02/04/2024
ALYANS SANTE BORGNE,
Nòt pou demanti,
2 Avwil 2024,
Sektè kominikasyon nan Alyans Sante Borgne ap remèsye tout popilasyon an pou sipò yo nan moman difisil yo, pandan l’ap antisipe tout moun sou yon sitiyasyon ki riske debouche sou yon kriz ki kapab afekte plis ankò sante yo.
Apwe zak briganday ke malentengwen te fè sou ASB nan dat 10 Dawout 2023, moun sa yo pa vle pran kalman. Konnya, yo vini ak yon dosye tou cho ki ap mete popilasyon an nan plis pwoblèm kòm kwa Dr Thony ak estaf li pa vle kite klinik Sen Jil fonksyone.
Nou ap fè tout moun konnen ke bagay k’ap repete yo pa genyen anyen pou wè ak verite e ke sante pa ka antre nan zafè politik malentengwen anwo anba. Sante pa yon jwèt aza ni yon kesyon de ti mamit grenn ak Siwo. Sante se syans, se teknik, se estriktirasyon, se planifikasyon toutan pou amelyore kalite sèvis yo. Se sitou fonksyònman an rezo, se bon sans ak kolaborasyon antre tout aktè yo pou amelyore swen y’ap ofri bay popilasyon an. Sa vle di, kapab genyen plis sant sante nan zòn nan toujou. sèl bagay, yo dwe reponn a nòm estanda sante piblik.
Jouk jounen jodia, Dr Thony kenbe bon jan relasyon ak Pè Snell e pa gen posiblite pou yon divizyon. Nou ap rafwechi memwa tout moun sou aksyon ki konn poze nan tout kwen kominote a pou amelyore ak sove lavi popilasyon an. Maladi, epidemi yo kapab parèt sanzatann, se ansanm pou nou rete fè prevansyon ak prepare, ranfòse estrikti yo olye nou rantre nan politik de grenn gòch. Nou konnen aktivite ki ap reprann ofilyamezi nan ASB kapab deranje kèk moun. Sepandan, n’ap raple nou ke sa yo fè pati de misyon ASB kòm enstitisyon piblik e aktivite sa yo pap kanpe paske popilasyon an bezwen sa.
ASB toujou pote sipò li nan estriktire Sen Jil e li ap toujou fè sa toutan li nesesè. Men anpil chay pa lou a se li ki ap bon pou sektè sante a. Tout pwoblèm yo kapab rezoud nan kolaborasyon, nan respè dwa ak limit chak aktè. N’ap mande popilasyon an rete vijilan, pawòl sa yo ki ap repete a pa genyen anyen pou wè ak la verite. Divizyon sa ke yo ap kreye la se popilasyon ki ap peye sa.
Yon rezo sante fò se solisyon an.
Mèsi.
Se te
Roukendy Paul