Inf joicin

Inf joicin Shopping

Atansyon pa bwè antibiotik lèw Finn gen reg ou❌ -JOICIN     (ann lanse yon kanpay pataje tèks sa nan tout gwoup yo pou e...
31/10/2022

Atansyon pa bwè antibiotik lèw Finn gen reg ou❌

-JOICIN



(ann lanse yon kanpay pataje tèks sa nan tout gwoup yo pou ede medam nou yo kite abitid sa,100 gwoup pou pi piti)‼️

Gen anpil fi an Ayiti kap bwè antibyotik aprè règ yo panse sa ap netwaye vajen yo, san yo pa konnen a ki danje yo ekspoze, eben men danje yo,anpil pa konn sa ,pa kenbe konesans sa pou kòw

genyen ki konn fè sa yo panse sa ap ede vajen yo dekrase yap ka al fè sèks pi rapid , avan tou fòn konnen vajen an pa bezwen sa li netwaye pou kòl

Pataje tèks sa pou plis moun nan peyi an ka jwenn konesans paske son pratik ki gen kèk tan nan peyi an, fi kap bwè bwè antibyotik nenpòt kòman, se youn nan rezon ki fè anpil fi ap plenyen di yo gen yon enfeksyon ki pa janm trete e pratik sa koz anpil moun gen gwo problèm pou konbat maladi enfektyez tankou tibèkiloz , nemoni, gonore, tifoyid etc...

e si yo trape yon enfeksyon ki vin grav sa konn koze lanmòl, li jis nan fen tèks la m bay konsèy pou pa sa rivew...
OMS(òganizasyon mondyal sante)deklare pratik sa son menase pou sante popilasyon yo

Ann fon ti rapèl kisa antibiotik la ye ?
Se yon klas medikaman ki gen ladann dè santèn medikaman ki la pou konbat yon jèm mikwòb
nou ka konn kèk tankou amoksisilin, pen*silin etc...e yo konn itilize yo pou prevni enfeksyon , lè mikwòb yo kòmanse bay problèm li abouti a sa nou rele enfeksyon , gen dè e dè milye de mikwòb...

Tout antibiotik pa aji sou tout mikwòb
Problèm ki vin gen a bwè antibiotik san okenn ekszamen, san avi medsen pou mikwòb kap baw problèm nan ou souvan bwè yon antibiotik ki pa aji sou li sa vin fè a fòs kew ap plede ekspoze kòw a antibiotik sa mikwòb ki nan kòw yo vin reziste a antibiotik la, vwala kounya ou gen yon enfeksyon e mikwòb yo gentan reziste a antibiotik la donk antibiotik ou pral bwè an pap fè anyen pou ou

Pratik sa anpil ayisyen renmen fèl bwè amoksisilin, pen*silin , flikonazòl etc... pou konbat enfeksyon san yo pa konn ki mikwòb ki kozel , gen medam ki bwè antibyotik yo menm pou netwaye vajen yo sa ki pa gen okenn rapò a vajen, sa vin fè yo konn gon enfeksyon ,yo konn remake ki pa janm geri jiskaske enfeksyon an vin grav anpil

lè medam sa yo gen yon enfeksyon yo konn remake enfeksyon sa pa janm geri jiskaskel grav e konn menm anpeche medam sa yo fè pitit, nan moman fi an pral gen règ li , li konn remake yon sekresyon blanch sa pa gen okenn rapò a enfeksyon , se nòmal nan fonksyonnman vajen an,se kouch vajen an kap renouvle ki konn bay sekresyon blanch sa

Konsa tou gen fi nan moman règ nan ki konn gen yon ti kanal brile sanl pa konn ki jèm( gen anpil anpil jèm ki ka baw kanal brile) li pran antibyotik, saw tande an bagay yo agrave li kòmanse p**i san, li kòmanse gen gwo doulè anba vant etc...

Pratik sa fèw:
- pèdi anpil lajan nan achte medikaman

-fèw fè anpil tan lopital (plis tan ke w ta sipoze fè) donk plis kòb ap depanse

-diminye chans pou konbat yon enfeksyon e ogmante chans pou mouri etc...

Kisak pase an reyalite?
Se rezistans mikwòb ki nan kò nou vin devlope fas a yon antibiotik a fòs kew ap ekspozel a antibiotik la e pratik m tap pale ki koze sa se lè yon fi pran plezi bwè nenpòt antibiotik aprè règ li , genyen ki konn bwèl menm lè yo pa gen règ pou nenpòt ti enfeksyon

Lèw provoke rezistans lan ou ka :
-gen gwo problèm trete yon enfeksyon

-ou pral pèdi tan nan plede achte medikaman plis depans

-ou pral fè plis tan lopital , plis depans

-ou gen mwens chans pouw geri e plis chans mouri de yon enfeksyon

Movèz nouvèl m gen pou nou se ke denyè antibiotik ki te sòti an sòti depi 20 èm syèk , antibiotik nou ret sou mache yo la mikwòb yo gentan reziste a pifò nan yo, sa trè enkyete OMS ki otomatikman deklare sa kòm etan problèm sante piblik e wè anpil maladi kòmanse ap vale teren kounya...

Rezistans sa konsène tout peyi nan mond lan e touche peyi ki pòv yo plis paske pa gen yon kontwòl medikaman sou mache yo, moun achte medikaman nenpòt kòman san preskripsyon

E yon lòt bagay ki koze rezistans lan ogmante an se nan vyann nap manje yo anpil nan bèt sa yo te konn resevwa antibiotik pou yo pat malad vwala kounya ou menm kap manje antibiotik endirèkteman preske chak jou... e 50 % popilasyon moun kap vin an pwovens an Ayiti nan ensekirite alimantè selon CNSA ( Coordination Nationale de la Sécurité Alimentaire) bagay la grav...

imajine yon moun kounya kap pran antibiotik nenpòt kòman

Siw konn ap plede pran antibiotik san kontwòl, medikaman ba pri ki premye entansyon doktè pral prekriw yo pap fè anyen pou ou, vwala poukisa ou konn ap plenyen anpil di antibiotik doktè an pa fè anyen pou ou , ou dwe di medsen an ki antibiotik ou te konn pran avanl preskriw antibiotik li pral preskriw la...

Lap konnen fòl baw youn ki pi fò e ki pi chè ,kounya depans ou ap ogmante...

Kijan pou lite pou sa pa rivew?
-pa bwè antibiotik san avi doktè
-pa bwè antibiotik si w pa nan bezwen , koupe bagay bwè antibiotik aprè règ la...

-si doktèw preskriw antibiotik evite patajel a lòt moun, sa pa vle di se menm mikwòb kap baw problèm nan kap bal problèm menm siw ta wèl gen menm siy a sentòm avèw

Sin anplike prensip sa yo, wap amelyore viw e siw pataje tèks sa wap sove anpil vi

Like,patajel,abone

26/10/2022

Dr. LaurentDr. Laurent Laurent

26/10/2022

5 Bagay ou pa dwe fè avan ou al fè bagay (sèks)

Patajel pou plis moun ka wè l

   TOUT FI DWE KONNEN KISAK KOZ LI GEN RÉG 2 FWA NAN YON MWA....Anpil nan souvan twouble nan fason nou kontwole règ nou ...
25/10/2022



TOUT FI DWE KONNEN KISAK KOZ LI GEN RÉG 2 FWA NAN YON MWA....

Anpil nan souvan twouble nan fason nou kontwole règ nou se sak fè nou souvan ap plenyen paske nou genyen l 2 fwa nan yon mwa.
Banm ba nou yon ti detay tou kout, Kounya nou nan mwa septanm, Mwa Oktob lan ki te sot pase a te pote 31 jou, Ann pa rete sou sa.

Ann pataje atik sa a pou ede plis fi sòti nan konfizyon yo genyen sou kesyon règ 2 fwa nan yon mwa a.

Imajine nou nan mwa septanm ki se yon mwa ki pote 30 Jou.

Nou konnen sou s*k manstriyèl yon fi kapab dire 26,28,30 jou etc...

Ann imajine siw GENYEN YON S*K 28 JOU epi ou te genyen règ ou 3 Septanm, Li nòmal pou w genyen règ ou ankò 30 Septanm paske soti 3 pou rive 30 Septanm sa fè egzateman 28 JOU.

Ann imajine siw GENYEN YON S*K 26 JOU, epi ou te genyen règ ou 2 Septanm, Li nòmal pouw genyen règ ou 27 Septanm paske soti 2 pouw rive 27 Septanm sa fè egzateman 26 JOU.

Sa konsa ki konn koz nou di règ nou vini 2 fwa nan yon mwa, s si nou byen kalkile l nap wè nou pa gen okenn rezon pou nou enkyete nou si se ta konsa nou di règ nou vini 2 FWA NAN YON MWA A.

Pa BLIYE: Si w ta gen plis enkyetid, ale wè medsen w e eksplike l sak pase an.

💙Pa kenbe konesans sa a pou kont ou, pataje l yon fason pou plis moun kapab jwenn li.

Mèsi🙏🏿

  -JOICINKredi:    -son   ABONE,PATAJE,LIKMEDAM, ANN PRIDAN! SE BAGAY SA A KI KOZ PLIS FI GEN ENFEKSYON VAJINAL.Kotèks s...
23/10/2022

-JOICIN
Kredi: -son

ABONE,PATAJE,LIK
MEDAM, ANN PRIDAN! SE BAGAY SA A KI KOZ PLIS FI GEN ENFEKSYON VAJINAL.

Kotèks se yon mwayen majorite fanm itilize le yo gen reg yo pou akimile san kap soti yo, men anpil nan nou souvan bliye oubyen neglije san ki soti yo se paske yo pa bon ki koz oganis lan mete yo deyo.
Gen anpil fi pran plezi oubyen fe neglijans nan kite koteks fe tout yon jounen sou yo,Oubyen pran plezi fe tout yon nwit ak yon koteks san yo pa cheche konnen eske sa bon ou pa.

Banm di nou,San kap soti nan koteks yo se yon san ki pa bon li ye,Li pata sipoze antre an kontak ditou ak vajen ou apre li fin soti.
Men kom nou pa gen lot mwayen nou kapab itilize pou anpeche sa nou oblije itilize koteks yo,Men pa kont fok nou toujou kenbe bon prensip ijyèn yo.

Etan done kay chak fi kantite san yo bay le yo gen reg yo a varye ant 40 a 70 mililit e sitou pandan premye jou reg yo li vini plis,Se sak fè Koteks yo pa gendwa fe plis ke 3 a 4 èdtan sou yon moun,Paske m’te di nou deja san ki ap soti se pa yon sang ki pwop,Afos yo vin rete nan koteks yo e vin imid paske yo fe anpil tan,Sak kapab pwodwi bakteri ki kapab koz ou vin gen enfeksyon vajinal ak demanjezon nan oubyen Iritasyon nan vajen ou.
Ou pa sipoze domi tou,E fe tout nwit ak yon konteks sou ou,Paske tan somèy yo dire plis ke 3 a 4 èdtan,Savledi li tap nesesè pouw leve nan mitan nwit lan e chanje koteks ou.

Gen anpil moun tou ki fe neglijans nan fe twalet yo souvan,ak benyen le yo gen reg yo,Fe nou twalet nou souvan len nou gen reg yo e chanje koteks yo se youn nan bon mwayen pouw kenbe ko a pwop e lite kont enfeksyon vajinal,Men pa bliye tou le nou gen reg yo fok nou evite an kontak ak dlo ki frèt oubyen nenpot bagay ki frèt two ta,pou evite dismenore.

Ann aplike bon jan prensip ijyen yo poun konbat ENFEKSYON VAJINAL.

-JOICIN

Pataje atik lan pou mesaj la kapab rive jwenn plis moun,pouw pa rate youn nan atik mwen yo Abone ak paj lan.🙏🏾💙

Eyy atansyon 💯🚯❌Lè w Finn li post patajel pou plis moun ka wèl pou yo ka sove vi yo menm Jan siw te konn pratike l u pap...
20/10/2022

Eyy atansyon 💯🚯❌

Lè w Finn li post patajel pou plis moun ka wèl pou yo ka sove vi yo menm Jan siw te konn pratike l u pap fèl anko.....❌❌❌

MEDAM ATANSYON GENYEN GWO DANJE NAN ITILIZE “WIPES” YO.

Souvan mwen remake genyen anpil fi ki toujou ap achte “Wipes” e ki toujou mache ak “Wipes” yo nan valiz yo.

Genyen nan yon ki itilize pou retire makiyaj nan figi yo (Se byen).
Men konsa tou genyen anpil ki itilize l pou netwaye bouboun yo a chak fwa yo fin pise, paske yo estime li fre e selon yo menm se meyè fason yo kapab netwaye kò yo, Map di nou NON pratik sa a pa bon e se yon pratik ki kapab rann bouboun nou vin pi frajil e ba nou anpil enfeksyon vajinal.

Paske “Wipes” la genyen pwodwi chimik ki genyen rapò ak kansè, ki kapab deranje òmonn yo e ki kapab menm bay pwoblem fètilite tankou bay moun lan pwoblem poul ansent e fè timoun.

E nou kapab remake tou “Wipes” yo santi bon, pafen sa ki ladan yo a ki koz yo santi bon an se yon pwodwi chimik toks*k li ye pou bouboun fi a, li kapab pwovoke reyaksyon alèjik, li kapab irite bouboun lan tou.

🛑-Mete sou sa , genyen fi lè yo pa jwenn “Wipes” ki itilize “Papye Ijyenik” pou netwaye bouboun yo.

Papye yo pa pwòp paske yo debouche,yap pran lè e nan anviwonman yo ye a ki se anndan douch lan, se pa yon espas ki pwòp genyen mikwòb kap s*kile nan espas sa a, lèw parèt nan yon douch ou pran papye ijyenik pouw netwaye bouboun ou, se komsi ou te pran yon ekip mikwòb ou foure ladanl.

BONIS: Bouboun ou se yon pati ki frajil anpil, ou dwe pwotejel yon fason pou ou menm ou kapab rete an bon sante...

Byen proteje bouboun nou,byen lave bouboun timoun.....

-JOICIN

 + -JOICINKISA KI KA FÈ YON TÈS GWOSÈS POZITIF TANDISKE FI A PA ANSENT ?🥱Sa parèt biza pou yon fi fè yon tès gwosès epi ...
19/10/2022

+
-JOICIN

KISA KI KA FÈ YON TÈS GWOSÈS POZITIF TANDISKE FI A PA ANSENT ?🥱

Sa parèt biza pou yon fi fè yon tès gwosès epi li pozitif poutan fi a pa ansent vre ! 🤔 fòm diw sa vrèman twomatizan. Mwen pral baw rezon yo, like e pataje pòst sa pou plis moun kapab wèl.


Se vre se yon bagay ki ra, men sa konn rive. Nòmalman lè yon fi fè yon tès gwosès, ladanl wap chache yon òmòn ki rele bèta hCG (hormone chorionique gonadotrope humaine,) ki pase nan p**i a 12 a 14 jou aprè fekondasyon an. Nivo hCG a double chak 72 zè pandan 8 a 11 semèn gwosès la. Òmòn sa pwodwi pa plasanta. Men poutan sa konn rive tès la pozitif se pa hCG a li rive detekte lè sa ou pale de .


MEN REZON YO : 👇🏽
📌Ou kite kasèt la fè twòp tan aprè ou fin fè tès la.
Lèw kitel fè twòp tan, p**i ki nan tès la ap vin evapore sa ki pral montre 2 ti tras ki ka fèw panse ak yon gwosès.


📌Si tès gwosès la ekspire.
Si dat tès la ekspire, pwodwi chimik ki la pou detekte hCG a pap an mezi poul fè travay la byen, ris erè a pi elve.


📌Wap swiv yon tretman pou enfètilite (paka fè pitit).
Li posib pou medikaman wap pran genyen òmòn hCG a ladanl. Siw fè tès la twò rapid aprèw fin pran medikaman li ka baw yon fo pozitif.


📌Genyen rès hCG nan san w aprè yon akouchman, fos kouch ou ankò avòtman. Li posib pou jwenn yon rezilta pozitif aprè sa yo paske hCG a pran anviwon 4 a 6 semèn nan san avan li ale.

📌Yon timè nan ovè.
Timè nan ovè yo kapab sekrete òmòn bèta hCG a tou epoutan ou pa ansent. Se kèk lòt egzamen kap pèmèt ou fè dyagnostik la.


📌Ou fè yon gwosès ekstra-iterin oubyen an deyò matris.
Yon gwosès ki pa anndan matris la pa konsidere kòm nòmal, paske nan majorite ka yo vin konplike lavi fanm lan oubyen depi avan sa medsen👨‍⚕️👩‍⚕️ oblije arete gwosès la. Sa ki fè gwosès sa yo pa souvan rive a tèm sitou sa ki nan twonp, ovè etc…

sa ka rive ou fè yon tès gwosès epi ou wèl pozitif.....

👁️👁️👁️👁️👁️

 + -JOICINLè medam yo ap mal fè twalèt de ba yo yo konn viktim de boulnan antre vajen yo,anpil pa konn sa k koz sa, boul...
18/10/2022

+
-JOICIN

Lè medam yo ap mal fè twalèt de ba yo yo konn viktim de boul

nan antre vajen yo,anpil pa konn sa k koz sa, boul la konn enfekte e koze konplikasyon tankou ap bay pij ki gen vye sant,pa kenbe konesans sa pou kòw pataje I tèks sa,Pataje teks sa pou plis ayisyèn ka jwenn konesans paske Se yon bagay anpil medam ant 20 a 29 an konn viktim de li yo konn remake yon ti boul nan antre vajen yo kisa ki ka koze sa o jis?

-anpil etid ta vle fè konnnen lè yon fi pran sizo nan moman akouchman li a risk pou ta devlope boul sa

-Lè jèm atake yon gland yo rele "glande de Bartholin" se gland sa lè fi eksite ki konn sekrete ti likid ki rann fi an mouye an an

Kisak ka koze enfeksyon sa? -si moun konn fè sèks san proteje li ka trape jèm ki bay gonore oubyen klamidya...

-fi kap konsome manje mal kwit

-fi kap bwè dlo ki pa trete

-nou jwenn sa anpil lakay fi ki mal fè twalèt de ba yo, ki monte desann, yo pran jèm ki nan trou dèyè yo glise desann nan vajen yo

-lè dlo medam yo ap fè twalèt yo pa bouyi (trete)

Kisa moun nan ka santi? -li ka santi yon gwo doulè nan antre vajen an

-kote an ka cho epi wouj

-li konn remake yon boul nan antre vajen an -doulè nan rapò seksyèl, dèfwa li menm enposib

-boul la konn transfòme an absè e ap bay pij

Kijan pou fè prevansyon? -Toujou met prezèvatif

Depiste tet ou ak patenew kont maladi nou ka atrape nan fè bagay (sèks)

Si youn nan nou enfekte fok lot patenew la swiv tretman tou

Byen kwit manje nap manje yo

Sèvi ak dlo bouyi (trete)

Bwè dlo trete

Epi lè nap fè twalet deba nou pa monte desann,pou jèm ki nan trou dèyè w yo pa glise desann nan bouboun nou

Pataje post la pou plis jenn fanm ka proteje tèt yo .....

Credit: Kerry care-Ry

Adresse

Morne-à-l'eau
Anse À Galets
HAITI

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Inf joicin publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Partager

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram

Type