03/03/2026
🔥 SA W AP TRAVÈSE A PA DÈNYE CHAPIT LA 🔥
(Li tèks sa rive nan jouk nan fen paske gen yon verite ki ka chanje fason w wè sitiyasyon w jodi a.)
Gen moman nan lavi kote ou santi ou fatige.
Fatige eseye.
Fatige espere.
Fatige kwè.
Ou gade bò kote w…
Ou wè lòt moun ap avanse.
Ou menm ou santi w bloke. 😔
Men kite m di w yon bagay enpòtan:
👉 Reta pa vle di echèk.
👉 Silans pa vle di Bondye bliye w.
👉 Batay pa vle di ou pa beni.
Pafwa lavi pa ralanti w pou pini w…
Li ralanti w pou prepare w. 🔥
🌱 1️⃣ GEN BATAY KI FÒME W AN SILANS
Gen doulè ou pa t konprann poukisa yo te vini.
Men pita ou pral konprnn se yo menm ki rann ou pi fò jodi a.
Gen moun ki te kite w.
Gen pòt ki te fèmen.
Gen plan ki te kraze.
Men gade byen…
Ou toujou la. 💪
Sa vle di gen yon fòs andedan ou ki pi gwo pase pwoblèm yo.
⏳ 2️⃣ TAN WAP TANN LAN PA GASPIYE
Ou santi ou an reta?
Ou santi lòt moun pi devan pase w?
Chak moun gen sezon pa yo. 🌤️
Gen grenn ki leve vit.
Gen lòt ki pran tan…
Men sak ki pran tan yo lè yo pouse, rasin yo pi fon.
Pa meprize sezon ou ye a.
Sezon difisil yo ap konstwi karaktè w.
🧠 3️⃣ SA W KWÈ A GEN POUVWA
Si w leve chak jou ap repete:
“M pa kapab.”
“Lavi di twòp.”
“Pa gen espwa.”
Sèvo w ap chèche prèv pou konfime sa.
Men si w chanje pawòl ou:
“M ap eseye ankò.”
“M ap aprann.”
“M ap grandi.”
Ti chanjman sa yo ap transfòme enèji w.
🚪 4️⃣ GEN PÒT KI FÈMEN SE POU PWOTEJE W
Pa tout sa w pèdi ki mal pou ou.
Pa tout moun ki kite w ki te dwe rete.
Pafwa sa ou rele “malchans” se pwoteksyon.
Pafwa sa ou rele “reta” se direksyon.
Ou pa wè tout bagay jodi a.
Men yon jou w ap gade dèyè…
Epi w ap di: “Mwen konprann poukisa sa te rive.” ✨
🔥 5️⃣ OU PI FÒ KE ECHEK OU YO
Moun ki reyisi yo se pa moun ki pa janm echwe.
Se moun ki refize rete atè.
Ou gen dwa pou w kriye.
Ou gen dwa pou pran poz.
Men ou pa gen dwa abandone rèv ou.
Sonje sa:
✨ Dekourajman se yon santiman. Li pa yon desten.
📌 Si w ap li sa jodi a, petèt ou te bezwen tande li.
📌 Petèt ou te sou pwen lage tout bagay.
📌 Petèt ou te panse pa gen moun ki konprann sa w ap pase.
Men kite m fini ak sa:
🌅 Sa w ap travèse a se yon chapit nan liv laviw . Se pa tout liv la.
Pa kite yon sezon difisil fè w bliye tout potansyèl ou genyen.
Lavi gen plis pou ba w… men ou dwe rete kanpe pou resevwa l.
💬 Di mwen nan kòmantè:
Ou pral abandone… oswa ou pral leve ankò? 🔥👇