Centre d'Harmonisation et de Culture Intérieure.

Centre d'Harmonisation et de Culture Intérieure. paj sa a kreye nan objektif pou veyikile panse e mesaj pozitif. fason pou w aprann konnen tèt ou.

20/08/2025

POUKISA OU KRETYEN?
POUKISA OU PWOTESTAN?
POUKISA OU KATOLIK?
POUKISA OU VODOUYIZAN?

02/03/2025

Youn nan bagay ki kòz Vatikan (Le pape) ak tout pastè gwo gòj yo (Loksidan an jeneral) poko aksèpte pran desizyon pou di ke "Bib" sa a n ap itilize a pa gen anyen de verite ladan l, se paske Loksidan poko prè.

Loksidan poko pare pou resevwa bonm atomik sa a. Sa a kapab kreye gwo konsekans nan mitan pèp la.

E anplis, tout bagay ap fèt nan lè yo ak nan tan yo.

Labib gen anpil mit ke yo tire nan lòt sivilizasyon ki ladan l ki pa gen anyen pou wè ak sivilizasyon pa nou an. Se yon liv ki merite update pou adapte ak reyalite aktuel la.

Apa de mit bib la genyen, gen anpil istwa fiktif ke yo fè n kwè men a la verite ki pa t egziste okenn kote. Gen anpil lejand ke yo fè n kwè, konsa tou, labib gen pwezi ak powèm.

Donk, pale de labib, se sitiye w nan tan ak epòk epi sivilizasyon. Men pa ankre sa w ap tande a nan sèvo w kòm yon verite absoli.

Wi, gen kèk fraz nan bib la ke nou te kapab bezwen di nan kèk demann n ap fè. Kòm fraz sa yo deja ekri epi an akò ak vèb e konpleman ke n te kapab itilize yo, nou jis itilize yo.

Men kanmenm, kit jodi, kit denmen, ap gen yon pap nan vatikan k ap oblije bay verite a.

Malerezman, anpil nanm deja ale, e si yo ta gen chans jwenn yon lòt enkanasyon, poutèt yo ap gen pou travèse vale k ap pèmèt yo bliye a, yo ap toujou vin ankre nan menm reyalite sa a si toutfwa yo ta reenkane a Loksidan.

Men kan byen menm, ak ti limyè ki nan mitan vas tenèb sa a, yon jou n ap rive konprann ke loksidan vale nou san sèl ak tout san.

"Labib pa gen anyen ki verite ladan l. Menm jezi se yon jezi Fabrike".

Ann kòmanse chache vrè orijin nou pou n al mete n an amoni ak egregò premye nesans nou isi ba.

02/01/2025

Youn nan bagay ki fè n toujou panse ke moun gen pwoblèm ak bib ke yo rele lapawòl Bondye a, se paske anpil nan nou pa janm vle fè yon depasman de nou menm.

Konprann yon bagay se yon manti pa bezwen yon moun li nan gwo liv. Dayè, moun ki pran plèzi pou lage vye bout manti sa yo nan kòlèt nou an, se moun ki li nan gwo liv.

Ou menm, ou pa bezwen li nan gwo liv pou w konprann sa yo ap ba ou yo e fè w kwè ladan yo a se manti. Ou sèlman bezwen fè yon travay ki ka pèmèt ou gen yon nivo pou w depase sa yo ap di w yo e chache verite a atravè ou menm.

Nou jis wè nou nan kò sa a epi nou atribye n ak kò sa a. Pandan ke n atribye n ak kò sa a, nou aksèpte tout sa yo ban nou. Men an verite ou plis ke 75% de kò sa a nan 100% ou menm nan.

Otomatikman nou travay menm yon ti kras nan rès 76% nou menm ke n mete sou kote a, n ap rive gen kapasite de refleksyon e konpreyansyon pou n konnen lè yo ap pase n nan rizib e lè yo ap plen nou ak manti.

Yo idantifye n antanke lòm. Men ou dwe konnen ou plis ke sa. Ou plis espri ke lòm. E antanke espri, gen de bagay ou kapab rive dekouvri poukont ou.

Pou w rive fè sa, ou dwe travay pou w detache w de matyè dans sa a ke se nivo ki pi enferyè nou menm nan ke nou itilize pou n fonksyone isi ba, pou n moute vè kò ki pi sibtil yo ki se vrè nou menm nan, pati ki pi siperyè yo e n ap rive konprenn yon bann bagay.

SB.

28/12/2024

Le Mariage.

Youn nan vèsè biblik ke nou toujou pran pou nou kore maryaj yo pou n fè santi ke se Bondye ki kreye l se vèsè sa a.

C'est pourquoi l'homme quittera son père et sa mère et s'attachera à sa femme et les deux deviendront une seule chaire.

Malgre n konnen sa yo se tentennad yo ye, pa t gen yon Bondye vre ki te di pawòl sa a men n ap antre nan analiz li ansanm.

Bib la pale de vèb "Atache"

Nan gramè, vèb atache pa gen okenn rapò avèk vèb marye. Yo pa ni sinonim, ni antonim.

Epi tou, si Bondye ki nan bib la te etabli vrèman maryaj, se bib la ki tap etabli lwa ak prensip pou maryaj la fèt.

Maryaj, genyen pou wè ak LETA. Se LETA ki etabli nòm ak prensip pou maryaj. Maryaj, se yon fason pou diminye delenkans ki te genyen nan tan lontan nan zafè fanm ak gason.

Lontan, ti jan pa t ka gen fanm sou Prens le gran.
Sòyèt pa t ka gen gason sou prensès ladousè.
Donk, fanm ak gason, se te fanmi wayal ki te konm gen sa. E se kantite yo vle.

Pou te fini ak delenkans sa a, kòm sosyete yo ap grandi, LETA pran kontwòl sitiyasyon an epi regilarize sistèm sa a.

Se yon absoud lè yon pastè met fidèl an pinisyon poutèt li pa marye oubyen poutèt li marye nan LETA epi li pa fè nòs legliz.

An Ayiti, pastè selebre maryaj paske nou gen yon sistèm ki konsantre. Zòn rekile yo konn pa menm gen yon bon biwo ofisye Leta sivil. Donk Leta envante maryaj relijye pou kapab bay pastè ki rekonèt yo otorizasyon pou ede yo nan travay sa a.

Si pastè fin selebre maryaj ou epi li paka ba w ak maryaj, tonniskritboulit mw ou pa fout marye. Ou t jis al legliz al fè makak.

E Bondye paka ba w ak maryaj la.

Atachman vle di zanmi, lanmou, linyon etc...

Ou ka marye, depi w pa atache oubyen ou pa gen youn nan sinonim atache yo, soufrans w ap pran

E 2 moun ki atache men ki pa janm rive fè seremoni sa a ke nou rele maryaj la, se sous k ap koule kote yo rete.

Atache vle di youn paka viv san lòt. Men ou ka rive marye epi se 2 towo gwonde.

Ou pral di m lapriyè kapab ede w memm si w pa rive atache.

M pa kwè w ka priye ke pastè Liben ki fè priyè 6h maten, midi, 6h aprè midi, minui ak 3è di maten. Malgre sa, maryaj li pase nan bouyon pise.

Ann plis atache, lè n santi n gen yon bon atachman serye, si n kapab na marye paske pa gen pèt maryaj ki te sòti nan Bondye.

SB.

Yo souvan di ke li pi fasil pou w debite ak yon moun ki pa t konn anyen ke korije yon moun kote ke sèvo li gentan pouri ...
27/12/2024

Yo souvan di ke li pi fasil pou w debite ak yon moun ki pa t konn anyen ke korije yon moun kote ke sèvo li gentan pouri ak yon pakèt manti.

Pandan m kmc grandi, mwen estime ke yo te gen rezon.

Youn nan bagay ki fè li difisil pou n konn kilès nou ye epi travay pou n reyèlman nou menm, se paske depi n piti n ap tande yon bann bagay nan tèt nou epi sèvo nou kapte yo pou verite e a chak fwa pou n sòti pou n pran bon chemen an, lespri perèz ke yo mete nan sèvo nou an pèmèt ke l parèt difisil e menm enposib pou nou.

Pandan m kmc grandi, m ap aprann e konprann ki valè tò yo fè nou. Gen sila yo ki pa t gen chans pou egzamine tò sa yo e ki rive mouri ak sa yo te yo e yo t panse se te laverite.

Genyen tou jiska dat ki kwè nan anpil bagay yo di yo e yo menm tou yo panse se verite.

M ap analize yon Bondye yo fouye nan kòlèt nou a travè bib la avèk yon Jezi, ooooo se bagay grav.

Yon Bondye ki pa Bondye, ki chaje defo, ki anpil fwa gen yon santiman de haine, yon Bondye ki fè lòm epi ki regrèt li te fè l, yon Bondye ki pa menm gen kontwòl twòn kote l chita a alevwa pou tout kòsmòs la, yon Bondye ki renmen mennen pitit li yo a la bouchri, e avanyè map dekouvri pandan m ap kominike ak Man's Fivela ke Bondye yo ba nou an daprè bib la, se yon Bondye ki pa menm fè zanj bò kote l yo konfyans e ta menm gen nan zanj sa yo li twouve ki fou.

Yo vann nou yon Bondye ki plis renmen lagè ke lapè, yon Bondye ki pa kreye lòm pou egal men ki kreye n nan yon dimansyon pou youn se mèt epi lòt la esklav, yon Bondye ki renmen yon gwoup moun men ki rayi yon lòt.

Yon Bondye ki fin kreye tout bèt epi aprè ki kreye lòm, ki pa gen kapasite pou kontwole emosyon ak santiman menm bèt sa a li kreye a, li kite l al rann mal ak menm lòt espès ke limenm li kreye.

Yon Bondye ki aksèpte anba je l la ke lemonn ke limenm li te kreye a ap domine pa satan oubyen lespri malen jan labib di a.

Donk Bondye yo ban nou an se yon Bondye ki aji tipikman menm jan ak lòm. Kidonk, Bondye Bib la se yon Bondye ki gen yon kò fizik emosyonèl menm jan ak nou menm lòm.

Donk, lè m gade tout bagay sa yo, mwen di ke: si se Bondye ki nan bib la n ap suiv, an verite nou fenk kare pa janm konn Vrè Bondye a.

Men pwoblèm ki toujou poze, sè ke nou menm ki te deja gen yon sèvo pouri ak koze Bondye labib la, li parèt difisil e dèfwa enposib pou n wè tout fay ke yo kite pou nou, nou pito ap kalonnen tout moun ki vle fè n wè kèk bagay ki pa t dwe la, joure yo e ba yo tout non pote.

Mwen vin rive yon moman, mwen deside mete kwayans sou kote pou m ap chache verite. Vrè rezon ki kòz kèk bagay e verite ki kache dèyè tout trakrasyon sa yo.

Kwayans rann nou avèg. Kwayans rann nou san rezonman, kwayans rann nou san fòmasyon. Nou jis ap aji sou sa aspè fizik nou ba nou ki reprezante anviwon 14% nou menm e mete lòt 76% nou menm nan ap dòmi yon kote.

26/12/2024

LES PSAUMES.

Kòm nou konnen deja, sòm yo se yon mwayen pou n kominike pi rapid ak konsyans siprèm nan. Genyen diferan sòm pou diferan sitiyasyon.

Men dèfwa m ap poze tèt mw kesyon. Ske m pap bay tèt mw manti nan diferan sòm m ap resite yo?

Mwen ak moun ki te ekri anpil nan sòm sa yo pap viv menm sitiyasyon. Sitou sòm yo di ki se sòm padon yo.

Kòm se yo anpil nan nou fè pi souvan. Gen de vèsè, lè m rive sou yo, franchman m ta dwe modifye yo.

Pa egzanp.

Kèk sitiyasyon ke m pap viv.

1- Tous les jours je marche dans la tristesse car un mal brûlant dévore mes entrailles.

2- Chaque nuit, ma couche est baignée de mes larmes, mon lit est arrosé de mes pleurs, j'ai le visage usé par le chagrin.

3- Je suis comme l'oiseau solitaire sur un toit. Je suis comme le chat-huant des ruines. Je ressemble au pélican du désert.

4- je mange la poussière au lieu de pain, et je mêle des larmes à ma boisson.

5- Mon Dieu, pourquoi m'as tu abandonné? Tu t'éloignes sans me secourir.

6- je suis un ver e non un homme, l'opprobre des hommes et le méprisé du peuple etc........

Lòt bagay ankò, se manipilasyon ki genyen nan tèks yo.

Anpil tèks ekri pou kèk peyi, kèk moun ak kèk vil byen espesifik, nou ramne yo, mete yo nan sans nou e ajoute nou ladan yo.

Gen moun ki pa menm mansyone sa, yo repete yo tipik jan yo ekri a.

Pa egzanp.

Mwen k ap mande padon pou mw epi m di
"Seigneur tu auras pitié de sion"
"Oui, l'Eternel rebâtira sion"
"Israel, mets ton espoir en l'Eternel, c'est lui qui rachèteras Israel de toutes ses iniquités"etc...

Sa k pi rèd la, se lè w wè menm Inisye ki di yo se pitit limyè, yo ap chache verite vle fè m vale yo menm jan ak pastè legliz yo.

Alò, si m poze kesyon sou sa yo ki devan je m nan.
1- se paske m pa gen disèneman pou m konprann yo?
2- se paske sentespri pa anime m pou m pale gwo gòj menm jan ak zòt yo?
3- se paske satan jwenn yon ti plas nan kè m pou l repoze?
4- se sa ki pral fè m tounen bèt nwè pou fidèl yo?

M panse si n ap fè bon bagay, si n vle toujou itilize bib kòm bousòl nan rit nou yo, nou ta dwe revize tèks yo e plase yo nan kontèks pa nou.

Sinon, n ap toujou itilize kèk grenn vèsè biblik ki fè nou plèzi nan bib la swa nan sèvis adorasyon, etid biblik ak lòt aktivite epi menm jan ak gran paranm yo, anpil mouri san yo pa konn anyen nan bib ke yo te di ki se te bousòl kretyen an.

Gen anpil bagay ki pou di sou sijè sa a, si ou menm ou gen pou w di, m ap tann ou nan kòmantè.

SB.

23/10/2024

NAMASKAR🙏🙏🙏🙏🙏🙏🙏!!!!
Kiirtan, o que é?

KIIRTAN: significa "cantar o nome do Senhor”. É uma forma de louvar o Senhor através de um cântico espiritual. O kiirtan realizado antes da meditação cria uma vibração espiritual muito
benéfica e coloca a mente num estado espiritual, purificando­a dos pensamentos. É cantado com um “mantra”, que significa “sons que afastam a mente da obscuridade”. O mantra universal é BABA NAM KEVALAM. BABA significa o mais querido, ou aquele a quem você mais quer ou mais ama. O significado de BABA NAM KEVALAM é: "Tudo é expressão do Ser Supremo". Ao mesmo tempo, há uma dança que é iniciada com o gesto de “Namaskar” (com as palmas das mãos juntas, os polegares tocando o ponto entre as sobrancelhas, e depois o coração), erguendo­-se em seguida os braços acima da cabeça, com as palmas voltadas para cima, num gesto de conexão com o Supremo.

Quando os braços se cansam, volta­se ao gesto inicial de Namaskar, mantendo­-se as mãos
juntas, com os polegares tocando o coração. A dança é muito simples: toca­-se a ponta do dedão do pé direito detrás do pé esquerdo, enquanto se dobra ligeiramente o joelho esquerdo, e vice versa.

Quando se busca uma sintonia de movimentos, todos juntos se movendo na mesma direção, cria­-se uma vibração mais forte.

Endereço

Rua Solferino Agostini
Marau, RS
99150000

Notificações

Seja o primeiro recebendo as novidades e nos deixe lhe enviar um e-mail quando Centre d'Harmonisation et de Culture Intérieure. posta notícias e promoções. Seu endereço de e-mail não será usado com qualquer outro objetivo, e pode cancelar a inscrição em qualquer momento.

Entre Em Contato Com A Prática

Envie uma mensagem para Centre d'Harmonisation et de Culture Intérieure.:

Compartilhar

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram

Categoria