19/04/2022
Ou gen yon zanmiw kap fè « alètman matènel »
Oubyen ou menm kap fèl ? Men kèk ti konsèy tou kout mwne pot pou nou . Sonje abone a paj la , pataje epi poze kestyon.
1- Premye lèt ou wè kap soti nan tetew la li enpotan anpil pou bebe a , yo rele li ‘colostrum ’’ li proteje bebe a kont enfeksyon ki te kapab atake li . Pa okipe okenn moun kap baw konsèy pouw jeté lèt sa .
2- Etid yo montre ke lèt Manman se sèl Manje oubyen likid ke bebe a bezwen pandan 6 Premye mwa li yo . Yo rele pratik sa ‘’ allaitement maternel exclusif ‘’ nan 6 Premye mwa timoun nan pa met anyen nan bouch li aprè tete ou . Ou pa bezwen pè pou timoun nan li pap gen anyen tout sa lap bezwen poul ret an vi nomalman lap jwenn yo nan tetew , se pou sa fok ou asirew kew byen manje .
3- Kontak po a po ant ou menm a bebe a li enpotan anpil , sa ap ede ou devlope yon lyen afektif ak li , lap ede reflèks manje bebe a reveye e sa ap edew produit plis lèt tou .
4- Chita oubyen kouche konfòtab, janw santi kap bon pou nou 2 a , chaje pozisyon ou ka kenbe bebe a . Pote bebe a bay tete a olye se tete a ou pote bay bebe a . Kenbe li byen sou ou pou vant li kole a kòw, nen li a pwent tetew, menton li a tetew épi dèyè li a kòw.
5- siw wè li kite tete a eseye metel nan lòt la , si wap retire li nan tete a mete 1 dwèt ou tou dousman nan kwen bouch li jiskaske li bay vag. Si wap soti tire lèt la mete nan 1 bibron kite pou yo ba li .
6- Siveye bebe a pito olye ou Siveye lè pouw bal manje . Siveye chak Ti jès ou wè li konn fè leu li bezwen tete , tankou : niche po bouch li , mete menl nan bouch li , oubyen lap fè ti jès a bouch li . Depiw fin sezi ki jès li fè leu li grangou chak ou wè li fèl bal tete a. Bebe a bezwen lèt souvan nan Premye semèn li fèk fèt yo , épi plis wap bal tete se plis tetew ap produi lèt .
7- Alètman matènel ekskliziv la li edew ekonomikman , nan yon monde ki difisil konsa , 6 mwa pandanw pa achte lèt wap fon bon ekonomi. Siw ta santiw gen ti difikilte, pale a 1 fanmiw oubyen 1 zanmiw ki te fè alètman déjà oubyen pale a yon doktè, 1 enfimyè, 1 fanm saj....
Pataje, abone poze kestyon .