Geri ak Devlope

Geri ak Devlope Sante mantal pou tout ayisyen, pou nou ka devlope e geri.

09/12/2025
08/12/2025

Men 5 bagay tou bon Paran…..Byen lève timoun ou yo….

07/12/2025

Pifò moun ap monte nan “kamyonèt sosyete a” san yo pa konnen kote l prale. Yo kwè sa tout moun kwè. Yo repete sa tout moun repete. Yo pa janm poze kesyon.

Men verite a cho: Foul la ka mennen w nan pwòp destriksyon w.
Si w pa poze kesyon, sosyete a ap panse pou ou.
Si w pa reflechi, sosyete a ap deside pou ou.
Si w pa leve tèt ou, w ap viv yon lavi ki pa pou ou.

⚠️ Sispann swiv!
🔍 Kòmanse poze kesyon!
🧠 Pran tèt ou tounen!

07/12/2025

FOUL LA SE YON GWO MANTÈ « Lè moun kole kò yo nan foul la, responsablite yo disparèt nèt. Foul la vin tounen eskiz pou tout bagay moun lan pa t ap janm imajine fè pou kont li ak konsyans ak moralite. » – Kierkegaard ENGRATITID, LEKLAVAJ. Si W ap swiv Ayiti jouk ata vòlè yo? W ap mache dèyè foul jouk ki kote? ATANSYON AK TÈT OU! Se pa ou ankò k ap kòmande kò w, Ou pa menm konn kote foul la ap mennen w REPRAN MANM OU! REPRAN LESPRI W! REPRAN DIYITE W! Pa kite pèsonn kontwole lavi w Fòk ou pran desizyon pou kont ou

06/12/2025

Arrete 3 segonn… bagay sa yo ka sove ou nan yon kriz.

05/12/2025

Sèvo a pa ka fè diferans ant bagay ou imajine ak bagay ki vrèman ap pase.”
Sa vle di:
👉 Si ou kontinye imajine move senaryo…
sèvo w ap trete yo tankou reyalite.

Men si ou imajine solisyon yo,
sèvo w ap kòmanse kwè li posib pou w soti ladan l.

05/12/2025

Yo vle’l epi yo pa vle’l an menm tan.
Yo anvi’l epi yo pè’l an menm moman.

Psycholog yo rele sa:
Anbivalans
Men nan lang pa nou, ann di’l jan nou konn di’l:
“Y’ap fè de kè sou maryaj!”

Yon kè di: “Maryaj? Jamè! Mwen vle viv lavi’m!”
Lòt kè a (k’ap pale pi ba men ki fò anpil) di: “Men si se ak bon moun nan… m ap di wi devan tout moun.”

Epi se konsa yo rete ap balanse ant de panse yo tankou koki k nan lanmè

Jèn yo pa fou. Yo pa ipokrit.
Yo jis anbivalan. Yo gen de kè sou menm sijè a.

E ou menm?
Kòman ou ye ak maryaj la? De kè… oswa yon sèl kè kap deside?

04/12/2025

Atansyon! Nan ede gen blese.

04/12/2025

Pa kite salè yon moun fèl parèt derizwa devanw…se pa nan konkou gen kòb nap antre men yon relasyon

N’ap chanje Ayiti lè nou vrèman leve timoun yo ak lanmou, sipòte yo nan sa kap bon pou yo, pase tan ak yo.
03/12/2025

N’ap chanje Ayiti lè nou vrèman leve timoun yo ak lanmou, sipòte yo nan sa kap bon pou yo, pase tan ak yo.

Youn nan pi gwo bagay nou ka fè pou sante mantal ayiti; Jwenn yon moun entèg, ou ka fè konfyans, ki ka fè w konfyans, ep...
03/12/2025

Youn nan pi gwo bagay nou ka fè pou sante mantal ayiti; Jwenn yon moun entèg, ou ka fè konfyans, ki ka fè w konfyans, epi Marye!!

03/12/2025

Si w gen kouraj… gade videyo sa a jiska fen.
Paske verite mwen pral di la a ka fache w…
men li ka delivre w tou.”

Nou tout ap kouri dèyè lanmou…
men nou pè lanmou an menm tan.

Pou gason:
Ou pa pè maryaj.
Ou pè moun ki pa real
Ou pè wont, ou pè yo pou yo pa derespekte w,
ou pè pou yo chwazi yon lòt dèske ou pòv.

Pou fi:
Ou pa materyalis.
Ou traumatize.
Ou pè retounen nan soufrans manman w te viv.

Se pa nou k ap kraze relasyon.
Se pwogramasyon sosyete a k ap kraze nou.

Si w pare pou reprann pouvwa w, reprann lanmou w,
reprann tan kap vini w…
videyo sa a ap ouvri je w.

Gade li kounya.
Pa sove.
Ou bezwen tande sa.

Adresse

Online
Port-au-Prince

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Geri ak Devlope publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter La Pratique

Envoyer un message à Geri ak Devlope:

Partager

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram