OCS Santé & Plus

OCS Santé & Plus Une plateforme de divulgation d’informations sur la santé et d’actualité plurielle, englobant tout ce qui compose le paysage social.

04/12/2026

Gen yon gwo maladi ki re parèt an Ayiti, pran prekosyon, al vaksinen.

Ministère de la Santé Publique et de la Population

04/08/2026

Sinusite | Tout sa w dwe konnen sou maladi sa a.

Yon laboratwa biyoloji molekilè (Biologie moleculaire) inogire nan gran sid.Pòs sa fèt pou ede moun k ap swiv paj OCS Sa...
04/08/2026

Yon laboratwa biyoloji molekilè (Biologie moleculaire) inogire nan gran sid.

Pòs sa fèt pou ede moun k ap swiv paj OCS Santé & Plus la konnen kisa ki yon « Laboratoire de biologie moleculaire » e ki itilite li.

Yon laboratwa konsa kapab itil nan plizyè domèn :

1) Nan domèn MEDSIN

Sa ta dwe pèmèt yo depiste maladi jenetik (maladi timoun ka pran bò kote paran yo), yon laboratwa konsa ta dwe ka fè tès patènnite, sa nou rele tès ADN ke yo souvan itilize pou detèmine papa yon timoun men tès sa ka itil nan plizyè lòt fason. Laboratwa sa ta dwe ede doktè yo nan dyagnostik anpil maladi, sitou nouvo maladi ak maladi ki ra yo.
Sa ta dwe kapab ede nan pwodwi medikaman.

2) Nan domèn POLIS SYANTIFIK.

Laboratwa sa ta dwe ka ede lapolis pi efikas nan travay li. Li ta dwe ka ede lapolis idantifye yon moun apati kèk tras biyolojik. Lapolis ta dwe gen yon selil espesyal ki fòme pou jan de travay sa yo.

3) Nan domèn AGWONOMI

Laboratwa sa ta dwe ka ede kreye kèk varyete plant epi detekte manje ki pa natirèl, manje ki modifye nan laboratwa. Detekte move manje ki antre dan kontwòl epi k ap s*kile nan peyi a ki ka lakòz tout sòt maladi.

4) Nan domèn RECHÈCH

Laboratwa sa ta dwe ka ede nan travay syantifik yo, pou ede konprann vyeyisman selil yo ak kijan kansè devlope, sitou nan dènye ane yo la anpil ayisyen nan ti laj ap devlope kansè. Laboratwa sa ta dwe ka ede konprann fenomèn sa.

Angwo, se ta dwe yon bon bagay pou gran sid la al peyi a an jeneral.

Se yon bon nouvèl pou popilasyon gran sid la, paske anpil fwa gen egzamen se pòtoprens yon konn oblije monte vin fè yo, nan kontèks nou ye la kote moun paka deplase soti naa yon depatman ale nan yon lòt, laboratwa sa gen gwo enpòtans pou rejyon sid la. Se yon ti avanse toupiti sou wout desantralizasyon sèvis de baz yo pou sitwayen yo.

04/01/2026

Se pa tou lè ou gen kè brile ak dlo si sou estoma ki se H. pylori.

04/01/2026

Kisa mo sa a vle di an kreyòl souple ?
« Ansoukantoutou »

Gen yon moun ki di m l ap vin kote m demen ansoukantoutou. M pa konprann.

Espesyal nan Complexe Médical Bon Berger pou mwa avril la. Men pri yon 👇🏽• Hémorroïdes : 60 000  goud• Hernie : 60 000 g...
04/01/2026

Espesyal nan Complexe Médical Bon Berger pou mwa avril la. Men pri yon 👇🏽

• Hémorroïdes : 60 000 goud

• Hernie : 60 000 goud

• Hydrocèle : 45 000 goud

• Circoncision : 25 000 goud

• Kyste et lipome : 25 000 goud

• Chéloïde : 30 000 goud

03/30/2026

Kèk konsèy ki ka ede prevni oubyen amelyore emowoyid.

Men kijan w ap ka konnen ki grad emowoyid ou a ye 👇🏽
03/29/2026

Men kijan w ap ka konnen ki grad emowoyid ou a ye 👇🏽

03/28/2026

Partie 4 | Hémorroïdes Grade 4

Sa n ap gade nan foto a, ti moso twal ki fèt tankou yon paswa a se yon materyèl medikal sentetik ki rele « implant de re...
03/28/2026

Sa n ap gade nan foto a, ti moso twal ki fèt tankou yon paswa a se yon materyèl medikal sentetik ki rele « implant de renfort pariétal » ke chirijyen yo itilize nan operasyon pou trete èni (hernie) ki swa nan vant oubyen nan zòn lèn. An Ayiti yo rele li mèch tou. Donk materyèl sa se youn nan mwayen ki pi efikas pou korije èni (hernie) ki nan zòn vant nou. Gen lòt teknik tou men sa efikas anpil.

An 2017, règleman ewopeyen sou dispozitif medikal yo te klase li nan klas 3 kòm materyèl ki gen gwo risk. Sa vin egije konpayi k ap fabrike yo a rewè fòmil ak objè yo itilize pou fabrike materyèl sa a.

An Frans, gen kèk pasyan ki te konn santi enkonfò aprè yo fin mete materyèl sa pou yo nan operasyon, yo te konn rapòte ke yo gen doulè, pafwa gwo doulè.

Soti 2020 pou rive 2024, gen gwo pwogrè ki fèt nan fabrikasyon materyèl la pou diminye risk li te genyen. Gen mwens moun ki plenyen kont li savledi materyèl la vin pi efikas e gen mwens risk.

Nou gen yon videyo nou te fè ki pale de « hernie » plizyè tip ki egziste, si w vle gen plis enfòmasyon, klike sou lyen sa 👇🏽 pou w gade videyo a.

https://www.facebook.com/share/v/1B21rB6iB8/?mibextid=wwXIfr

03/28/2026

Li pa konseye pou w fè sa. W ap pote twòp s*k bay kò w.

Tande li epi pataje l

Address

Fort Lauderdale, FL
20149

Alerts

Be the first to know and let us send you an email when OCS Santé & Plus posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Practice

Send a message to OCS Santé & Plus:

Share

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram

One World Magazine

Le média mondial faisant du monde entier un petit village entre les mains de tous les internautes.