Nurse Cherline Dorvilus

Nurse Cherline Dorvilus Santé,conseil

Hoje comemoro 4 anos no Facebook. Obrigado pelo apoio contínuo de vocês, que foi indispensável para mim. 🙏🤗🎉
26/02/2025

Hoje comemoro 4 anos no Facebook. Obrigado pelo apoio contínuo de vocês, que foi indispensável para mim. 🙏🤗🎉

18/07/2024

Prekosyon kont fyèv tifoyid

11/07/2024

Evite gen pyè nan ren!

09/07/2024

Tuberculose?

25/05/2022

Travay, détèminasyon 🩺👩‍⚕️💉💊🔥

🆎️💉💊👩‍⚕️Kansè nan pankreya son kansè ki mechan anpil depiw santi yon doulè anba kè ki reponn ou nan dow ou ka sezi wèw g...
11/10/2021

🆎️💉💊👩‍⚕️Kansè nan pankreya son kansè ki mechan anpil depiw santi yon doulè anba kè ki reponn ou nan dow ou ka sezi wèw gentan nan stad tèminal

yon ti konesans ka sove anpil vi , pataje pou plis moun jwenn limyè ,jodya m vin pale nou de 8èm kansè yo plis jwenn an Ayiti , e 9 eme kansè ki tiye plis moun nan peyi an, anpil fwa moun mouri pa kansè pankreya , pa doulè anba kè ke yo konfonn a gaz , yo pa janm al lopital, ou konn wè moun sa yo konn mare anba kè yo, yap bwè te pou gaz jiskaske je yo kòmanse vin jòn pi yon bon maten yo mouri...

fòm avwe nou son kansè ki difisil pou dyagnostike vwa pou siw pa janm al lopital pou fè check-up rezon ki eksplike sa senp pa gen okenn ekszamen fasil, fyab pouw detekte kansè pakreya

pankreya anba estoma nou , e rezon sa ki fè kansè pankreya bay doulè anba kè tou, anpil moun panse se sèl ilsè ki bay doulè anba kè, jis kotel ye an pankreya se sèl òga'n nan kò an ki paka viktim de èni

ann wè ansanm ki wòl pankreya an ye? ki kategori moun ki a risk fè kansè pankreya?kisa moun nan ka santi?
kijan pou fè prevansyon?

ki wòl pankreya?
pankreya gen tout eleman ki pèmèt kò nou dijire sa nou manje, pa ensilin li sekrete li pèmèt kò an absòbe s*k wap manje pou kò an ka pwodwi enèji pouw ka mennnen tout aktivitew
e pwoblem nan itilizasyon a sekresyon ensilin nan mennen a maladi s*k, li pèmèt kò an dijere grès a pwoteyin tou

ki kategori moun ki plis a risk fè kansè pankreya?
-moun ki fimen
-moun ki fè maladi s*k
-moun ki bwè alkòl anpil
-moun ki gen moun nan fanmil ki te fè kansè pankreya

kisa moun nan ka santi?
kansè sa tèlman mechan anpil fwa lè n santi siy a sentom ka gentan grav
-je moun nan ka vin jòn, kòl konn gratel
-ves*kil bilyè( sa nou relen fyèl la vin gwo

-moun nan konn gen yon doulè vyolan anba kè kal nan dol, e sak fè anpil moun panse se gaz yo genyen pi yap bwè te anyen pa janm fèt , e doulè sa ap ogmante detanzantan, doulè kansè pankreya tèlman atwòs moun nan konn mare anba kèl, nou pa konn wè moun sitou (granmoun yo kap mare anba kè yo), doulè an kalme lè moun nan panche an avan

-moun nan ap megri a yon rapidite ekzajere a yon pwen 2 a 3 mwa sifi pou moun nan sèch

-siy a sentom yo tèlman twomatize moun nan li ka antre an depresyon

-moun nan gen yon fatig ekzajere

-fwa a rat moun nan konn anfle a yon pwen vant li vin gwo anpil

siy a sentom sa yo banal pou nenpòt ti maladi , men siw remake yo se al kay doktè rapid

depi yon moun fè maladi s*k nou wè kal ap agrave fòn panse a kansè pankreya

kijan pou fè prevansyon?
kansè sa tèlman enprevizib , pa vrèman gen yon mach a swiv pou anpechel vini pa kont nou ka diminye risk pou fè kansè pankreya tankou:
-pa fimen
-bwè alkòl avèk moderasyon
-manje byen pa al konsome twòp grès
-fè spò o mwen pandan 30 minit pa jou

like & pataje
idantifye yon moun li avèw

Crédit: Norbrun Kerry Care-ry

🔥💥💢Bonjou , bonjou mw pase  jus pou m diw la sante se riches san la sante nou pap ka itli tet nou se sak fem ankouraje t...
24/05/2021

🔥💥💢Bonjou , bonjou mw pase jus pou m diw la sante se riches san la sante nou pap ka itli tet nou se sak fem ankouraje tout moun pa tann se lew byen mal wal we yon medsen , gen anpil moun ki mouri fanmi zanm di le yo pat malad yo mouri san malad se pa vre ou gen dwa pat konnen kmanl te ye avan menm kel te mouri
Map pozew kek ti kesyon "
1)Depi kilè wal fè yon tchekôp pou we kman santew ye ?
2)Lew santiw pa byen kosaw fè ? Wap gade kek jou avanw pran chimen lopital ?

3) Eskew te konnen tout tan ou pran bonè lew gen yon malez , ou fè byen ak tet ou ?

3) Eskew te konnen si lew pat byen an ou tal lopital maladi sa patap gentan ravajew konsa ?

5 ) Men tou eskew te konnen tout tan maladi a mi sou ou wap depanse plis lajan ew ka pedi viw ?
6)Eskew te konnen le wal we yon Medsen lel baw randevou ou dwe espekte randevou yo ?
7) Eskew toujou ap pran konsey nan bouch moun kap diw aaaa ou pa bezwen al lopital Dr pap ka fè anyen pou ou ? ( ou knnen siw okipe yo apre wa di siw te konnen )
8) Eskew konnen lè wal lopital yo baw medikaman ou pa pran bwe yo se pou ou lap pimal ?
9) Eskew konnen tout otan ou konnen jan santew ye ou viv pi lontan , ( paske wap konnen jan pou viv
)
10)Eskew konnen la sante se pigro riches kita genyen nan mond la ?

Santew se prioriten 👌✍️ , like , kmante , abone , pataje

Endereço

Rua Bacaba 03
Curitiba, PR
81550100

Notificações

Seja o primeiro recebendo as novidades e nos deixe lhe enviar um e-mail quando Nurse Cherline Dorvilus posta notícias e promoções. Seu endereço de e-mail não será usado com qualquer outro objetivo, e pode cancelar a inscrição em qualquer momento.

Entre Em Contato Com A Prática

Envie uma mensagem para Nurse Cherline Dorvilus:

Compartilhar

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram