Hopital Christ du Nord / DASH

Hopital Christ du Nord / DASH L' HOPITAL CHRIST du NORD situé au centre ville du Cap-Haitien est l'une des structure du réseau DASH

25/05/2023

Social Media called him the “Black Diamond”.

He lives in the northern side of Haiti, near Puilboreau. He is described as a kind and smart Haitian kid, eager for more opportunities in life.

We are doing everything possible to be in contact with his parents, gathering with others to support him.

Photos by Vladimy Josué Destiné
——

14/04/2023

Insécurité - Les problèmes confrontés par le personnel de santé. Entretien avec Dr Ronald LaRoche, dans le journal d'Haïti et des Amériques à 13 heures 10 en temps universel , ce 12 Avril 2023 sur RFI

Pwason ki gen kuiv.Gen de pwason ki gen pwazon ladan yo. Nan peyi nou, nou di ke pwason sa a gen kuiv. Men moun ki save ...
12/04/2023

Pwason ki gen kuiv.

Gen de pwason ki gen pwazon ladan yo. Nan peyi nou, nou di ke pwason sa a gen kuiv. Men moun ki save yo di pwason sa gen yon toksin (toxine).

Nan ka peyi nou Ayiti ak tout rès zòn Karayib la toksin ki plis prezan lakay pwason yo se toksin ki rele sigwatoksin (ciguatoxine). Plis pwason an gwo se plis li ka gen sigwatoksin e se plis li ka kontamine moun kap manje l la. Se nan sa pwason an manje anba lanmè a ki ka koz li trape toksin nan. Kidonk plis pwason an granmoun se plis li gen chans pou li gen toksin nan kò li.

Lè ou manje pwason sa a li ba ou yon maladi ki rele entoksikasyon alimantè ( atansyon! Gen yon lòt entoksikasyon alimantè se mikròb ki nan manje ki mal prepare ki ba ou li. Ke se pwason oubyen nenpòt lòt manje ki mal prepare a, mikròb la ka ba ou yon entoksikasyon, men maladi sa ap lejèman diferan de entoksikasyon toksin pwason an ap ba ou an)

Sigwatoksin reziste nan chalè. Sa vle di ke w te kuit pwason an , fri li oswa boukanen li, anyen nan sa yo pap ka detwi toksin nan.

Toksin nan pap chanje gou pwason an, ni li pa chanje koulè li ak odè li. Sa vle di ou pap ka konnen si pwason an kontamine nan gou li, nan koulè oswa nan odè li.

Dezè (2 è) tan apre ou fin manje pwason an ou ka kòmanse gen sentòm, men gen moun ki kòmanse gen sentòm apre uitè (8 è) tan. Wap gen vant fè mal, kè plen, vomisman ak dyare. Si pa gen trètman ki fèt wa pral kòmanse santi kò kraze, kò fè mal, tèt fè mal, kranp, kò frèt. Si anyen pa janm fèt toujou kòm trètman se yon dezidratasyon sevè kap pote w ale.

Pwason ki plis fasil gen sigwatoksin, se pwason sa yo : Vivaneau, Thazar rayé oswa kingfish, Bar, Barracuda, Sériole. ( men gen plis pase 400 lòt kalite pwason ki ka gen toksin ladan yo)

Nou mete non yo an franse, moun ki konn kijan yo rele pwason sa yo an kreyòl, tanpri ekri sa nan kòmantè yo anba pòs la.

_____
Dr. Bright

12/04/2023
24/12/2022

Yon ti mesaj lanmou

Bilan sante mondyal la..Ann al fè yon ti founi je gade sa kap pase nan dispansè 16 ekip ki rete nan konpetisyon an.(prem...
03/12/2022

Bilan sante mondyal la..

Ann al fè yon ti founi je gade sa kap pase nan dispansè 16 ekip ki rete nan konpetisyon an.
(premye pati)

AJANTIN

_Paulo Dybala_ ATAKAN _kuis goch _ Blese depi avan mondyal la, men kounyea li disponib pou li jwe.

_Giovanni Lo Celso_ MITAN TEREN _ Blese depi avan mondyal la

_Nicolas Gonzalez_ ATAKAN _ Blese depi avan mondyal la _ Angel Correa ranplase li.

_Joaquin Correa_ ATAKAN _ Blese nan match preparasyon 4 jou avan mondyal la. _ Thiago Almada ranplase li.

_Christian Romero_ DEFANSÈ _ Blese avan mondyal men li rekomanse jwe ak prekosyon.

_Angel di Maria_ MITAN TEREN _Blese nan match lapologn lan, li ka pa jwe pwochen match la

Brezil

_Gabriel Jesus_ ATAKAN _ jenou _ endisponib pou 1 mwa

_Alex Telles_ LATÉRAL _ jenou _ pral bezwen operasyon.

_Neymar Junior_ ATAKAN _ Cheviy _ Blese nan 1e match la, espere li ka jwe 8e de final la.

_Danilo_ LATÉRAL _ Cheviy _ li gen menm problem ak Neymar.

_Antony_ ATAKAN _ Gripe _ klimatizè peyi kata yo lakòz jwe gripe sa ki fè li te pèdi plizyè jou antrènman. Men li gentan rekipere pou li te jwe kont kameroun. Alisson ak Lucas Paqueta te gripe tou men yo te rekipere apre yon jou repo.

_Alex Sandro_ LATERAL _ kuis _ Blese nan match kont Lasèbi, poko konnen si lap ka jwe 8e de final.

_Diego Carlos_ DEFANSÈ _ Blese depi avan mondyal la

_Arthur Melo_ MITAN TEREN _ Blese depi avan mondyal la.

Kwowasi

_Vlasic_ MITAN TEREN _ Blese nan 1e match la, men li gentan rekipere.

_Domagoj Vida_ DEFANSÈ _ Blese depi avan mondyal la, li nan ekip la, men li toujou ensèten.

Angletè

_Reece James_ LATÉRAL _ jenou _ Blese depi avan mondyal la.

_Kyle Walker_ LATÉRAL _ hanch _ Blese depi avan mondyal la, men li nan ekip la kanmenm. Li toujou ensèten.

_Harry Maguire_ DEFANSÈ _ te santi li malad pandan match Iran an, men li gentan rekipere.

_Harry Kane_ ATAKAN _ Cheviy _ Blese nan 1e match la men li gentan rekipere.

_Ben Chilwell_ LATÉRAL _kuis _ Blese depi avan mondyal la

_Émile Smith_ MITAN TEREN _ hanch _ Blese depi avan mondyal la

France.

_Ngolo Kante_ MITAN TEREN _ Blese depi avan mondyal la.

_Paul Pogba_ MITAN TEREN _ jenou _ Blese depi avan mondyal la.

_Mike Miagnan_ GADYEN _ Blese depi avan mondyal la.

_Presnel Kimpembe_ DEFANSÈ _ Blese depi avan mondyal la.

_Lucas Hernandez_ LATÉRAL _ jenou _ Blese nan match kont Ostrali a.

_Raphaël Varane_ DEFANSÈ _ Blese depi avan mondyal la, men gentan rekipere.

_Karim Benzema_ ATAKAN _ Blese depi avan mondyal la.

_Christopher Nkunku_ ATAKAN _ jenou _ Blese depi avan mondyal la. Kolo Muani ranplase li..

_Camavinga Eduardo_ MITAN TEREN _ ta sanble li te blese nan kuis, men sa pa te tro grav. Li ta sanble gentan rekipere.

_Jules Kounde_ LATÉRAL _ Blese depi avan mondyal la, men kounyea li disponib pou li jwe.

Japon

_Hiroki Sakai_ LATÉRAL _ Blese nan match kont Almay lan, men kounyea li disponib pou li jwe.

_Takefusa Kubo_ MITAN TEREN _ Blese depi avan mondyal la. Li gentan rekipere.

_Ao Tanaka_ MITAN TEREN _ Blese depi avan mondyal la. Li gentan rekipere.

_Takuma Asano_ ATAKAN _ Blese depi avan mondyal la. Li gentan rekipere.

_Kito Itakura_ LATÉRAL _ Blese depi avan mondyal la. Li gentan rekipere.

_Yuta Nakayama_ DEFANSÈ _ Blese depi avan mondyal la. Shuto Machino ranplase li.

Kore di sid

_Son Heung Min_ ATAKAN _ zo kase nan vizaj li, yo opere kèk jou avan mondyal la. Se sa ki fè nan 1e match la, li te oblije jwe ak yon mask sou vizaj li

_Hwang Hee Chan_ ATAKAN _ li rate Match kont Gana akòz yon domaj nan kuis.

OSTRALI

_Martin Boyle_ ATAKAN _ Blese depi avan mondyal la.

_Nathaniel Atkinson_ LATÉRAL DWAT _ Blese nan Cheviy

A suiv
_______
Dr Bright

Adresse

Rue 17 K Cap Haitien
Cap-Haïtien

Téléphone

+50932194044

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Hopital Christ du Nord / DASH publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter La Pratique

Envoyer un message à Hopital Christ du Nord / DASH:

Partager

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram

Type