28/10/2022                                                                            
                                    
                                                                            
                                            Bonjou !!! Jodia nou kontan genyen ou sou platfòm KOZE SANTE nan dezyèm soti ribrik KITEM MOTIVEW ,kote nou pral pase Yon ti tan ansanm pou nou dekouvri kiyès ou ye.
Eske ou  ka pale nou de ou nan Yon ti kout tan?
-Bonjou Mwen se Kervens LOUIS, mwen gen 27 lane, mwen fèt Petyonvil nan yon fanmi kretyèn, kote mwen se sèl pitit nan fanmim, mwen se kòdonatè Croix-Rouge Jeunesse de Pétion-Ville, mwen se Entèn nan medsin, mwen se yon moun ki cool, janti, senpa, mwen renmen sipòte sila ki pi mal yo, mwen renmen lavi.
Nan ki lekol ou fè etid klasik ou?
-Mwen fè etid klasik Mwen nan École primaire Dominique Savio epi Collège Inter Familia.
Ki kote ou fè etid inivèsitè ou?
-Mwen fè etid inivèsitè Mwen nan université lumière (ULUM), nan fakilte medesin nan.
Ki relijyon ou?
-Relijyon'm se Batis.
Ki pi bel souvni ou genyen?
-Mwen chaje bèl souvni, men mwen poko deside pataje.
Ki pa gwo anbisyon ou genyen?
-Pi gwo anbisyon'm se gen lajan, pou'm ede anpil jèn ale lekol e reyalize rèv yo.
Ki bagay ki rivew nan laviw ou pap janm bliye ?
-Se yon aksidan ki te rive manman'm an 2009 malgre ti laj mwen te genyen nan epòk la, mwen te oblije kanpe djanm e reyaji an gran moun pou sa pat pi grav.
Kisa ki gen plis valè pou ou nan mond sa?
-Pou mwen sa ki gen plis enpòtans se la Sante.
Kisa ki te motivew pouw antre nan fakilte medsinn?
-Sa ki motive'm se paske Mwen vle ede sila yo ki bezwen swen jwenn li, e pou'm patisipe nan chanjman sistèm sante peyi a, ki malad.
Komanw wè avniw antanke Yon jèn pwofesyonel kap evolye an ayiti nan 5 an anko ?
-Yon pwofesyonèl kap sèvi peyil, kap bay swen a tout kouch sosyal san diskriminasyon, e kap kontribye nan avansman peyi a.
Nan kisa ou ta renmen spesyalize aprèw Finn fè sosyal ou e poukisa?
-Chiriji, paske pou mwen se youn nan spesyalite ki sove plis vi, e ki mande anpil abilite ak presizyon.
Siw tap chanje Yon bagay nan sistèm sante an ayiti kisa li tap ye ? 
-Mwen panse ke sistèm sante nou an merite chanje konplètman, younn nan bagay ki pi enpotan tout moun dwe gen asirans medikal, e se yon asirans ki dwe fyab, e sibvansyone pa leta, kote tout moun ap kapab gen aksè ak laswenyay san grate tèt.
Antanke etidyan finisan an medsinn ki avantaj AK  enkonvenyan mastibasyon genyen?
-Avantaj mastibasyon: Li ede yon moun konnen kò'l plis, li edew kontwole ejakilasyon ou, li edew kontwole eksitasyon seksyèl.
-Enkovenyan: li kapab vini yon adiksyon, si li pratike nan move kondisyon li kapab koze enfeksyon, li kapab diminye nan andirans seksyèl kay gason, e li kapab diminye tou nan kalite spèm nan lè yon moun fè'l twò souvan .
Se Yon plezi pou KOZE SANTE poul te genyen ou jodia nan ribrik KITEM MOTIVEW,nap Di ou mèsi paskew te reponn envitasyon nou ,nap kontan genyen ou Yon lot fwa ankò mèsi.