EducPhysio

EducPhysio Informations de contact, plan et itinéraire, formulaire de contact, heures d'ouverture, services, évaluations, photos, vidéos et annonces de EducPhysio, Santé, Ville de Léogane.

Kisa Fizyoterapi a ye ? Kilè li vini ? Kote li sòti? Poukisa li la ?- Fizyoterapi gen rasin li ki sòti depi nan siviliza...
11/08/2025

Kisa Fizyoterapi a ye ? Kilè li vini ? Kote li sòti? Poukisa li la ?

- Fizyoterapi gen rasin li ki sòti depi nan sivilizasyon grèk, Womèn ak ejipsyèn yo. Men li te kòmanse tout bon apati 20tyèm syèk, nan peryòd gè mondyal yo. Nan epòk sa, yo te konn itilize l pou ede sòlda ki te blese yo rejwenn kapasite yo genyen. Disiplin nan vin kòmanse ap evolye gras ak nouvèl apwòch yo fè sou li nan domèn syantifik la.
Jounen jodi a, fizyoterapi yo konn rele tou Kineziterapi, se yon disiplin nan domèn lasante ki la pou retabli, kenbe epi amelyore mobilite, fonksyon kò a ak byenèt li gras ak divès apwòch syantifik.

- Fizyoterapi a genyen plizyè domèn anndan l tankou :
Fizyoterapi Òtopedik Fizyoterapi Newolojik, Fizyoterapi Jeryatrik, Fizyoterapi Pedyatrik, Fizyoterapi Espòtiv, Fizyoterapi Kadyopilmonè.
Se yon domèn k ap evolye chak jou. Gen anpil rechèch k ap fèt pou pèmèt plis amelyorasyon nan rezilta bò kote pasyan yo.

- Yon moun k ap evolye nan domèn Fizyoterapi a se yon fizyoterapet (Physiothérapeute/Physical Therapist). Pwofesyonèl sa yo kapab travay divès kote tankou: Nan klinik Fizyoterapi, Nan sèvis ospitalizasyon, nan sant espòtif yo, nan rechèch ak fè edikasyon moun sou sante yo, Swen Fizyoterapi adomisil.

- Fizyoterapi a jwe plizyè wòl nan domèn lasante. Li ede nan fè prevansyon, nan pwomosyon sante, trètman moun yo. Mete sou sa, li genyen gwo enpak sou kalite lavi moun. Li ede yo amelyore mobilite nan kò yo, pou pèmèt yo fè aktivite chak jou nan lavi yo avèk fasilite( Mache, chita, kouri, lave, fè manje...), li ede diminye doulè gras ak entèvansyon san yo pa preskri medikaman, ede yo nan byenèt mantal yo gras ak aktivite fizik pou amelyore imè epi diminye depresyon ak anksyete lakay moun.

Se yon pwofesyon ki polivalan epi ki ofri yon swen ki adapte ak chak pwoblèm.

👍Suiv paj sa pou jwenn plis konesans nan domèn Fizyoterapi a.

Thesline DUPLÉANT,
ETm.FT/ETm.PT/PTSm
#

Adresse

Ville De Léogane

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque EducPhysio publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager

Type