01/08/2022
𝗧𝘄𝗼𝘂𝗯 𝘀𝗲𝗸𝘀𝘆𝗲̀𝗹 𝗴𝗮𝘀𝗼𝗻
(D͢i͢f͢i͢k͢i͢l͢t͢e͢ ͢p͢o͢u͢ ͢y͢o͢n͢ ͢g͢a͢s͢o͢n͢ ͢b͢a͢n͢d͢e͢ ͢o͢u͢b͢y͢e͢n͢ ͢r͢e͢t͢e͢ ͢b͢a͢n͢d͢e͢)
Twoub seksyèl gason yo trè komen. Li ka prezante nan nenpòt laj, 18, 25, 30, 50, 100 ane. Lakay jèn gason li gen tandans bay anpil difikilte. Le yon gason prezante twoub seksyel sa, swa li pa ka kanpe menm oubyen li kanpe men li ejakile rapid, sa konn fel santil wont anfas fi a. Genyen ki konn santi yo imilye devan. Yo santi fi a rejte yo paske yo pa ka bay bon randman sou kabann. Gen plizyè bagay ki ka koze pwoblèm sa, defwa gason an konn santil pè anfas fi a, defwa se pwoblèm oubyen troub òmon, defwa tou se koz kèk maladi ki konn yon ti jan difisil pou trete tankou kansè.
Pou yon peni kapab kanpe, li dwe ranpli avèk san. Genyen tib oubyen venn avèk atè ki pèmèt san s*kile pou rive nan peni an, pou peni an kapab kanpe tib sa yo dwe ranpli ak san. Ebyen le tib sa yo domaje, yo pa rive ranpli avek san, sa vin pèmèt peni an pa ka kanpe. Kisa ki ka koz venn avèk atè yo domaje? Premyeman gen maladi kè, dyabèt (maladi s*k), tansyon wo, moun ki obèz, kolestewòl ki wo, moun ki fimen anpil, moun ki bwè anpil alkòl epi ki konsome dwòg, trètman kont kansè pwostat, nivo òmon ki rele testostewòn nan li ba, estrès, depresyon, twoub somèy, avek anpil lòt ankò. Pou testostewòn nan, ou kapab leve nivo a avek egzèsis chak jou epi manje an sante.
Yon gason ki strese, ki santi l peur, ki deprime le lap fè sèks avek menaj oubyen madanm li, sa kap ka ede l se yon s*koterapi, epi kèk medikaman. Siw soufri maladi kwonik tankou dyabèt, ou dwe kontwole li, kontwole tansyon wo, epi kolestewòl la, elatriye.
Siw soufri ejakilasyon prekòs oubyen difikilte pou rete kanpe, gen plizyè terapi ou ka suiv avek swa yon iwològ, yon entènis, yon andokrinològ, epi lòt espesyalis.
Li enpòtan pou jere twoub seksyèl la paske gen anpil relasyon oubyen fwaye ki kraze akoz de twoub sa. Pwoblèm sa konn koz gason an ap mache tèt bese tankou li tap chèche yon mil goud li gen ki tonbe. 😂
Dr. Mesilien