mond mò yo . Yo se gad simityè , se yo ki konn kiyes kap antre ak kiyes kap soti nan yon simityè .
(siw antò , pa ale Devan bawon , paske saw mande a se ou lap rive anko )
si kafou pat baw pase komanw fe rive la ?

sogbo nanki , ak badè simiwa , se 2 lwa jimo , wol yo se gad djèvo , gad wonfò , gad sogbadji .
tout peristil ak lakou dwe gen regleman sogbo ak badè .

Lento se yon lwa , ki gen anlèl moum anbal kabrit .
li se yon lwa difé , se yon espri malis ki gen anpil entelijans , li se lwa ki kenbe potay ki separe espri dlo yo ak espri dife yo !

🗡️🗡️🗡️❤️❤️❤️🗡️🗡️🗡️

Adresse

Lasis Plaine Du Nord
Plaine Du Nord

Téléphone

+19044057003

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Vodou is Spirituality publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter La Pratique

Envoyer un message à Vodou is Spirituality:

Partager

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram