18/10/2024                                                                            
                                    
                                                                            
                                            Eske lèt bon pou asid, pou doulè anba kè fè mal vre ?
Yon gro salutation pou tout moun, yon lòt fwa ankò se EMG ki pote ti koze pou nou sou sa ki gen pou wè ak lasante.
Jodya nou gen yon lòt bèl sijè ki se: eske lèt bon pou asid, pou doulè anba kè tout bon vre
Ebyen nou pral gade sa ansanm.
Anpil de fwa moun nan konn di lestomak li ap brilel nou rele sa nan langaj medikal pyroxis, e se lè sa moun nan diw m' soufri asid; e gen moun tou ki konn gen doulè anba kè ke nou rele nan langaj medikal la épigastralgie. 2 bagay sa yo à savoir pyroxis (lestomak brile) ak épigastralgie (anba kè fè mal) se bagay ki souvan mennen moun kay doktè al konsilte.
Pou jodya nap fokis sou lestomak brile a, nan yon lòt jou nap pale pou anba kè fè mal la. Pase en réalité yo pa fin egzakteman menm bagay.
Avan nou al pi lwen kitem di nou ke sa nou gen tandans rele lestomak nan kreyol la se poitrin e ke sa ki lestomak la tout bon vre se yon ògan tankou on ti sak ki gen fòm on lèt J majiskil ki sitiye sou agoch anba kè nou; ki la pou resevwa manje nou fin vale yo, e manje sa yo pase desann nan on tube tou long ki rele œsophage pou yo rive nan lestomak la.
Nan ka lestomak brile a kisa ki pase? 
Ebyen manje a fin desann nan lestomak la pou al melanje a substance ou tou simplement produit ki nan lestomak la, men substance ki nan estomac a ki se yon substance asid retounen remonte nan œsophage la, menm tube ki te mennen manje yo nan lestomak la, sa ki pa nòmal paske janw wè on pompe dlo gen on valve pou anpeche dlo a retounen fè back nan tuyo a se konsa tou entre œsophage la ak oestomac a gen yon sphinctter ki la pou anpeche asid ak manje ki nan lestomak la fè back retounen remoute nan œsophage la.
Men gen de cas kot sphincter sa ki jwe role on valve konn relache epil pa ka fè travay li byen. Lè sa asid ki nan lestomak la avan anyen gen tandans foule moute nan œsophage  la el konn men rive nan bouch moun nan, ebyen yo rele sa reflux gastrooesophagien RGO. Asid sa lè lap pase moute li atake premye kouch œsophage la ki pa rezistan avèl,  li brile premye kouch œsophage la e sak fèw di lestomak ou ap brilew la.
Eske tout bon lèt bon pou asid ?
Jeneralman on moun ki fè asid dwe kontrole oubyen evite konsome tout sa ki ka fòse estoma a produit  asid oubyen fè estomac a vin pi asid. Anpil moun rapòte vre ke lèt soulaje yo lè yo gen kè brile. Men soulajman sa se yon soulajman pasajè li ye kè brile a ap tounen ankò pase lèt la pa medikaman reflux gastrooesophagien. Wi nan sa ke yo rele mesures hygiénodietétiques yo lèt la ka edew menm jan a tout lòt aliman ki ede moun konbat asid yo, men genyen medikaman spesyal menm pou kè brile a.
Nou bezwen wè doktè pou yo kapab fè pris en charge pou nou pase asid la kap plede remonte a kapab gen gro konsekans sou santé nou soti depi nan halitose ki se bouch la ki gen move sant sa vle di mauvaise haleine rive menm nan kansè œsophage. Kidonk bagay yo pa gen jwèt ladan yo.
Ou ta renmen konnen sou anba kè fè mal la kounya?
Ou vle konn plis bagay sou zafè lasante? Ebyen swiv nou, abone ak page nou ki se Emanuel Medical Group EMG pou plis toujou.
Pa ezite kòmante fè nou pa de kesyon ak sijesyonw yo.
Se te Dr Marc Rosimbert Fleuristin pou EMG Santew se priyoriten!!!