Clinique Hello Docteur

Clinique Hello Docteur Yon lòt kalite sévis sante nan zile Lagonave

17/07/2024
Pase vin pran sèvis
16/07/2024

Pase vin pran sèvis

Semén sa nou inogire batiman administratif Village Haiti Alive la.BATIMAN SA GEN LADAN LI:- SOGOMIC.SA ( yon mikwo kredi...
13/03/2024

Semén sa nou inogire batiman administratif Village Haiti Alive la.
BATIMAN SA GEN LADAN LI:

- SOGOMIC.SA ( yon mikwo kredi pou prete moun yo lajan pou yo kapab degaje yo)

-Clinique Médicale Bruce&Sharon ( yon sant Sante ki la pou sévi moun ki ap viv nan Vilaj la ak tout lòt moun ki abite nan zòn lan)

- Yon Famasi kote moun yo ap kapab ht medikaman ak 50% rabé

- Bon signal WIFI ( Starlink) pou abitan kap viv nan vilaj la.

Ou dwe toujou tcheke eta sante w pou pi piti yon fwa pa ane.Ann pwofite espesyal check-up sa a.Ak selman 1500 goudKonsil...
14/01/2024

Ou dwe toujou tcheke eta sante w pou pi piti yon fwa pa ane.
Ann pwofite espesyal check-up sa a.
Ak selman 1500 goud
Konsiltasyon + egzamen

Bonjou,M espere ou anfom Al òganize aktivite Klinik mobil nan Sainte Hélène (Jeremie) reprezante anpil bagay pou mwen, k...
21/08/2023

Bonjou,
M espere ou anfom

Al òganize aktivite Klinik mobil nan Sainte Hélène (Jeremie) reprezante anpil bagay pou mwen, kite m pwofite diw yon gwo mési déske ou toujou sipòte aktivite sa a.
M pa konnen siw te konn sa déjà mwen fét nan sainte Hélène Jeremie, manman mwen se te moun Jeremie e Papa m te gen rasin li nan Lagonave
Sa vin fé m 50% moun Jeremie e 50% moun Lagonave. ( depi plis ke 23 lane m stab Lagonave nét)
Men m pa janm bliye 14 premye ane nan vi m ke m te pase nan vil Jeremie avan mwen te vini Lagonave.

- katye popilé yo rele Sainte Hélène sa raple m kote m soti, li raple m nan ki sitiyasyon Bondye pran m pou li mete m kote mwen ye jodi a.

- Istwa m prouve ke ti nég ki fét nan geto, ki grandi nan geto kapab vin nenpòt bagay sil fòme tét li,travay e mete prensip ak disiplin nan lavi li.

- mwen fét e grandi nan mitan moun ki pòv, gras ak sekou Bondye,travay ak edikasyon mwen arive soti tét mwen.
Depi 2015 mwen deside mete konesans mwen,lajan m ak tout relasyon mwen ansanm pou ede moun sa nan mezi mwen kapab.
Travay sa pa fasil,an Haiti fé byen pa fasil Men m pap dekouraje.
Mwen renmen travay map fé a ki se ede moun ki nan bezwen ak ede yo soti nan mizé,
m santi m byen lé map fétravay sa e m vle konsakre vi m pou sa.

* Mési deske ou toujou reponn prezan a chak fwa m mande w sipò w
* gras ak sipò w 555 moun nan Sainte Hélène (Jeremie) jwenn yon ti moso laswenyay ane sa a.
* mési a ou menm ki tap priye pou nou, ou menm ki fé kado medikaman ak lajan pou aktivite sa te rive posib.

Nap kase randevou pou Août 2024 si Papa Bondye ba nou lavi.

🥰🥰Mwen renmen nou anpil🥰🥰🥰

Dr. William Hyppolite

Adresse

Anse À Galets
509

Heures d'ouverture

Lundi 08:00 - 18:00
Mardi 08:00 - 18:00
Mercredi 08:00 - 18:00
Jeudi 08:00 - 18:00
Vendredi 08:00 - 18:00
Samedi 08:00 - 12:00

Téléphone

+50933306101

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Clinique Hello Docteur publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter La Pratique

Envoyer un message à Clinique Hello Docteur:

Partager

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram

Type