Galego Negocio en linea de ventas de productos naturales

ÈSKE N TE KONNEN PLANT SA GWOSI DACH, TRETE ENFEKSYON, SERE BOUBOUN FÈ MEDAM YO VIN PI DOUS, TRETE EMWOYID, GWOSI ATLÈT,...
25/10/2022

ÈSKE N TE KONNEN PLANT SA GWOSI DACH, TRETE ENFEKSYON, SERE BOUBOUN FÈ MEDAM YO VIN PI DOUS, TRETE EMWOYID, GWOSI ATLÈT, KASE VANT KI GWO..?
W ap sezi tande kòman yon plant ekstwòdinè pou lasante ak pou mete fi kou gason anfòm!
Pataje videyo sa tout kote pou tout fi konnen yo ka trete enfeksyon, yo ka gen mechan dach pou tout tan gras a plant.
Depi lè nou fin pibliye premye atik sou paj lan, plizyè santèn moun ap kontakte nou chak jou pou yo ka jwenn plant yo. Nan sans sa a, nou al chèche yon konpayi ki vann yo Ayiti, Sendomeng ak Etazini. Tout moun ki bezwen plant yo ap kontakte +509 32 78 0814 oubyen y ap klike sou https://wa.me/message/C6ZLT3DSLAGHM1
Mèsi !

PWOBLÈM DOULÈ RÈG, PA REGLE, RÈG IREGILYE, ENFÈTILITE, TWOUB ÒMONAL, DOULÈ NAN TETE, KIS, FIBWÒM, PA KA OVILE AK TWONP B...
24/10/2022

PWOBLÈM DOULÈ RÈG, PA REGLE, RÈG IREGILYE, ENFÈTILITE, TWOUB ÒMONAL, DOULÈ NAN TETE, KIS, FIBWÒM, PA KA OVILE AK TWONP BOUCHE GEN SOLISYON GRAS A PLANT
Gwo doulè règ, kis nan ovè, pa gen règ menm, règ iregilye, pa ka ovile, doulè nan tete, toujou akable e fatige, mank libido, … konn gen rapò dirèk ak dezekilib òmonal kay fi.
Yon dezekilib òmonal fèt lè genyen twòp oubyen twò piti kantite òmón ki pwodui. Òmón yo se yon seri eleman chimik glann sistèm andokrinyen ki nan kò moun pwodui, yo vwayaje nan san pou jis yo rive nan tisi ak ògàn yo pou pote mesaj nan kò an konsènan, batman kè a, somèy, tanperati kò a, apeti, elatriye.
Dezekilib òmonal ka lakoz moun : manke somèy, manke apeti, gen gwo tèt fèmal souvan, gwosi nan yon bat je, megri nan yon bat je, nève souvan, …, pou n site sa yo sèlman. Selon glann ak òmón ki afekte yo, sentom yo diferan youn de lòt e gason ak fi pa gen menm sentom. Gason ak fi ka gen pwoblèm òmón kwasans, estewoyid, adrenalin, ensilin. Dezekilib òmonal gason fèt nan nivo Testostewòn, tandiske pa fi an fèt nan nivo Estwojèn-Pwojestewòn. Nan tèks sa a, n ap chita sou dezekilib òmonal fanm, pliske se li menm ki enterese nou.
Plizyè faktè ka koz dezekilib òmonal nan kò moun, tankou : yon medikaman moun nan ap pran, anviwònman l ap viv e fonksyone, kondisyon mantal li, gwosi anpil, viv ak anpil estrès, mank egzèsis fizik, …
Dezekilib òmonal bay moun maladi jiskaske yo rive pa ka fè pitit.
Gen yon seri maladi nou jwenn anpil kay medam ki nan laj pou fè pitit yo, maladi sa yo fè anpil fi soufri e menm rive esteril. Pami yo nou jwenn kis nan ovè oubyen Sendwom Ovè Polikistik (SOPK), gwo doulè pandan règ (Dismenore, Andometriyoz), pa gen règ menm (Amenore), règ iregilye, pa ovile, fibwòm, twonp bouche, …
Lamedsin fè anpil rechèch ak travay pou rive libere medam yo de maladi sa yo k ap toumante yo, nan anpil ka pasyan yo konn pa rive jwenn solisyon. Nan sans sa a, nou pote enfòmasyon pou ou sou plant ki kapab ede.
N ap prezante w plant Vitèks ki vrèman efikas nan ekilibre òmón feminen yo pou fasilite bon fonksyònman kò an e menm rive elimine yon seri maladi, ki sitou lye ak pwobèm dezekilib òmonal.
Vitèks (Vitex Agnus-Castus) se yon plant ki ap itilize depi antikite nan medsin natirèl, chak nouvo rechèch sou li montre se yon plant ki vrèman entèresan e ki bon pou twoub manstriyèl, twoub menopoz, absans règ, iregilarite règ, doulè règ, …, favorize fètilite medam yo.
Yo itilize l pou kis nan ovè, fibwòm, doulè anba vant, fi ki pa ovile, twonp bouche, mank somèy ki lye ak twoub òmonal ak doulè nan tete, pou tabli ekilib ant Estwojèn ak Pwojestewòn, sitou lè yo asosye l ak lòt plant ki gen kapasite pou ranvèse dezekilib òmonal yo.
Se ekilib òmonal ki pèmèt kò fi fonksyone byen, pou pèmèt li rive fè pitit.
Fòk nou presize tou, plant sa bay rezilta sou tan ki long, omwen 3 mwa konsomasyon.
Menm si plant lan efikas vre, moun pa dwe fè tretman poukont yo san yo pa al kay medsen pou fè egzamen e konnen ki sa yo genyen e ki sa egzakteman ki koz pwoblèm sante yo genyen an paske dezekilib òmonal, twoub manstriyèl ak menopoz konn konplèks. Selon avi medsen ansanm ak bilan klinik yo, y ap konnen si yo kapab konsome Vitèks.
Li vrèman enpòtan pou nou konsome pwodui ki byen doze menm si se plant, yon fason pou nou pa pran plis dòz ke sa kò nou ka sipòte.
Nan lòt piblikasyon, n ap antre plis an detay sou chak maladi nou sot site yo, annatandan n ap mande chak moun ki li tèks sa a, pou fè plis rechèch pou ogmante konesans pa yo.
Nimewo watsap paj lan tou afiche, nou ka kontakte paj lan pou asistans, konsèy ak plis enfòmasyon.
Depi lè nou fin pibliye atik sa a, plizyè santèn moun ap kontakte nou chak jou pou yo ka jwenn plant yo. Nan sans sa a, nou al chèche yon konpayi ki vann yo Ayiti, Sendomeng ak Etazini. Tout moun ki bezwen plant yo ap kontakte +509 32 78 0814 oubyen y ap klike sou https://wa.me/message/C6ZLT3DSLAGHM1
Mèsi !

resevwa prodwi yo nan nenpot vil ou y nan sen domeng!!!!!!Hacemos envíos nacionales (republica Dominicana)
03/03/2022

resevwa prodwi yo nan nenpot vil ou y nan sen domeng!!!!!!

Hacemos envíos nacionales (republica Dominicana)

01/03/2022
01/03/2022

Dirección

El Almirante Calle 9
Santo Domingo
1142

Página web

Notificaciones

Sé el primero en enterarse y déjanos enviarle un correo electrónico cuando Galego publique noticias y promociones. Su dirección de correo electrónico no se utilizará para ningún otro fin, y puede darse de baja en cualquier momento.

Compartir