Ta100T

Ta100T Health and Education

Ta100T se inisiativ yon group etidyan nan medsin te pran nan lane 2010 pou pote enfòmasyon sou sante bay popilasyon peyi Dayiti ak tout moun ki pale kreyòl. Nan peyi Dayiti, pliske 40% popilasyon an pa gen aksè a swen sante de baz yo, 50% popilasyon ki gen pliske 40 lane yo ap viv ak Tansyon Wo, plis ke 300,000 moun ap viv ak maladi sik,...
Group etidyan sa yo ki jounen jodi an se doktè toujou ap kontinye ak travay sa, enfòme ak edike popilasyon an

18/05/2020

Si nou te pote neglijans 2 denye mwa sa yo ki sot pase yo lar. Resezi nou tande chè konpatriyòt. Bat pou nou pi veyatif ak sa. Zen an pete deja nan men nou. deja nan wèl nou. sitou telefòn yo

17/05/2020

Fè tès pou epi li pozitif pa yon wont ni yon krim. Vrè krim lan se lèw gen tout siy yo ak sentom maladi lan epiw kache yo epi wa mache kontamine lòt moun.

16/05/2020

Sonje :
- Fyèv
- Tous
- Gwo kò kraz
- Tèt fè mal
Se kèk siy ki kouran Nan lan.
Men :
- Pèdi gou bouch ou
- Pa ka pran sant
- Souf kout
- Dyare
Se kèk lòt siy ki dwe atire atansyon w!
Mete tèt ou karantèn oswa ale nan yon sant Pou w fè teste w

15/05/2020

Pa fè ti pil gwo pil an kachèt, ti fèt an kachèt, ti reyinyon an kachèt ni krèy. rive sou nou ak fòs. Lapatri an danje. Se mèt kò ki veye kò Fè efò .

13/05/2020

Sonje :
Si w Mete yon kachne, PA RETIRE L POU PALE, TOUSE OSWA ESTENEN.

Menm siw ta santil nwiw oswa li fè moun difisil pou tandew lè wap pale.
Kite kachne an plas!

01/05/2020

Bonjou🌿

Bon 1er Mai 🌱
Jodia an Ayiti se fèt Agrikilti🌱 ak travay.
Kisa wap plante jodya?

Ou ka plante :
- fri ou manje kankou mango 🥭, seriz 🍒, elatriye
- oubyen legim kankou zonyon 🧅 lay 🧄 , pèsi, pwaro ak lot ankò

Pandan peryòd konfinman, se on moman pou fè ti plante, saw di?

*Men kijan yo fè Konpòs*

Pran fatra kizin kankou po fri ak legim, rest manje, fri ki gate melanjel ak tè epi kitel poze pou pi piti on mwa poul dekonpoze.

Lèl finn dekonpoze, li pare pou itilize.
Mete l nan po ak lot tè, epi fè plan nenpot kisa ou ta renmen an!

Se yon fason pou aji « En Eco-Citoyen »
Sonw angrè 100 pou 100 natirel epi gratis!

Nan lit pou proteksyon anvironman an, tout ti aksyon konte!

Epi pataje, envite on lòt fè menm jan avèw!!

Konfinman? Ou pa janm fè tout sa ou pa ale travay oswa rete anndan kay ??  Ou Pèdi travay? Difikilte nan kay lan? Wap pe...
19/04/2020

Konfinman? Ou pa janm fè tout sa ou pa ale travay oswa rete anndan kay ?? Ou Pèdi travay? Difikilte nan kay lan? Wap pede reflechi ?

Tout se kèk faktè ki ka gen enpak sou sante mantal ou.
Si w an difikilte, ou gen laperèz ou santiw vle deprime ?
Pa kenbe sa pou kont ou

Pa bliye toujou respekte distans ou ak lòt moun. Se pi bon fason pou pwoteje tèt ou ak lòt moun kont Kowonaviris
17/04/2020

Pa bliye toujou respekte distans ou ak lòt moun. Se pi bon fason pou pwoteje tèt ou ak lòt moun kont Kowonaviris

Eskew two mèg oswa ou obèz? Pouw konn siw obèz wap divize mezi Pwa ou an (Kg) pa mezi wotè ke wap milipliye pa li menm a...
13/04/2020

Eskew two mèg oswa ou obèz?

Pouw konn siw obèz wap divize mezi Pwa ou an (Kg) pa mezi wotè ke wap milipliye pa li menm avan (eleve okare).

Konpare chif ou ak sa ki anba chak koulè.
- Koulè ble : twò mèg
- Koulè vèr : ou nomal
- Koulè Jòn : ou komanse twò gwo
- Koulè abriko : ou obèz
- Koulè wouj : ou twò obèz

Gade ki koulè ki pou chif ou jwenn nan kalkil ou an. Si se jòn komanse jere bagay yo pouw megri si se abriko an menm ou gen anpil travay pou fè. Kanta wouj lan menm, Nou pa menm bzwen diw ki kantite efò ou gen pouw fè pou jere sa.

Fè kalkil paw la, di nousaw jwenn? Nap tann repons ou

Mèsi paskew like paj sa deja. Envite zanmiw fè menm jan avèw

Kisa graf sa diw zanmi? Sa se lis lòt pwoblèm moun yo kenbe lopital pou      yo gen USA?? Se plis moun ki obèz ak moun a...
13/04/2020

Kisa graf sa diw zanmi?
Sa se lis lòt pwoblèm moun yo kenbe lopital pou yo gen USA??

Se plis moun ki obèz ak moun ak pwoblem kè/s*k/Tansyon ki lopital ak koze maladi sa.
Erezman nou pa gen twòp moun obèz pa bò isit men kan pou ta pwoblèm tansyon/s*k lan? Mmmh.

Eskew pansew gen nan pwoblèmsa yo? Kilès nan yo?? Ou ka ekri nou siw bzwen kèk konsèy

Ede nou nan fè plis moun jwenn piblikasyon yo pou plis sansibilizasyon.

Pa bliye like paj sa ta100t. Mande lot zanmiw fè menm jan avèw. Mèsi

Sonje : Si w mete yon mask, li enpòtan pou w byen mete l. - Li dwe byen kouvri nen w ak bouch ou mantonw pou pa gen espa...
12/04/2020

Sonje :
Si w mete yon mask, li enpòtan pou w byen mete l.
- Li dwe byen kouvri nen w ak bouch ou mantonw pou pa gen espas pou lè ap pede pase

- Siw ap mete mask chirijikal oswa N95 : pati ki pi di an oswa kote fè an ye se li ki dwe al sou nenw epi fèl pran fòm nenw poul ka byen chita poul pa pede soti, poul pa kite espas pou lè ap antre soti.

- Pa kite pyès tou vid pou lè antre soti

- Pa manyen oswa pa pede manyen tout pati ki devan bouch, nen oswa manton ou an.

- Lew ap retirel ou dwe itilize kòd oswa elastik lan pito.

- Jetel nan poubèl oswa lavel byen sil fèt an twal avèk pwodwi dezenfektan anplis de savon oswa fab lan

Kontinye pataje piblikasyon yo pou plis moun ka jwenn enfomasyon yo.

Mèsi paskew like paj sa Ta100t. Envite zanmiw fè menm jan avèw.

Address


Alerts

Be the first to know and let us send you an email when Ta100T posts news and promotions. Your email address will not be used for any other purpose, and you can unsubscribe at any time.

Contact The Practice

Send a message to Ta100T:

  • Want your practice to be the top-listed Clinic?

Share

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram