Medsin ak Sante Piblik pou Devlopman selon la Syans

Medsin ak Sante Piblik pou Devlopman selon la Syans Espas pou Edikasyon sanitè, Vilgarizasyon syantifik, Medsin ki baze sou prèv, Promosyon lasante,

Selon OMS, lasante se yon eta konplè byennèt fizik, mantal ak sosyal e se pa sèlman absans maladi.Lasante genyen plizyè ...
17/08/2025

Selon OMS, lasante se yon eta konplè byennèt fizik, mantal ak sosyal e se pa sèlman absans maladi.
Lasante genyen plizyè faktè ki ka enfliyanse li tankou : Mód de vi,maladi nan fanmiy ou soti, anviwònman ak sistèm sante elt.
Pami faktè sa yo, genyen ou pa ka fè anyen pou chanje yo, tankou maladi nan fanmiy ou, men genyen lòt ke w ka kontwole tankou mòd de vi, anviwónman w, epi pwopoze chanjman nan sistèm sante ou.
Fè m konnen nan kòmantè yo ki faktè oubyen detèminan lasante ou ta renmen aprann plis sou li silvouplè!

17/08/2025

Mèsi pou sipó ak akonpanyeman san kanpe nou! Pou jou kap vini yo, plis kontni nan wout, rete konekte 🫶.
Celebrating my 2nd year on Facebook. Thank you for your continuing support. I could never have made it without you. 🙏🤗🎉

05/05/2025

Lave men se yon senp jès , men li ka anpeche maladi, prezève lavi !
Ann lave men jodiya, e chak jou lè n soti nan twalèt ,lè n pral manje, Chak lè n rantre lakay nou, aprè Chak jès ki ekspoze men yo a bagay ki sal.
Bón joune ijyèn men!

09/04/2025

Semèn La sante!
Nan kad semèn La sante a n'ap pataje ak ou kèk konsèy sou sante.

Diminye kantite sèl, s*k ak grès ou manje chak jou epi diminye manje ki transfóme yo tankou sosis, hot dog, janbon, mayonez, sos pikant, sos tomat elt... Mezi sa yo ap ede w diminye risk lanmó avan lè ke pwoblèm nan kè , nan veso ki pote san nan kó ak maladi nan ren ak nan fwa, kansè kapab pwovoke.
Ane sa nan mond lan fokis la sou Sante manman ak ti bebe, Bebe plis ke 6 mwa ki komanse manje, dwe manje mwens sèl ak s*k ke nou menm granmoun, paske ren yo pako ka elimine menm kantite ak nou.
Rete an Sante !

Ki sa VIH ye? Kisa enfeksyon a VIH ye? Kisa SIDA ye?Bonjou, Bonjou! Kòman ou ye? Jodiya premye desanb, se jounen mondyal...
01/12/2024

Ki sa VIH ye? Kisa enfeksyon a VIH ye? Kisa SIDA ye?

Bonjou, Bonjou! Kòman ou ye?
Jodiya premye desanb, se jounen mondyal lit kont SIDA.
Tèm pou ane sa se :” Ann respekte dwa tout moun pou n fini ak SIDA”.
VIH se yon viris lè l rantre nan kó a ki al kraze sistèm defans kó a genyen pou batay ak enfeksyon(Sistèm iminitè), se pou sa li rele viris iminodefisyans imèn.
Enfeksyon a VIH se lè yon moun ap viv ak VIH nan san li, moun sa ka pako santi ankenn sin ak sentom o kòmansman, men tout tan viris la ap afebli sistèm iminitè li, li pa pran medikaman li pral vin bay lót enfeksyon ke l pa tap genyen an tan nómal. E si moun sa pa janm pran swen lap vin rive nan stad ki pi grav nan enfeksyon an ki rele SIDA.

Nan mond lan, an 2023 genyen 39,9 milyon moun t ap viv ak VIH, pami yo genyen 1,4milyon timoun soti 0 rive nan 14ans, 630 000moun mouri ak VIH, Chak minit yon moun mouri ak VIH nan Mond lan .
Nan mond lan, OMS, Fond Mondial, ONUSIDA ak lót aktè ki enplike nan travay pou ODD yo fikse 3 objektif nan kad lit kont SIDA, nou konn rele yo souvan objektif 3 95. Objektif 3 95 yo se : 95% moun ki ap viv ak VIH dwe konnen stati yo, 95% moun ki Konnen stati yo dwe sou trètman ARV e 95% moun ki sou trètman dwe an sipresyon viral.
Pou objektif 3 95 yo: 86% moun ki ap viv ak VIH nan Mond lan konnen stati yo an Ayiti nou a 87%. 77% moun ki genyen VIH nan Mond lan sou trètman ARV, An Ayiti 83% sou trètman. 72% moun ki sou trètman yo an sipresyon viral nan mond lan, pou peyi a 71% an sipresyon viral sa ki vle di yo pa genyen anpil kopi viris la nan San yo ankó.
An Ayiti , kantite nouvo ka yo diminye, men sa pa vle di konba fini la, okontrè genyen anpil efó ki nesesè pou kontinye goumen kont SIDA e kreye pi bon kondisyon pou moun ki ap viv ak VIH nan respè dwa yo kóm moun .
Kòman yon moun kapab genyen VIH?
Yon moun ka trape VIH nan echanj sekresyon oubyen likid ki soti nan kó moun tankou san, spèm, likid ki nan vajen an, lèt manman, Manman ka transmèt viris la a pitit li tou: pandan gwosès la , akouchman oubyen alètman. Pou rezon sa yo, li enpòtan pou nou genyen yon konpòtman seksyèl responsab, sa vle di konnen stati patnè seksyèl nou, pratike fidelite oubyen abstinans, oubyen itilize prezèvatif. Li enpòtan pou n itilize sereng ak jilèt ke moun pako itilize, epi fè atansyon a tout materyèl tranchan ke nap itilize, si lót moun itilize yo deja sterilize yo. Ankouraje tout fanm ansent al teste pou VIH. Si tout fwa ou panse ou ekspoze a VIH, ale nan sant Sante ki pi prè w la avan 3 jou(72zè), yap ede ou estime risk la e pwopoze w medikaman pou w pa devlope enfeksyon an si sa nesesè.
Ale chèche konnen stati nou parapó a viris la, sipóte pwóch nou ki ap viv ak viris la. Si n konnen nou genyen enfeksyon a VIH, konnen ke genyen moun ki la pou akonpanye w e ede n rete an meyè sante e reyalize rèv nou pandan n ap viv ak viris la.
Ansanm “Ann respekte dwa tout moun pou n fini ak SIDA”.


CP: World Health Organization

14/10/2024

Diminye kantite sèl ou manje chak jou epi diminye manje ki transfóme yo. Mezi sa yo ap ede w diminye risk lanmó avan lè ke pwoblèm nan kè , nan veso ki pote San nan kó ak maladi nan ren kapab pwovoke.

Ou se pi gwo zèv ke linivè konfye w pou w reyalize, ak kontribisyon lòt moun tou byen si. Ou pran nesans nan kò sa ke w ...
19/12/2023

Ou se pi gwo zèv ke linivè konfye w pou w reyalize, ak kontribisyon lòt moun tou byen si. Ou pran nesans nan kò sa ke w pa chwazi, ou gen pou devwa renmen l e pwoteje l.

Èske w prete atansyon a sa wap manje? A sa wap bwè? Kòman ou jere sante mantal ou? Ou fè egzèsis fizik? Èske w gen yon konpòtman seksyèl responsab? Ou respekte règ ijyèn yo? Ki atitid ou pa rapò a bagay ki pa bon pou lasante?
Lasante plis pase richès, toujou fè efò pou konsève l! Pa ezite ekri nou pou kesyon ki gen rapò ak lasante.

Dwa a la sante , Ki sa sa vle di?Selon Konstitisyon OMS la ke eta manb yo te adopte nan Conférence Internationale de la ...
22/09/2023

Dwa a la sante , Ki sa sa vle di?

Selon Konstitisyon OMS la ke eta manb yo te adopte nan Conférence Internationale de la Santé (New York , 19 jwen-22 jwiyè 1946): genyen yon meyè eta sante ki posib se yon dwa fondamantal pou tout moun. Nelson Mandela te deklare nan okazyon Lansman yon Sit trètman HIV/ SIDA premye desanb 2003 "Health Cannot be a question of income, it is a fundamental human right" sa ki vle di Sante pa ka yon kesyon de revni, se yon dwa fondamantal moun genyen.

Jwi dwa a la sante vle di gen aksè an tan nòmal a swen sante bon kalite a yon Kou abòdab.

Dwa a la sante egzije ke sosyete a respekte plizyè kritè pou favorize ke tout moun an sante tankou: bon sèvis sante, travay nan bon kondisyon, jwenn bon manje, lojman, viv nan yon anviwònman ki sen elatriye.

Respè dwa a la sante lye ak respè lòt dwa moun dwe jwi.
Dwa a la sante gen prensip ak nòm:

San diskriminasyon: Sa vle di jwenn aksè a sèvis swen sante ki menm jan pou tout moun, san diferans ki baze sou ras, koulè, lang, relijyon, sèks , opinyon politik ak lòt opinyon, orijin sosyal , sa w posede , andikap, laj, sitiyasyon matrimonyal ak familyal, eta sante, oryantasyon seksyèl ak kote moun nan ap viv.
Disponibilite: Dwe gen ase enstitisyon sanitè ki ap bay sèvis ak bon program sante piblik. Enstitisyon ki ekipe epi ki gen profesyonèl kalifye e ke yo peye byen.
Aksesibilite: Etablisman ak sèvis sante yo dwe aksesib a tout moun san distenksyon, yo pa dwe twò lwen, kou sèvis yo dwe abòdab e enfòmasyon sou sante dwe aksesib.
Akseptabilite : Etablisman ak sèvis sante yo dwe respekte prensip etik medikal yo epi aksepte diferans kiltirèl pasyan yo, yo dwe pran an kont bezwen moun selon laj ak sèks yo .
Kalite : Etablisman ak sèvis sante yo dwe fonksyone selon prensip syantifik e medikal.
Responsabilizasyon : Leta ak antite ki responsab yo dwe rann kont sou ki nivo yo respekte dwa moun e nan ka sa dwa a la sante.
Leta dwe jere kesyon libète ak dwa ki lye a sante moun. Pami libète yo genyen kontròl sou sante ak kò moun, libète pou moun pa tòtire lòt moun, libète pou pa resevwa yon trètman ke w pa dakò elatriye .

Leta dwe pran mezi nesesè pou enfliyanse pozitivman detèminan sosyoekonomik sante yo tankou : povrete, aksè a dlo epi bon alimantasyon, asenisman ak lapròpte, bon kondisyon travay ak lojman. Leta dwe mete disponib e aksesib sèvis prevansyon, trètman ak reyabilitasyon pou sitwayen yo.

Marlie Landy Joseph
Nan dat 21/09/2023

Adresse

Bobin
Saint-Louis Du Nord
HT3210

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Medsin ak Sante Piblik pou Devlopman selon la Syans publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram

Type