30/01/2023
Tout sa ou dwe konnen sou maladi kè anfle.
Tèks sa mwen dedyel ak parenn mwen ki te gen kèl ki te enfle e ki mouri de maladi sa. Malerezman mpotko gran ase poum edel. Mdedyel tou ak tout moun kap soufri maladi sa oubyen ki gon pwòch li ki frape. Pran san nou byen li tèks sila epi aplike sa ki ladanl yo poun ka sove plis vi.
Maladi kè anfle ke yo rele an fransè Décompensation Cardiaque, se yon pwoblèm ki rive lè kè an pa ka byen fè travay li ankò. Sa vle di li pa ka voye kantite san li dwe voye a pou kò a byen nouri. Sa ki pral fè ke dlo anvayi pye moun nan, poumon li e pafwa vant li.
Nan lemonn gen anviwon 23 milyon moun ki gen kè anfle avek 2 milyon nouvo ka chak lane.
Lakay nou, nan yon etid ki te fèt Lopital Jeneral nan lane 2016, nan sèvis Medsin Entèn, pifò moun ki entène nan sèvis la swa 30% malad yo se pou pwoblèm kè e 93% nan yo kè yo te gentan anfle.
Menm lane an, nan yon lòt etid ki te fèt lopital Mibalè 40% moun ki entène nan sèvis Medsin Entèn nan se pou kè anfle. En 2020, chif sa pase a 50% nan Lopital Mibalè.
Moun ki soufri maladi kè anfle ap devlope:
•yon souf kout sa nou rele dyspnée an, ki nan komansman kap pou gwo jefò tankou monte eskalye ki ap evolye pou jefò moun nan abitye fè tankou met rad sou li ki aprè ki ap la menmlè moun nan pap fè anyen et menm lè li kouche. Lè sa lap oblije dòmi ak tèt li wo (o mwen 2 zorye) oubyen li ka menm ret dòmi chita poul ka pi byen pran souf. Dèfwa li ka ap dòmi epi souf kout lan fèl pantan nan mitan nwit lan.
Menm moman moun nan ap komanse anfle tou. Pyel ap komanse avan epi li ap monte pran janm li ak kuis li, li ka menm pran vant li.
Moun ki gen plis chans devlope maladi sa:
•moun ki soufri tansyon wo
• moun ki gen pwoblèm pou san rive byen nn kè yo
•moun ki anemi
•fanm ansent
• moun ki malad nan glann tiroyid (kou)
•moun ki gen pwoblèm vitamin B1
•moun ki gen maladi nan mis kè a (cardiomyopathie)
•elatriye....
Lè kè ou anfle epi ou pap swiv kay doktè, sa ka gen gwo konsekans sou ou tankou:
• mò sibit
• kè an ka vin malad nèt kote ke se chanje pouw chanjel (transplantation cardiaque)
• li ka baw pwoblèm ren (Insuffisance rénale)
•ou ka fè stroke (AVC)
•elatriye....
Pi bon fason pou fè prevansyon se swiv konsèy sa yo:
•pa manje anpil sèl
• fè spò
•swiv kay doktè epi byen pran medikaman yo si ou gen faktè risk tankou (Tansyon wo, s*k, pwoblèm kolestewòl, elatriye)
e si ou gentan gen pwoblèm kè byen pran medikaman yo epi manje jan doktè diw manje.
Like, comment epi envite yon zanmi pou piti li avèw. E sonje abòne ak paj la siw poko fè sa. Mèsi.