19/12/2023
Ki aktivite ou fè pou'w viv?
Ou konn gen do fè mal?
Si wi,eske w te konnen ke pwoblèm sa pafwa konn lye ak aktivite pwofesyonèl ou?
Selon plizyè rechèch do fè mal ki lye ak aktivite pwofesyonèl vini akoz faktè sa yo:
-kenbe yon sèl pozisyon pandan twòp tan ak move posti,tankou chita:sekretè ,bòs tayè,chofè.....
Kanpe:profesè.
karelè,fotograf ki pa konn kijan pou yo bese.
-Gwo efò fizik nan kad travay la:moun kap travay nan izin,bòs mason....
-pote chay ki lou: machann ,potè..
-E pou fini stress nan travay:ou ka sibi sa nan nenpòt aktivite wap fè pou w viv.
•Konsa tou nou ka rejwenn plizyè nan faktè sa yo nan yon sèl aktivite oubyn siw fè plizyè aktivite pouw viv.
Pa bliye aspè pwofesyonèl lan enpòtan anpil nan lavi chak moun ,nou chak gen yon aktivite nou fè pou nou viv,pran swen tèt nou ak pran swen fanmi nou,men pa bliye ke san lasante ou pap ka egzèse'l nomalman. Aprann rekonèt faktè risk do fè mal yo nan aktivite pwofesyonèl ou, konsa wap ka fè prevansyon siw poko genyen'l oubyn chèche solisyon siw konn genyen' l deja. Ps:Si ou soufri do fè mal akoz aktivite pwofesyonèl ou epi ou kite sa dejenere li ka debouche sou yon maladi.Nan zafè doulè nan do nou dwe toujou pran bonè ,se vre gen maladi se apati laj 50-55 lane nou plis jwenn yo ,men pafwa yo se rezilta neglijans pandan jenès nou .siw rekonèt ou oswa yon pwòch ou nan piblikasyon sa adrese w ak yon fizyoterapet pi rapid ke posib
🚨🚨🚨
Atansyon pa kapon pa diw pat konnen!!
😘Hellokiné509