Dr. Jean-Baptiste

Dr. Jean-Baptiste Nan paj sa nou pra l enfòme w sou tout sa ou sipoze konnen sou sante w, e nap aprann ou konnen plis enfòmasyon sou tout maladi ke lèzòm ap sibi de yo chak jou.

+50946491861

Yon gwo salitasyon pou nou tout ki deja bay yon like a paj lan, jodya se yon plezi pou m vin pale nou de yon maladi mpan...
09/06/2020

Yon gwo salitasyon pou nou tout ki deja bay yon like a paj lan, jodya se yon plezi pou m vin pale nou de yon maladi mpanse anpil nan nou pa two okouran de li men ke anpil nan nou kapab sibi de li deja nan lavi nou.

Ok pou n komanse maladi mpral pale nou de li jodya rele "Chlamydia" .
Kisa Chlamydia a ye?
Se yon MST sa vle di maladi ou ka pran nan fè sèks, li koze pa yon bakteri ke yo rele chlamydia trachomatis, fanm kapab pranl konsa gason tou, fanm kapab pran maladi sa ah nan zone utérus yo sa nou rele matris lan, yo ka pranl tou nan gòj yo tou. Gason kapab pran maladi sa nan urètre yo ki se tube ki nan peni anh ki pèmèt gason yo p**i anh, konsa tou yo pranl nan gòj yo tou.

Kijanw ka pran maladi sa?
Ou ka pran maladi sa nan fè sèks oral, vajinal oubyen a**l avèk yon moun ki gen enfeksyon anh deja.
Yon fanm ki ansent kapab bay timoun li anh maladi sa pandan akouchman .
Siw te genyen maladi anh yon fwa deja pa vle di ke ou pap genyenl ankor alors li toujou bon pou si wap fè sèks ou fèl avèk yon moun ki pa enfekte.
Ki moun ki gen plis risk pou pran maladi sa?
Maladi sa plis frekan kay jèn yo spesyalman medam yo, gen anpil posiblite pou kontajye si wap pran pleziw nan fè sèks san kapot oubyen siw nan gen plizyè moun wap kouche avèl.

Kèk sentom maladi sa prezante kay medam yo
1- kapab gen ti sekresyon nan vajen anh, kap gen yon odè ki trè fort
2- kapab genyn ti difikilte lè wap p**i
3- wap santi anpil doulè lè wap fè sèks

Pou mesye yo men kèk sentom yap ka prezante
1- yo kapab gen ti sekresyon kap soti nan peni yo tou
2- yap gen difikilte lè wap p**i
3- ap gen ti doulè nan zone tèt peni an
4- ti doulè nan yonn oubyen tou 2 testikil yo men sa pa yon sentom ki two prezante.

Ki lot maladi Chlamydia anh ka prodwi nan corps nou ankor?
Nan medam ki gen maladi sa epi ki pa trete yo li kapab ale jis nan uterus oubyen trompe de fallope medam yo konsa li kapab koze ti enflamasyon nan zone pelvis nou sa vle di zone senti nou,konsa tou li ka afekte sistèm reprodiktè medam yo tou, li kapab provoke enfètilite kay medam yo sa vle di moun nan ka pa kapab fè timoun men sa pa tèlman frekan lakay mesye yo. Pa ekzanp timoun ki fèt e ke manman yo te genyen maladi sa kapab sibi de anpil lot pwoblèm tankou pa egzanp enfeksyon nan zye yo oubyen genyen pwoblèm nan poumon tou.
Yon chlamydia ki pa trete kapab ogmante risk pou yon moun genyen oubyen transmèt VIH/SIDA.
Nb:pou evite jwenn maladi sa se pa fè sèks vajinal,a**l oubyen oral, oubyen ou just kenbe relasyonw avèk yon sèl patnè pou evite ou tonbe sou moun ki enfekte deja e sitou ou dwe toujou itilize kapòt.

Se te yon plezi pou m te prezante nou sujet sa, kontinye sipote sa nan fason nou kapab e sitou sonje fè zanmi nou like paj lan pou plis moun kapab konnen sa nap pataje yo.

30/05/2020

Bonswa tout moun, Jan n te anonse anh jodya nou pral pale de kansè nan ovè ke anpil nan nou kom fanm gen enkyetid sou li.

Avan nou ale plis lwen kisa ki ovè an, ovè an pou anpil moun ki Pat knnen ògan nan medam yo ki prodwi sa yo rele ovil lan epi tou menm ovè sa a prodwi òmon seksyèl lakay medam yo tou.
Kansè nan ovè se yon tip de kansè ki komanse nan ovè an menm, kom nou tout konnen chak fille genyen 2 ovè, ki divize yonn agoch e yonn adwat. Kansè ki plis frekan lakay medam yo detekte se lè li rive nan rejyon pelvis moun nan, sa nou souvan konn rele senti anh epi tou li konn rive nan rejyon vant moun lan tou, men lè sa rive konsa li difisil pou yo ka tretel, trètman kansè se yon trètman ki mande pouw pran bonè avèl, paske li plis fasil pouw tretel lè li plase sèlman nan pati ovè an.

Men kèk sentom ou ka genyen lè kansè an rive nan yon nivo avanse
1-pati nan vant ou ap anfle
2-moun lan ka toujou genyen anvi manje
3-wap santiw mal alèz pafwa nan sentiw
4-wap toujou genyen anvi pou w p**i

Kilè kapab al konsilte yon medsen pou sa?
Siw te genyen yon fanmiw ki soufri kansè nan ovè oubyen nan tete, pale avèk medsen an poul a**lize risk kew genyen pouw rejwenn li an konsa li kapab edew.

Men faktè de risk ki genyen pouw atann kansè nan ovè
1- siw rive nan laj ki avanse, pa ekzanp kansè anh ka pran fanm a kanpot laj men li plis frekan sou fanm ki gen 50 oubyen 60 an yo
2- siw te genyen yon fanmiw ki te genyen kansè nan ovè sa kapab yonn nan risk pou genyenl tou
3- fanm ki te genyen règ yo bonè kapab genyen kansè nan ovè tou.

Men kesyon anpil moun renmen poze sou sijè èske yon moun ki fè kansè nan ovè ka fè pitit ebyen si nou al pi lwen sou kesyon sa kom nou knnen fonksyon ovè an se prodwi ovil kay medam yo sa vle di san ovil yon fanm pa ka ansent, yon fanm ki gen kansè nan ovè yo fè yon operasyon chiriji pou li ki rele ooforektomi ki se lè yo retire yonn oubyen tou 2 ovè yo, alors mpanse n ka gen yon repons sou kesyon fè pitit lan.

Toujou sonje propoze yon tèm nan komantè yo kew ta renmen nou pale sou li epi sonje fè zanmiw like👍paj lan pou plis moun ka wè sa nap pataje yo.

05/05/2020

Bonsoir mwen espere nou anform
Map fè nou konnen ke nou pral relanse paj lan nan jour yo la, avèk anpil bel contenu ki trè enteresan sou zafè la sante epi sou tout saw ta renmen konnen sou la medsin

Sonje please fè zanmiw like paj lan pou ankouraje nou 🙏🙏🙏🙏🙏🙏🙏

Dirección

Santiago

Teléfono

+18096170832

Página web

Notificaciones

Sé el primero en enterarse y déjanos enviarle un correo electrónico cuando Dr. Jean-Baptiste publique noticias y promociones. Su dirección de correo electrónico no se utilizará para ningún otro fin, y puede darse de baja en cualquier momento.

Contacto El Consultorio

Enviar un mensaje a Dr. Jean-Baptiste:

Compartir

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram

Categoría