Dr Jean David Laurangilles officiel

Dr Jean David Laurangilles officiel se yon paj ki la poun jis pataje enfomasyon medikal ,nan fason poun ede kek moun gen konesans sou yon seri maladi kap fe raj ke yo pa konnen

365 jours 52 semaines 12 mois  Eske se pa Gras 🙏🏿🙏🏿🙏🏿🙏🏿
31/12/2025

365 jours
52 semaines
12 mois
Eske se pa Gras 🙏🏿🙏🏿🙏🏿🙏🏿

26/11/2025

Yon ti Renovasyon nan D&D Record's

AlètmanSiw Pral manman pou premye fwa epiw deside bay pitit ou tete Tande sa premye fwa wap bay bébé tete lap fèw mal Ou...
15/10/2025

Alètman

Siw Pral manman pou premye fwa epiw deside bay pitit ou tete

Tande sa premye fwa wap bay bébé tete lap fèw mal
Ou ka menm kriye
Men fòk ou kontinye bay bébé a tete
Apre yon 3-4 jou wap abitye epiw pap trò santi doulè a
Pa bliye lèw finn akouche tou depan de janw te manje pandan grosès la wap gen anpil lèt nan tete w
Toujou mete yon soutyen ki adapte ak alètman pou kenbe tete a
Nb: Pa mete soutyen ki trò sere ki pou peze tete w ki pou fè lèt ou koule 🤏

💖 🙏🏽

l w

fans
Nurse Lourdemia👩🏻‍⚕️📌
゚ ゚viralシfypシ゚

Koze yo anpil ui nan peyi an 🤔🤔🤔🤔Ou ka wel ap fe bel tikob li andan Se mèt kò ki veye kò
02/10/2025

Koze yo anpil ui nan peyi an 🤔🤔🤔🤔
Ou ka wel ap fe bel tikob li andan
Se mèt kò ki veye kò

21/09/2025

Bonne nuit tout moun 👌👌

02/05/2025

Mw tonbe sou video sa mw deside pataje l

Kesyon map poze eske timoun sa yo pa konnen ke maladi sa yo egziste

Maladi trasmisib:
klamidya, gonore, èpès jenital, VIH/SIDA, papillomavirus imen (HPV), sifilis, ak trikomonaz.

Gwosès endezire tou

Mank edimasyon seksyèl fè timoun yo ekspoze yo ak yon seri de maladi .

Pou yo pa pran maladi se Sèl si yo ta gen yon sèl patnè menm doute,
Paske generasyon sa pa gen yon sèl patnè.

Paran yo pridan ak timoun yo nou wè radyografi sa .Depiw gen timoun fok jew sou li 24 sou 24 yon koudèy yo lot kote ka f...
31/03/2025

Paran yo pridan ak timoun yo nou wè radyografi sa .

Depiw gen timoun fok jew sou li 24 sou 24 yon koudèy yo lot kote ka fatal .

No tengo derechos en la imagen

Esken te konnen yon fi ka fé 2 pitit pou 2 papa diferan?Premye ka Heteropaternelle superfecondation te rapòte nan litera...
22/03/2025

Esken te konnen yon fi ka fé 2 pitit pou 2 papa diferan?

Premye ka Heteropaternelle superfecondation te rapòte nan literati medikal nan 1810 pa John Archer, premye doktè a gradye sou kontinan Ameriken an. Li te akouche yon fi ki fe Yon marasa, youn te blan ak lòt nwa a, manman an te gen relasyon ak 2 moun. Yon lòt ka te dekri nan lane 1940 .

Yon reyalite trè ekstrèm ki, syantifikman palan, se ke yo rekonèt kòm '(HETEROPARTERNAL SUPERFUNDACIÓN'). Yon fenomèn ki fèt kèk okazyon, lè yon dezyèm ovil, fegonde pandan menm s*k la règ, epi li fètilize pa yon espèm ki soti nan yon gason diferan nan relasyon seksyèl separe.

an desanm 2020 an kolonbi yon ka te repete

tout Bagay te kòmanse ak demand pou yon tès patènite konsènan jimo yo. Tou de te fèt, apre 35 semèn nan gwosès la. Premye a te peze 1.7 kg, dezyèm 2.3 kg la. Tès patènite a te fèt ak konsantman an nan papa a sipoze ak manman an.

Pat gen okenn dout sou idantite manman an se mamanm byolojik bebe yo, Se poutèt sa Yo te konkli ke 2 marasa yo te gen papa diferan, analyses yo jenetik ki te fè li posib yo etabli ke papa a sipoze vrè papa a byolojijik premye jimo a men eskli ke li te kapab Papa dezyem jimo a .
Fè marasa ki gen papa diferan se yon evènman ki ra. Sa a se sa espesyalis biyoloji repwodiktif rele pou "superfectation heteropateral".

Patajel epi dim siw te konn gen posibilite pou sa fèt

Anpil lanmou pou okap♥♥♥♥♥
17/03/2025

Anpil lanmou pou okap♥♥♥♥♥

Eske w te konnen yo klase Doulè règ lan an 2 kategoriDoulè pandan  règ  la yo klase nan 2 gwoup, dapre kòz la: 1)Dismeno...
23/02/2025

Eske w te konnen yo klase Doulè règ lan an 2 kategori

Doulè pandan règ la yo klase nan 2 gwoup, dapre kòz la:

1)Dismenore primè

2)Dismenore Segondè

-Dismenore Primè li refere a doulè lè règ ki rive plis ou mwens nan moman lè peryòd règ nan lòt fanm ki an sante yo se fè kòmanse. Nan pifò ka yo, doulè yo pa gen okenn rapò ak pwoblèm espesifik nan matris la oswa lòt ògàn tankou basen an. Selon ekspè yo yo di ke ogmantasyon nan aktivite òmònal nan prostaglandin, ki rive nan matris la, jwe yon wòl nan kondisyon sa a.

-Dismenore Segondè se doulè règ ki devlope posteryèman , nan fanm ki te konn gen peryòd nòmal. Souvan, li gen rapò ak pwoblèm nan matris la oswa lòt ògàn basen, tankou:

Andometryoz

Myòm

Aparèy Intrauterine (IUD) ki fèt an kwiv

Maladi enflamatwa nan basen

Sendwòm premanstruèl

Enfeksyon seksyèlman transmisib

Estrès ak enkyetid

-Men kèk mezi ki ka edew nan moman rég lan

Mezi sa yo ka ede w evite itilize nan medikaman ki mande pou yon resèt medikal:

Aplike yon twal ki mouye ak dlo tyèd sou vant la , anba lonbrik la.

Bwè likid cho pa bwe dlo glase .

Manje ti kras manje, men manje souvan.

Kenbe janm ou anlè pandan w kouche .

Eseye ht anti -enflamatwa yo vann san preskripsyon tankou ibipwofèn . Kòmanse pran li yon jou a anvan rég lan kòmanse an epi kontinye pran li regilyèman pandan premye jou nan peryòd rég lan.

Pran douch ak dlo cho .

Mache oswa fè egzèsis regilyèman men se pa gwo egzesis.

Pèdi pwa si ou se ki twò gwo. Regilye fè egzèsis aerobic.

Si mezi sa yo pa mache konsilte yon espesyalis pou ka edew jwenn yon solisyon ka problèm sa

Si Ou son fanm ansent Ou remake1)Ou gen gwo doulè anba vant.2)gwo tèt fé mal.3)wap bay san nan biuboune.4) wao bay likid...
18/02/2025

Si Ou son fanm ansent Ou remake

1)Ou gen gwo doulè anba vant.

2)gwo tèt fé mal.

3)wap bay san nan biuboune.

4) wao bay likid nan bouboune
5) ou gen gwo fyèv.

Mw konseyw al lopital sa yo se siy alam yo ye.

🙌🏿🙌🏿🙌🏿🙌🏿

Dirección

Santiago
051020

Página web

Notificaciones

Sé el primero en enterarse y déjanos enviarle un correo electrónico cuando Dr Jean David Laurangilles officiel publique noticias y promociones. Su dirección de correo electrónico no se utilizará para ningún otro fin, y puede darse de baja en cualquier momento.

Compartir

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram

Categoría