S.F.F Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de S.F.F, Maternité, santefemmeetfamillesff@gmail. com, Port-au-Prince.

Santé femme et famille
Une plateforme centrée sur la santé des femmes, des adultes et des enfants, qui met l’éducation en priorité pour mieux prévenir et protéger la santé de tous.

01/04/2026
🛑 TABOU OSWA VERITE : ÈSKE VITAMIN PRENATAL YO FÈ BEBE A TWÒ GWOSI?​Anpil manman pè pran vitamin yo paske yo tande moun ...
29/03/2026

🛑 TABOU OSWA VERITE : ÈSKE VITAMIN PRENATAL YO FÈ BEBE A TWÒ GWOSI?

​Anpil manman pè pran vitamin yo paske yo tande moun ap di: "Si w pran vitamin, bebe a ap vin twò gwo, w ap oblije fè sezaryèn." SFF – Santé Femme & Famille la pou di nou se yon MANTI (TABOU)! ❌

​Men sa nou dwe konnen:

​✅ Vitamin yo pa grès: Asid folik ak Fè (Fer) pa gen kalori. Yo pa la pou bay bebe a pwa, yo la pou fòme sèvo li, zo li, epi anpeche manman an fè anemi.

​✅ Sak fè bebe a gwosi twòp? Sa rive lè manman an gen dyabèt pandan l ansent, oswa si l manje twòp s*k ak grès. Se pa vitamin yo ki lakòz sa.

​✅ Danje ki genyen: Si w pa pran vitamin ou yo, bebe a ka fèt ak malfòmasyon oswa li ka fèt tou fèb. Manman an tou ka pèdi twòp san (emoraji) pandan akouchman an paske kò l pa t gen fòs.

​📢 MESAJ SAGE-FEMME LA: Pa koute koze nan lari. Vitamin yo se pwoteksyon pou ou ak bebe w la. Yon manman ki byen swiv se yon akouchman ki pi an sekirite!

Anpil fwa, nou panse nou dwe al wè yon pwofesyonèl sante sèlman lè nou santi yon doulè. Men, lè w ansent, vizit prenatal...
29/03/2026

Anpil fwa, nou panse nou dwe al wè yon pwofesyonèl sante sèlman lè nou santi yon doulè. Men, lè w ansent, vizit prenatal yo vin obligatwa, paske se pi bon fason pou w asire w tout bagay ap mache byen pou ou ak pou bebe a.

​Nou vle raple w poukisa randevou sa yo se yon priyorite :

​ Siveyans ak Depistaj : Se sèl fason pou kontwole tansyon manman an epi evite konplikasyon tankou eklanpsi

Kwasans tibebe a : Tcheke jan bebe a ap devlope, tande batman kè li, epi asire li nan bon pozisyon.

Prevansyon ak Pwoteksyon : Se nan vizit sa yo manman an jwenn vaksen ki nesesè yo ak vitamin (tankou fè ak asid folik) pou bebe a fèt an bòn sante.

Edikasyon ak Sipò : Se moman pou manman an ak papa a poze tout kesyon yo, pou yo konprann chanjman k ap fèt yo, epi pou yo prepare akouchman an ak kè poze.

​Depi ou konnen , oswa w sispèk ou ansent, pran randevou nan yon sant sante.

Yon gwosès ki byen swiv , se yon garanti pou lavi!

SFF – Santé Femme & Famille

Edike, Akonpaye, Pwoteje.



20/03/2026

Byenveni sou SFF
Santé Femme & Famille 💙
SFF se yon platfòm ki enfòme, edike epi akonpaye fanm ak fanmi yo pou yo ka pi byen konprann, prevni ak pwoteje sante yo.

Jounen Mondyal Sante Bouch ak Dan (20 Mas):​Èske w te konnen sante bouch ou ka gen gwo efè sou tibebe ki nan vant lan? P...
20/03/2026

Jounen Mondyal Sante Bouch ak Dan (20 Mas):

​Èske w te konnen sante bouch ou ka gen gwo efè sou tibebe ki nan vant lan?

Pandan gwosès, kò w chanje e sa rann dan w ak jansiv ou pi frajil.
​Nan SFF (Santé Femme & Famille), nou vle raple w ke pran swen bouch ou, se yon pati enpòtan nan swen prenatal ou!

​Sa k ap pase nan bouch yon fanm ansent?

​Akòz chanjman òmòn yo, veso san nan jansiv ou vin pi sansib. Sa ka lakòz:

​Jansiv k ap senyen: Yo vin wouj, yo anfle, epi yo fè mal (sa nou rele jenjivit).

​Ti boul nan jansiv: Pafwa gen ti boul ki parèt, sa rive akòz iritasyon.

​Dan k ap gate: Si w gen anpil kè plen ak vomisman, asid la ka rann dan yo fèb.

​ Atansyon!
​Lè bouch yon manman ansent gen enfeksyon (maladi parodontal), sa ka bay konplikasyon serye tankou:
​Bebe a ka fèt anvan dat li (Akouchman prematire).
​Bebe a ka fèt ak yon ti pwa ki pa nòmal.

​✅ 4 ti jès pou w rete an sante :

​Bwose dan w regilyèman: Omwen 2 fwa pa jou (maten ak aswè).

​Sèvi ak fil dantè: Pou w retire ti moso manje ki kache kote bwòs la pa ka rive.

​Rense bouch ou: Si w sot vomi, rense bouch ou ak dlo sèlman anvan ou bwose dan w pou asid la pa dechire emay dan yo.

​ Pa tann dan fè mal! Ale kay dantis depi premye mwa yo pou w asire w tout bagay anfòm,

Lè w pran swen bouch ou, ou pwoteje tèt ou epi ou bay tibebe w la yon pi bon chans pou l fèt an sante.
​Pataje pòs sa a ak yon lòt manman pou edike l jodi a!
​SFF – Santé Femme & Famille
Enfòme • Edike • Pwoteje








Adresse

Santefemmeetfamillesff@gmail. Com
Port-au-Prince
HT-6110

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque S.F.F publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram