 
                                                                                                    20/05/2023
                                        FOTO sa mwen poste a anpil nan nou konnen li,ebyen plant sa nou rele li 'Rakèt dous'men non syantifik li se'Opuntia Ficus-indica'.Anpil ayisyen konn itilizel men ki gen bon kote ak move kote.
Jeneralman ayisyen itilize Rakèt dous la lè timoun osi non yon granmoun gen maladi sa nou rele an fransè oubyen nan bon tèm nan 'Conjonctivite' sa nou rele an kreyòl malozye a,kòman malozye a manifeste? Ebyen moun ki gen malozye nap wè zye moun yo wouj,l'ap fè twalèt,li ka ap boulel tankou se grenn sab ki tonbe ladanl e moun nan p'ap ka fikse limyè se sin sa yo moun ki gen Malozye ap santi.
Conjonctivite an fransè malozye an kreyòl maladi sa kapab koze swa pa yon Mikwòb ke nou rele Bakteri,swa li kapab se yon alèji se pa yon maladi ki grav pase ke medsen pa ka trete byen vit men Ayisyen nan kilti pa nou nou pa renmen vin lopital bonè nou souvan fin eseye fè tout manèv ki egziste se lè nou konplike nou chache chemen lopital.Egzanp lan klè yon timoun konn gen yon senp Malozye paran yo bay timoun nan gwo pwoblèm nan mare Rakèt dous nan fontenn timoun nan oubyen lave je timoun nan avèk Rakèt dous.
Mwen Raplem lèm te nan entèna nan lopital jistinyen okap nan sèvis oftalmoloji nou te jwenn yon timoun ki te vin gen gwo pwoblèm nan zye avèk kezyon Rakèt dous e Oftalmològ la te di nou gen ki pèdi vizyon yo sa vle di vin pa ka byen wè nan zye ankò e nan kòmansman mwa me a mwen mwen jwenn yon ka konsa kote se transfere mwen transfere timoun nan kay medsen zye e se sa ki pwal motivem fè piblikasyon sa e chèche kisa ki lakoz konplikasyon sa avèk Rakèt dous la e map tante pote yon eleman de repons avèk kesyon sa?
Rakèt dous la ki gen non syantifik Opuntia Ficus-indica li gen plizyèm eleman chimik ladanl men nan tout eleman sa yo li genyen Phosphore e lèm chèche eleman sa ki rele Phosphore a kapab irite je moun e selon yon etid li kapab menm aji sou kòne a ki nan zye moun nan jouk li ka rive bay ulcère nan kòne ò kòne ki nan je nou jwen yon gwo wòl nan kesyon vizyon otomatikman phosphore atakel li ka baw gwo pwoblèm,yon lòt eleman nan rechèch ke mwen fè Rakèt dous la gen yon lot eleman chimik ki se"Cuivre" nan rechèch la yo pa dim sou ki fòm Cuivre la ye nan rakèt e mwen di tèt mwen si Sulfate de Cuivre li gen kapasite pou irite zye nou e Aji sou kòne zye nou ebyen aprè plizyè ka ke mwen wè nan karyè medikal mwen kòm medsen mwen konseye nou pa mare rakèt dous ni mete l nan zye timoun oubyen granmoun li kapab baw gwo pwoblèm nan zye e ka menm rive nan fèw pèdi vizyon,si nou genyen malozye wè yon medsen olye nou ale mete Rakèt dous ki pwal baw pwoblèm.
An Ayiti ou gen 2 je nan tèt ou ou wè jan bagay ann di wal pèdi youn oubyen chèchew ben gwo pwoblèm ladan l pa inyorans.ann evite mete bagay nan zye nou ki ka bay nou gwo pwoblèm.
Patajel,fè plis moun jwenn li se te zanmi nou Dr Petit-frère pou yon ti koze sou la sante.Mèsi.                                    
 
                                         
   
   
   
   
     
   
   
  