A la Rencontre des Infirmier/ères-ARDII

A la Rencontre des Infirmier/ères-ARDII Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de A la Rencontre des Infirmier/ères-ARDII, Santé, 29,rue lamartinière, bois verna, Port-au-Prince, Port-au-Prince.

Rejoignez nous ce vendredi pour ce sujet si intéressant sur la violence obstétricale. Pour participer à la réunion sur G...
20/04/2026

Rejoignez nous ce vendredi pour ce sujet si intéressant sur la violence obstétricale.

Pour participer à la réunion sur Google Meet, cliquez sur ce lien :
https://meet.google.com/zgf-quto-ahh

Vous pouvez également ouvrir Meet et saisir ce code : zgf-quto-ahh

https://meet.google.com/zgf-quto-ahh
👇🏿

Jodi a, vandredi 24 avril, nan kad seyans fòmasyon nou òganize chak dènye vandredi nan yon mwa , nou te gen chans debat sou yon sijè ki enpòtan anpil: "Violence obstétricale : une forme de violence invisibilisée en Haïti".
​Se kolaboratè nou, James Antoine Sosyològ, ki te mennen prezantasyon sa a kote li te louvri je nou sou yon reyalite ki souvan rete nan lonbraj.

Eske nou konnen sa yo rele Vyolans Obstetrik la? Se pa sèlman kout san oswa move pawòl, se tout move tretman, mank respè, oswa entèvansyon medikal san konsantman yon fanm resevwa pandan l ansent oswa pandan l ap akouche.

Nan pratik la, anpil fanm sibi presyon, neglijans, oswa zak ki fè yo pèdi diyite yo nan moman yo pi frajil la. Se yon reyalite ki kache dèyè mi lopital yo, men ki make lavi anpil manman.
Prezantasyon an te baze sou yon rechèch serye (metodoloji) kote yo te tande:
• ​Pasyan yo (Parturientes): doulè ak fristrasyon yo.
• ​Pwofesyonèl Sante yo (Doktè, Saj-fam, Enfimyè): Ki pale sou defi yo jwenn nan travay la ak jan yo konprann relasyon ak pasyan yo.

Pou fini n ap di ke akouche dwe rete yon zak lavi ki fèt nan diyite. Li lè, li tan pou nou rann vyolans sa yo vizib pou n ka chanje sistèm nan.

​Mèsi ak tout moun ki te patisipe! Nap jwenn nou mwa pwochèn pou yon lòt seyans fòmasyon.

Peterson

 ✍🏾Il y a des moments où l’on ne parle pas seulement pour annoncer…  mais pour marquer l’histoire.Peuple haïtien,  frère...
19/04/2026

✍🏾

Il y a des moments où l’on ne parle pas seulement pour annoncer…
mais pour marquer l’histoire.

Peuple haïtien,
frères et sœurs d’ici et d’ailleurs,

Pendant trop longtemps, on nous a raconté des histoires de distance.
On nous a fait croire que l’Afrique était loin.
Que nos racines étaient perdues dans le passé.

Mais la vérité est simple…
Haïti n’a jamais quitté l’Afrique.
Elle vit en nous.
Dans notre culture, dans notre force, dans notre manière de résister,
et surtout dans notre capacité à nous relever.

Aujourd’hui, nous ne faisons pas une annonce ordinaire.
Nous faisons un acte fort.
Un acte de mémoire.
Un acte d’unité.

House of Challenge – Édition 9 se tiendra en Haïti 🇭🇹

Oui… en Haïti.
Sur cette terre qui a fait trembler l’histoire.
Sur cette terre qui a montré au monde qu’un peuple noir peut se lever,
se battre, et être libre.

Cette édition n’est pas qu’un événement.
C’est un pont.
Un pont entre Haïti et l’Afrique.
Un pont entre le passé, le présent et l’avenir.

Nous invitons l’Afrique à revenir chez elle.
Nous invitons la diaspora à se reconnecter.
Nous invitons la jeunesse à prendre conscience de sa puissance.

Parce que nous ne sommes pas divisés.
Nous sommes un seul peuple… dispersé, mais jamais séparé.

À travers House of Challenge,
nous allons montrer autre chose au monde.
Une autre image d’Haïti.
Une image de création.
Une image de talent.
Une image de fierté.

Le monde va regarder Haïti.
Et cette fois… il verra notre lumière.

Alors je vous le dis avec conviction :
préparez-vous.

Préparez-vous à accueillir.
Préparez-vous à vibrer.
Préparez-vous à écrire une nouvelle page.

Parce que pour l’édition 9…
ce drapeau flottera sur le toit du monde.

Et ce jour-là,
ce ne sera pas seulement une victoire pour Haïti…
ce sera une victoire pour toute l’Afrique et sa diaspora.

Merci.

Yon moman kè kontan pou Ayiti 🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🌹🌹
11/04/2026

Yon moman kè kontan pou Ayiti 🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹🌹🌹

Difteri an Ayiti: Yon Kriz Sante ki Denonse Echèk Politik Leta.Difteri se yon enfeksyon grav ki koze pa yon bakteri yo r...
08/04/2026

Difteri an Ayiti: Yon Kriz Sante ki Denonse Echèk Politik Leta.

Difteri se yon enfeksyon grav ki koze pa yon bakteri yo rele Corynebacterium diphtheriae. Li atake sitou gòj ak nen, men li ka afekte lòt pati nan kò a tou.

Nan moman kote Difteri ap repran fòs li an Ayiti, se pa sèlman yon kesyon sante piblik, se yon echèk politik klè. Yon maladi ki gen vaksen depi plizyè dizèn lane pa ta dwe tounen yon menas pou lavi timoun ak popilasyon an jodi a.

Reyalite a senp: se feblès sistèm sante a, mank aksè ak vaksen, neglijans nan prevansyon, ak absans yon politik sante serye ki mete popilasyon an an danje. Pandan otorite yo ap fè silans oswa pran mezi ki pa rive sou teren an, se moun ki pi vilnerab yo k ap peye pri a.

Difteri pa gaye pou kont li. Li jwenn chemen li nan povrete, nan inegalite, nan dezòd enstitisyonèl. Se rezilta yon sistèm ki pa mete lavi moun an premye.

Li lè pou n sispann banalize sitiyasyon an. Sante pa yon privilèj, se yon dwa. Leta dwe pran responsabilite li: garanti vaksinasyon, ranfòse siveyans epidemiolojik, epi bay estrikti sante yo mwayen pou aji.

Paske chak ka difteri jodi a, se pa yon aza se yon echèk kolektif yo kite rive.

Viv yon leta pèp!
Viv jistis sosyal!

Sergeline NAZULUS Enfimyè Lisansye, Militan feminis Angaje.

08/04/2026
Jounen Mondyal Sante 🩺Nan okazyon Jounen Mondyal Sante a, mwen vle pran yon moman pou mete aksan sou enpòtans sante nan ...
07/04/2026

Jounen Mondyal Sante 🩺
Nan okazyon Jounen Mondyal Sante a, mwen vle pran yon moman pou mete aksan sou enpòtans sante nan lavi chak moun. Sante se pa sèlman absans maladi, men se yon eta byennèt fizik, mantal ak sosyal ki pèmèt nou viv ak diyite ak espwa. Kòm enfimyè, mwen wè chak jou jan sante gen gwo enpak sou lavi moun. Li enpòtan pou nou pran swen tèt nou atravè bon alimantasyon, aktivite fizik, repo ase, ak swivi medikal regilye. Prevansyon toujou pi bon pase gerizon.

Ann sonje tou sante mantal nou enpòtan menm jan ak sante fizik nou. Pale, pataje, epi chèche sipò lè sa nesesè se pa feblès, men se yon fòs.
Jounen jodi a se yon apèl pou tout moun pran konsyans sou valè sante, epi aji pou pwoteje li chak jou. Ansanm, ann travay pou yon sosyete kote tout moun gen aksè ak swen sante de kalite.
Sante se lavi. Ann pwoteje li. 💚

Infimyè Honorat

Jodi a se jounen lasante. Nan okazyon Jounen Mondyal Lasante, 7 avril 2016,mwen santi li nesesè, kòm sitwayen konsyan e ...
07/04/2026

Jodi a se jounen lasante.

Nan okazyon Jounen Mondyal Lasante, 7 avril 2016,
mwen santi li nesesè, kòm sitwayen konsyan e kòm vwa moun ki pa gen mwayen pale, pou m adrese m ak Minis Sante Piblik ak Popilasyon an.
Map felisite Minis la pou angajman li pran pou mete sistèm sante a nan on nivo e map dil poul fe plis efò toujou.

Mesye Minis, èske w vrèman okouran ke nan peyi nou an, gen plizyè zòn rekile kote pa gen menm yon sant sante fonksyonèl pou sèvi popilasyon an? Nan youn nan zòn sa yo, gen plis pase senk mil (5 000) moun k ap viv chak jou san aksè ak swen sante debaz. Pa gen lopital, pa gen klinik, pa gen dispansè, pa gen menm yon ajan sante ki rete sou plas. Lè yon moun malad, li oblije fè plizyè kilomèt sou pye, sou moto, oswa rete lakay li ap soufri, ap tann swa yon mirak, swa lanmò.

Pandan sistèm edikasyon an deja ap bat dlo, sistèm sante a menm sanble abandone nèt nan zòn sa yo. Se tankou zòn sa yo pa egziste nan kat planifikasyon leta a. Jodi a, se Bondye k ap fè gadyen pou lavi moun sa yo. Fanm ansent ap akouche lakay yo, san asistans medikal, san sekirite, san swivi. Yo pa gen aksè ak konsiltasyon prénatal, ni vaksen, ni prevansyon pou evite konplikasyon ki ka touye manman ak tibebe yo. Timoun ap fèt san dosye medikal, san kontwòl, san pwoteksyon. Yon senp enfeksyon, yon emoraji, oswa yon konplikasyon pandan akouchman ka tounen yon trajedi, paske pa gen okenn estrikti sante pou entèvni a tan.

Ministère de la Santé Publique et de la Population, lasante se yon dwa fondamantal, li pa dwe yon privilèj pou moun ki rete nan vil sèlman.
Moun nan zòn rekile yo se sitwayen menm jan ak tout lòt moun. Yo peye pri lavi a tou, yo vote, yo travay, yo kontribye nan devlopman peyi a.
Nan okazyon Jounen Mondyal lasante sa a, nou pa mande mirak, nou mande prezans leta, nou mande dinyite, nou mande aksè ak swen sante pou tout moun, san distenksyon.

Silans ak neglijans se yon fòm vyolans tou. Jodi a, se lavi manman, tibebe, jèn moun ak granmoun aje k ap riske chak jou. Mwen espere apèl sa a va rive jwenn konsyans responsab yo,
pou zòn sa yo pa kontinye rete nan lonbraj, pou lasante pa kontinye yon rèv lwen pou plis pase 5 mil sitwayen.

Mwen se pitit tè dayiti, kap swiv tout sa leta ap regle nan peyi a.
Mwen espere gen yon demen miyò pou zòn ki trè rekile sa ki bezwen bonjan swen.

07/04/2026

7 avril Jounen Mondyal Sante
Se Organisation mondiale de la santé OMS ki te inisye l depi 1948, dat sa make nesans yon vizyon mondyal kote sante se yon dwa fondalnatal, pa yon privilèj.

1) Istwa ak Objektif jounen Sila.

Jounen sa vize raple Leta obligasyon yo genyen pou:
garanti aksè egal a swen sante, amelyore kondisyon lavi (dlo, manje, lojman), konbat inegalite sosyal ki detwi sante popilasyon an.

Men nan reyalite, espesyalman nan peyi yo fè pòv yo, sante rete yon liks pou majorite a.

2) Tèks kritik

Sante pa tonbe nan syèl. Li soti nan jistis sosyal. Lè lopital kraze, lè pèp la pa ka manje, lè gaz monte pandan salè rete menm jan se pa kriz, se rezilta yon sistèm ki mete pwofi avan lavi moun.
Jounen mondyal sante pa dwe yon seremoni ipokrit, men yon rapèl ke Leta ak klas dominan yo responsab mizè sanitè a.

3) Pwopozisyon konkrè

A) Envestisman masiv nan swen sante piblik gratis.

B) Ogmantasyon salè pèsonèl medikal yo.

C) Kontwòl pri medikaman ak sèvis yo.

D) Devlopman sant sante kominotè nan zòn riral yo.

E) Politik sosyal serye (dlo, manje, lojman) kòm baz sante.

Boutofen:
San chanjman estriktirèl, pa gen sante pou tout moun. Jounen 7 avril dwe tounen yon jou mobilizasyon, pa yon senp selebrasyon.

Sergeline NAZULUS Enfimyè Lisansye Miltan feminis Angaje.
L'infirmière et son bien être

Sou oken pretèks, ou pa gendwa pou ap touche oswa petri kò on fanm.Tout aksyon ki poze sou kò on fanm gen nonl.Nou di no...
06/04/2026

Sou oken pretèks, ou pa gendwa pou ap touche oswa petri kò on fanm.
Tout aksyon ki poze sou kò on fanm gen nonl.

Nou di non ak tout fòm de vyolans kap fet sou kò medam yo.
Nou menm fanm nou pa gendwa pran plezi n kite moun ap touche nou sou oken fòm.

Nou di non, sa dwe sispann❌❌❌❌❌
Siw dakò, pataje mesaj la.
🇭🇹🇭🇹🇭🇹🇭🇹 ARDIIHaïti fans Enfimyè Platfòm

Èske li nòmal pou moun ap sibi vyolans sou tout fòm nan enstitisyon sanitè yo??*Vyolans nan lopital yo : ant vyolasyon e...
01/04/2026

Èske li nòmal pou moun ap sibi vyolans sou tout fòm nan enstitisyon sanitè yo??

*Vyolans nan lopital yo : ant vyolasyon etik medikal ak trayi prensip konstitisyonèl yo.*

Nan yon sosyete ki deklare li respekte dwa moun, kesyon fason pasyan yo trete nan enstitisyon sante yo pa ta dwe janm rete nan silans. Men reyalite a montre yon kontradiksyon flagran ant sa lalwa, etik egzije, ak sa pasyan yo espesyalman fanm nan matènite ap sibi chak jou.

*1. Sa kòd deontolojik medikal la di.*

Kòd deontolojik medikal la fikse prensip fondalnatal ki dwe gide tout pwofesyonèl sante. Pami yo:

Respè diyite moun : chak pasyan dwe trete ak respè, san imilyasyon ni diskriminasyon;

Konfidansyalite : enfòmasyon sou pasyan dwe pwoteje;

Konsantman lib ak klè (consentement éclairé) : okenn zak medikal pa dwe fèt san pasyan an pa dakò;

Non ak maltretans (pa fè mal) : pwofesyonèl la dwe evite tout zak ki ka blese pasyan an fizikman oswa sikolojikman. Lè yon fanm ap akouche epi yo maltrete li, rele sou li, frape li, oswa fè jès seksyèl sou li, se pa sèlman yon mank etik se yon vyolasyon grav kont pwofesyon an.

*2. Sa Konstitisyon ayisyèn nan di.*

Nan zafè lasante konstitisyon Ayiti 1987 la rekonèt plizyè dwa fondalnatal:

Dwa a lavi ak sante;

Respè diyite moun (Atik 19);

Pwoteksyon kont tout fòm vyolans ak tretman imilyan (Atik 25);

Egalite ant fanm ak gason (Atik 17.1).

Kidonk, vyolans fizik, vèbal oswa seksyèl nan lopital se pa sèlman yon kesyon etik; se yon kesyon vyolasyon manman lwa peyi a.

*3. Vyolans obstetrikal : yon reyalite ki vinn nòmalize.*

Nan anpil matènite, sa nou rele vyolans obstetrikal vin tounen yon pratik nòmal:

Frape fanm pandan travay akouchman;

Imilyasyon (lè w t ap pran l lan ou te ouvè tout kò w);

Refize bay swen oswa neglijans;

Zak seksyèl oswa manyen san konsantman.

Pratik sa yo pa izole; yo fè pati yon sistèm kote fanm, sitou fanm yo fè pòv yo, pa konsidere kòm moun ki gen dwa.

*4. Yon analiz politik pwogresis.*

Nou pa ka separe estrikti sosyo-ekonomik ak pouvwa:

Dominasyon patriyakal : kò fanm toujou kontwole, menm nan espas medikal la.

Inegalite klas : fanm ki pa gen mwayen sibi plis move tretman.

Degradasyon sèvis piblik : leta pa envesti ase nan sante, sa kreye fristrasyon ak abi.

Enpinite : prèske pa gen sanksyon kont ajan sante ki komèt abi.

Se pa sèlman yon kesyon "move konpòtman endividyèl"; se yon sistèm ki tolere vyolans sou kò moun ki pi vilnerab yo.

5. Ki chanjman ki nesesè ?

Fè dwa pasyan yo vin obligatwa ak kontwòl estrik;

Kreye mekanis plent endepandan pou viktim yo;

Fòmasyon obligatwa sou dwa moun ak etik pou pèsonèl sante;

Sanksyon klè kont vyolans obstetrikal ak abi seksyèl;

Revalorize sistèm sante piblik la (pi bon salè, plis resous);

Entegre yon apwòch feminis nan swen sante;

*6. Konklizyon*

Vyolans pasyan yo ap sibi nan lopital yo se pa yon aksidan; se rezilta yon sistèm ki neglije diyite moun. Ant sa kòd deyontolojik la mande ak sa konstitisyon an garanti, gen yon gwo vid kote lavi fanm menase chak jou.

Yon sosyete ki pa respekte fanm pandan yo ap bay lavi, se yon sosyete ki trayi pwòp avni li.

Sergeline NAZULUS Enfimyè Lisansye Miltan feminis Angaje.

Une nouvelle étape dans notre parcours professionnel.​Nous accueillons avec joie Sergeline NAZULUS, infirmière et milita...
30/03/2026

Une nouvelle étape dans notre parcours professionnel.

​Nous accueillons avec joie Sergeline NAZULUS, infirmière et militante féministe, qui rejoint l'équipe d'ARDII en tant que secrétaire administrative bénévole pour une période de trois mois. Son engagement et ses compétences viennent renforcer le combat que nous menons au quotidien.
​Bienvenue dans cette nouvelle aventure, Sergeline ! Nous espérons que cette collaboration nous permettra d'atteindre nos objectifs communs.

​Passez nous visiter à la rue E. Martial, impasse Carla #188.

ARDIIHaïti

29/03/2026

Chè zanmi, nou kontan pataje ak nou yon etap enpòtan pou ARDII.

Nan yon akò li genyen avèk FOKA( Fondasyon Kretyen an Aksyon) Ardii fèk resevwa yon kantite medikaman ki pral pèmèt li ranfòse klinik mobil li yo atravè peyi a.
​Misyon an pa chanje, pote swen sante pi pre moun ki pi bezwen yo. Avèk rezèv medikaman sa yo, ekip medikal nou an pral kapab pi byen reponn ak bezwen pasyan yo pandan klinik mobil nou yo.

​Yon gwo mèsi ak tout ekip FOKA pou kolaborasyon sa a. Ansanm, n ap travay pou yon avni kote swen sante aksesib pou tout moun.


fans

Adresse

29,rue Lamartinière, Bois Verna, Port-au-Prince
Port-au-Prince

Téléphone

+50933724644

Site Web

Prestations de service

Spécialités

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque A la Rencontre des Infirmier/ères-ARDII publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter La Pratique

Envoyer un message à A la Rencontre des Infirmier/ères-ARDII:

Partager

Type