Kay Timoun ak Dr François M. Pédiatrie

Kay Timoun ak Dr François M. Pédiatrie Cette page vous est disponible pour suivre les activités de Kay Timoun ak Dr François M, Pédiatrie, spécialisé dans la promotion de la santé des enfants.

Di m kisa w konnen de sa yo sou po ti bebe?Eske w konn wè yo deja? Wi ou non fansKay Timoun ak Dr François M. Pédiatrie ...
15/03/2026

Di m kisa w konnen de sa yo sou po ti bebe?

Eske w konn wè yo deja? Wi ou non

fans
Kay Timoun ak Dr François M. Pédiatrie

🙆🏾‍♂️ PARAN YO, KOURI VIN GADE SAK GEN NAN TELEFÒN PITIT OU AN !!!😳😱 📱 Depi 2019, 96% jèn t ap itilize telefòn tòtch. Po...
14/03/2026

🙆🏾‍♂️ PARAN YO, KOURI VIN GADE SAK GEN NAN TELEFÒN PITIT OU AN !!!😳😱 📱

Depi 2019, 96% jèn t ap itilize telefòn tòtch. Pou ane 2026 la, nou panse l ta dwe 99,80%.

Itilize teknoloji, telefòn, rezo sosyal kapab parèt senp. Men, li gen anpil mistè ladan l.

KISA MEDYA SOSYAL YE?
Yon zouti sou entènèt kote ou ka kreye, pataje oswa gade foto, videyo, mesaj ak ti komik. Egzanp: TikTok, YouTube…

KISA REZO SOSYAL YE?
Yon sit oswa aplikasyon ki pèmèt ou ka ekri, fè apèl ak zanmi, fanmi oswa lòt moun. Egzanp: Facebook, WhatsApp…

5 AVANTAJ REZO SOSYAL GEN POU JÈN YO?

1. Rezo sosyal pèmèt jèn yo konekte ak zanmi. Pale ak fanmi, zanmi nenpòt kote sou latè.

2. Rezo sosyal pèmèt jèn yo aprann anpil nouvo bagay. Tankou : fè zong, penyen, chante, jwe enstriman mizik, aprann sou sante yo…

3. Rezo sosyal pèmèt moun jwenn èd, sipò nan men lòt moun. Pa egzanp Gofundme yo konn fè pou kèk bezwen trete men ki pa gen kòb. Pa egzanp, se gras ak rezo sosyal frè Luckson zòn pa fè moun jwenn Diamant.

4. Rezo sosyal pèmèt timoun yo devlope idantite yo. Yo ka montre talan yo, pataje lide yo, epi eksprime tèt yo. Yo ka pataje konesans yo menm jan Chris-Tell ap fè l la.

5. Rezo sosyal pèmèt jèn yo angaje tèt yo nan sosyete a. Yo ka òganize evènman menm jan Ariana fè l la, yo ka pataje nouvèl, yo defann sa yo kwè.

KI 5 GWO RISK REZO SOSYAL GEN POU JÈN YO?

1. Cyberharcèlement. Moun ka joure, menase oswa imilye pitit ou sou entènèt san w pa menm konnen.

2. Timoun yo ka pase twòp tan sou telefòn. Lè sa yo p ap ka byen dòmi, yo p ap ka fè bèl mwayèn lekòl ankò. Menm ak zanmi yo yo p ap ka amize.

4. Konparezon sosyal. Timoun yo kopye still lòt moun, lòt enfliyansè. Se rete w rete ou wè timoun lan ap abiye yon fason, ap pase swag 😆😅

4. Rezo sosyal ka fè yo pataje sekrè oswa foto prive pitit ou san li pat vle sa. « Talè w tande pati prive pitit ou ap fè yit sou rezo a».

5. Rezo sosyal ka fè pitit ou tonbe bwè kleren, pran chicha, dwòg, pataje foto l oubyen foto lòt moun toutouni.

KI 5 FASON PARAN AK DOKTÈ KA EDE TIMOUN YO ITILIZE TELEFÒN ?

1. Kreye yon ekilib antre tan sou entènèt , tan san entènèt, pou espò, pale ak zanmi, fanmi.

2. Paran yo dwe mete limit. Yo ka di timoun lan depi l fè tèl lè, ou pa dwe rete nan telefòn. Oubyen yo ka pran telefòn lan nan men timoun lan pou yo moman.

3. Paran yo dwe pale ak timoun yo sou sa y ap fè sou rezo sosyal. Yo dwe eksplike yo tout avantaj ak tout risk ki gen.

4. Paran dwe gen aksè pou yo gade ki sa timoun yo ap swiv, ki sa y ap pataje.Yo ka gade kontni yo ansanm ak yo. Yo ka bloke sit ki pa bon yo.

5. Yo dwe fè timoun yo konnen ke yo pa dwe pataje enfòmasyon prive oswa foto ki sansib.

Di pitit ou fraz sa :
“Si ou pa ta renmen grann/manman w ak papa w wè yon bagay, pa poste li sou entènèt.

Teknoloji se pouvwa ou, men li bezwen ekilib.👌🏽

Èske w panse rezo sosyal fè plis mal ke byen pou timoun yo? Wi ou non?

Pataje pòs la. Abòne ak paj la.

fans Kay Timoun ak Dr François M. Pédiatrie

MIKWÒB PA TOUYE AYISYEN! YO DI MIKWÒB PA TOUYE AYISYEN Mwen menm m ap di MIKWÒB PA TOUYE BLAN tou. 1 a 1. Match nil. Zew...
13/03/2026

MIKWÒB PA TOUYE AYISYEN!

YO DI MIKWÒB PA TOUYE AYISYEN
Mwen menm m ap di MIKWÒB PA TOUYE BLAN tou. 1 a 1. Match nil. Zewo zewo😂

Anpil nan nou depi nou fèt n ap tande fraz sa kote moun lan ap di mikwòb pa touye ayisyen.

Èske gen yon verite lasyans dèyè fraz sa?

Pou n reponn li, n ap jis elaji kad la. Nou p ap di ayisyen, men n ap di mikwòb pa touye moun.

Ou ka santi w bwouye lè m di sa😃🤭

Ann serye. Ann di pito, mikwòb se zanmi nou.

5 BAGAY OU DWE KONNEN SOU BAGAY MIKWÒB PA TOUYE MOUN.

1. Tout kò moun se mikwòb. Kit ou se ayisyen kit ou se blan.

2. Tout mikwòb sa yo rele flore commensale. Sa vle di se anpil bon mikwòb k ap viv ak nou. Ki se zanmi nou. Ki la k ap pwoteje nou pou lòt move mikwòb pa atake nou.

3. Ki kote nou jwenn bon mikwòb sa yo?
Sou po kò a, nan nen nou, nan bouch ak nan gòj nou, nan trip nou, nan bouboun tifi yo, nan poumon nou.

4. Gen 2 kategori mikwòb. Gen mikwòb ki se mèt kò a, MÈT BÒ. 😅. Yo rete la, yo pa janm ale. Pa egzanp sa ki nan bouch, nan trip nou. Gen lòt mikwòb ki se AREBÒ BÒ a🤭😆. Yo fon ti pase, yo pa rete. Pa egzanp mikwòb ki nan pla men nou yo.

5. Gen BON ☺️mikwòb, gen MOVE😈Mikwòb (sila yo ki bay maladi). Erezman, majorite mikwòb yo se bon mikwòb. Yo ti kal tou zuit zuit ki bay maladi.


6. Eske w te konnen menm bon mikwòb la ki t ap pwoteje w ka ka fè w malad? Yo rele sa Chen an manje mèt li.

Banm eksplike w. Gen maladi ou genyen ki fè defans kò w tèlman fèb, tout bon mikwòb yo tonbe atake w.

7. Eske w te konnen nou menm menm konn detwi bon mikwòb yo pou move mikwòb yo ka atake nou? Nan football sa rele otogòl ⚽️😅

Ou pa ta imajine sa. Chak yon paran achte dlo twalèt bouboun pou fè twalèt deba tifi a, se detwi l ap detwi bon mikwòb yo. Lè sa, move mikwòb yo kontan, 👻yo wè y ap manje ak graten. Ebyen se konsa tifi a vin gen enfeksyon nan bouboun paske nou detwi bon mikwòb yo.

Se menm bagay la lè w achte dlo bouch nan famasi pou w ap gagannen chak jou nan bouch ou. Ou detwi tout bon mikwòb ki t ap pwoteje bouch ak dan yo.

8. Se nan zafè mikwòb pa touye ayisyen sa anpil nan timoun nou yo ap fè fyèv tifoyid, h pylori, vè nan vant, dyare…

9. Olye nou di mikwòb pa touye ayisyen, ann di mikwòb pa touye moun. Se moun ki bay mikwòb kote pou touye yo.

10. Vire tounen w ap benyen, w ap fè ijyèn manman. Se achte ti dlo bouch, ti dlo vajinal. W ap byen pase manman. Ebyen mouri an dènye non.🤣

Vin di m si w ap kontinye di mikwòb pa touye ayisyen. Wi ou non?

Ou renmen pòs la?

Sonje pataje l pou lòt moun ka wè l.

Pa bliye abòne pou w ka rete konekte ak nou.

fans
Kay Timoun ak Dr François M. Pédiatrie

😳OU PA T AP JANM KWÈ  SA : Menm moun fou sezi 😱🙆🏾‍♀️Yo itilize TW@LÈT 💩 moun pou geri lòt moun!!! ESKE W KONNEN YO KONN ...
11/03/2026

😳OU PA T AP JANM KWÈ SA :
Menm moun fou sezi 😱🙆🏾‍♀️

Yo itilize TW@LÈT 💩 moun pou geri lòt moun!!!

ESKE W KONNEN YO KONN BAY MOUN TW@LÈT 💩 LÒT MOUN POU TRETE MALADI?

Sa ka parèt dwòl anpil wi 😁🤭, men lasyans itilize metòd sa a vre!

Men 5 bagay enpòtan ou dwe konnen sou :

0. Yo rele sa Transplantation Fécale.
Se yon tretman kote doktè pran twalèt (selles) yon moun ki an sante pou mete nan trip yon lòt moun ki malad.

1. Tout trip moun gen anpil bon mikwòb ki la pou pwoteje trip moun. Bon mikwòb sa yo rele flore intestinale.
Men, gen kèk maladi ki konn detwi tout bon mikwòb sa yo.

2. Poukisa yo fè sa?
Li sèvi sitou pou trete yon enfeksyon ki rele Clostridium difficile, yon mikwòb ki bay gwo dyare ak doulè nan vant.

3. Ki jan sa mache?
Twalèt moun ki an sante gen bon mikwòb, bon bakteri.
Lè yo mete yo nan trip moun ki malad la, yo ede rejwenn flore intestinale la pou konbat mikwòb ki fè moun lan malad la.

4. Ki jan doktè fè sa?
Doktè ka pase twalèt la nan dèyè moun lan pou lage l nan trip moun lan.
Oubyen yo konn fè konprime tata pou fè moun lan vale l pito.

5. Ki moun ki ka bay moun twalèt yo?
Yo PA pran twalèt nenpòt moun. Moun sa dwe :
an bon sante

pa gen enfeksyon (VIH/SIDA, enfeksyon nan fwa, ak lòt gwo mikwòb)

pa dwe sot pran medikaman antibyotik

Doktè yo teste li pou VIH, epatit, parazit, ak lòt maladi.


1. Ou konn sa k pi bèl la 😁
Lasyans fè konnen pou moun ki gen enfeksyon Clostridium difficile pi byen trete ak twalèt ke ak medikaman.

2. Mezanmi pa pran tata moun pou bay lòt moun non. Se doktè ki pou fè sa sèlman. Se pa nenpòt kijan sa fè.

3. ⁠Ou te konn tande pale de tretman sa a deja?
Ekri WI oswa NON nan kòmantè yo.

Pataje enfòmasyon sa bay lòt moun.
Abòne ak paj la.

fans Kay Timoun ak Dr François M. Pédiatrie François Micerlien

GWO DANJE KI GEN DÈYÈ PRATIK SA! Bay 2 rezon gran moun yo konn fè pratik sa bò lakay ou.GADE NAN KÒMANTÈ YO REPONS MWEN ...
11/03/2026

GWO DANJE KI GEN DÈYÈ PRATIK SA!

Bay 2 rezon gran moun yo konn fè pratik sa bò lakay ou.

GADE NAN KÒMANTÈ YO REPONS MWEN JWENN NAN MEN KÈK PARAN.👇🏾👇🏾👇🏾

Ann pale nan espas kòmantè a😇

Pataje pòs la pou lòt moun ka wè l.

Abòne ak paj la tanpri.

fans Kay Timoun ak Dr François M. Pédiatrie François Micerlien

Majorite paran fè ERÈ GRAV lè timoun gen fyèv.😱🙆🏾‍♀️🌡️🤒😷5 BAGAY OU DWE KONNEN DE LAFYÈV LAKAY TIMOUN1. Fyèv se pa yon ma...
11/03/2026

Majorite paran fè ERÈ GRAV lè timoun gen fyèv.😱🙆🏾‍♀️🌡️🤒😷

5 BAGAY OU DWE KONNEN DE LAFYÈV LAKAY TIMOUN

1. Fyèv se pa yon maladi.
Se yon bon siy ki montre kò timoun nan ap konbat yon mikwòb.

2. Nou pale de fyèv lè tanperati kò timoun lan rive 38 °C oswa plis.

3. Fyèv ka fè timoun nan fatige, bat kò yo, oswa pa vle manje.

4. Yon tibebe ki poko gen 3 mwa daj e ki gen fyèv dwe wè doktè rapid.

5. Fyèv ka fè timoun lan fè kriz (je l ap vire, l ap detire, l ap depale).

5 ERÈ PARAN FÈ LÈ TIMOUN GEN FYÈV

1. Bay timoun aspirin
2. Kouvri timoun nan twòp ak rad cho
3. Benyen timoun nan ak dlo frèt anpil
4. Pa bay timoun nan bwè ase dlo, ji…



Se yon erè grav lè yon timoun anemi falsifòm gen fyèv epi paran benyen l oubyen mete twal mouye sou li.
Ou ka agrave sante timoun. Epi fè l gen gwo doulè nan zo.

5 REZON POU TRETE FYÈV

1. Li diminye malèz timoun nan

2. Li ede timoun nan dòmi pi byen

3. Amelyore apeti li

4. Evite dezidratasyon

5. Kontwole fyèv ki twò wo


Kisa w te konn fè lè w gen fyèv?
Ki maladi ou konnen ki bay fyèv?

Tanpri, pataje pòs la pou lòt moun ka wè l.
Sonje abòne ak paj la

fans Kay Timoun ak Dr François M. Pédiatrie François Micerlien

JE VÈWON (JE LÒLÒJ, JE LANVÈY) KAPAB YON SIY GWO MALADI5 BAGAY OU DWE KONNEN SOU JE VÈWON (strabisme)👶👀1. JE VÈWON se lè...
10/03/2026

JE VÈWON (JE LÒLÒJ, JE LANVÈY) KAPAB YON SIY GWO MALADI

5 BAGAY OU DWE KONNEN SOU JE VÈWON (strabisme)👶👀

1. JE VÈWON se lè de je yo pa byen aliyen.
Yon je ka gade dwat pandan lòt la devye swa anndan (bò nen an) oswa deyò.

2. JE VÈWON ka nòmal lakay tibebe ki fenk fèt. Sa konn disparèt avan 3 mwa.

3. Si li kontinye aprè 3 mwa, li bezwen konsiltasyon doktè.

4. JE VÈWON ka lakòz yon pwoblèm ki rele Amblyopie. Lè sa sèvo a sispann itilize je ki pi fèb la, epi je sa vin avèg.

5. Gen gwo maladi ki bay JE VÈWON
Kansè nan je
Pwoblèm sèvo
Gwo frap nan tèt



6. KIJAN TIMOUN KI GEN JE VÈWON SANTI YO?
Je kwaze
Difikilte pou je yo travay ansanm
Yo wè an de
Yo pa ka mezire byen

7. Trètman dwe fèt bonè
Plis yo trete JE VÈWON bonè, gen plis chans pou timoun nan wè pi byen. Sinon li ka gen gwo pwoblèm pi devan.

8. Gen plizyè trètman doktè ka fè : medikaman, linèt, operasyon, egzèsis

Konsèy pou paran:
Si ou remake pitit ou fèmen yon sèl je pou gade, oswa li toujou panche tèt li lè l ap gade, li enpòtan pou konsilte yon doktè je.

Kòman yo konn rele l bò lakay ou?
Bò lakay mwen yo di je lòvyon.

Pataje pòs la ak lòt moun.
Pa bliye abòne ak paj la.

fans
Kay Timoun ak Dr François M. Pédiatrie
François Micerlien


#

Lèt manman pi bon pase lèt nan bwat 👶🤱⚠️5 AVANTAJ TETE GENYEN POU TI BEBE5 AVANTAJ TETE GENYEN POU MANMAN5 pwoblèm ki ka...
09/03/2026

Lèt manman pi bon pase lèt nan bwat 👶🤱⚠️

5 AVANTAJ TETE GENYEN POU TI BEBE

5 AVANTAJ TETE GENYEN POU MANMAN

5 pwoblèm ki ka anpeche manman bay bebe tete

👶🧑🏾‍🍼avantaj pou tibebe a:
1. Pi bon manje pou kwasans timoun lan.
2. Timoun ki pran tete sèlman mwens malad. Lèt manman pwoteje bebe kont enfeksyon (dyare, enfeksyon nan poumon, nan zòrèy👂)

3. Sèvo timoun ki pran tete pi byen devlope. Yo aprann pi byen lekòl.

4. Timoun ki pran tete gen mwens risk pou yo vin obèz ni fè maladi s*k.

5. Lèt manman pi byen, pi fasil pou dijere. Donk tibebe ki bwè lèt manman fè mwens kolik (mwens gaz nan vant).



6. Lèt manman diminue risk alèji ak opresyon

🤱 Avantaj pou manman an :
1. Ranfòse lyen manman ak pitit. Plis lanmou devlope antre manman ak bebe a.

2. Li ede manman an pèdi pwa apre gwosès la.
3. Li diminye risk kansè nan tete ak nan ovè
4. Lèt manman gratis ti cheri epi toujou disponib.

5. OMS (Òganizasyon Mondyal Sante) rekòmande bay tibebe tete sèlman pandan premye 6 mwa lavi.
Ou ka kontinye jis rive 2 zan ap bay bebe tete a.


6. Lèt manman se yon planin natirèl. Li diminye risk manman ansent.

Gen kèk sitiyasyon ki ka fè yon manman pa bay tete:
1. Tibebe ki gen maladi galaktosemi (ki pa ka dijiere s*k ki nan lèt la).

2. Manman ki gen tibèkiloz ki pa sou trètman.

3. Manman k ap pran kèk medikaman danjere tankou : chimioterapi, radyoaktif pou kansè.

4. Manman k ap pran dwòg oswa anpil alkòl.

5. Si manman an gen kèk pwoblèm grav nan tete.

Èske w te renmen pòs la? Reponn Mwen nan kòmantè.

Pa bliye pataje l pou lòt moun ka wè.

Abòne ak paj la pou w k rete konekte.

fans Kay Timoun ak Dr François M. PédiatrieFrançois Micerlien

Mezanmi😱🙆🏾‍♀️ pa kite ti bebe pran GRATÈL !!!PARAN YO FÈ ATANSYON LÈ TIBEBE KI GEN GRATÈL !!!5 BAGAY OU DWE KONNEN SOU G...
09/03/2026

Mezanmi😱🙆🏾‍♀️ pa kite ti bebe pran GRATÈL !!!

PARAN YO FÈ ATANSYON LÈ TIBEBE KI GEN GRATÈL !!!
5 BAGAY OU DWE KONNEN SOU GAL LAKAY TIMOUN

Tanpri pa pase losyon galocur (krèm oswa losyon benzoate de benzyle) sou timoun yo.

0 : yo rele l gratèl = gal = sarcoptose = scarbiose

1. Gal se yon ti parazit, yon ti bèt ki antre anba po a epi li fè timoun nan tonbe ap grate anpil.

2. Gratèl konn fè timoun pa ka dòmi lannwit tèlman y ap djaye, y ap rele, y ap grate.

3. Gal atrapan anpil. Tout moun nan kay la ka pran l fasil fasil. Sitou si timoun yo ap dòmi nan menm kabann, y ap dòmi kòtakòt, yo kouvri ak menm dra.

4. Me siy ki fè w konnen timoun gen gal :
Timoun lan gen gratèl, sitou lannwit
Ti bouton wouj sou tout kò l
Lakay ti bebe yo gal la ka aktake nenpòt kote nan po kò tibebe a.
Lakay granmoun vizaj la p ap atake.

5. Ki pati nan kò gal ka atake ?
Gratèl la ka pran moun lan nan fant dwèt yo
Nan ponyèt li
Nan bouboun oswa koulout li



6. Gal ka trete fasil si nou pran bonè epi si nou respekte sa doktè di nou.

7. Kijan nou ka trete gratèl ?
Doktè ka preskri medikaman pou pase sou po oubyen pou bwè.

Tout moun nan kay la dwe pran medikaman menm si li p ap grate nan moman an.
Tout rad, dra, sèvyèt yo dwe lave ak dlo cho, pran gwo solèy oubyen repase ak kawo (fer à repasser) ki cho. Oubyen mare rad yo nan gwo sachè.

Si ou nan peyi ki fè frèt, ou ka mete rad yo kote ki fè frè anpil

8. ESKE GRATÈL KA TOUYE TI BEBE?
Nòmalman, GRATÈL pou kòl pa touye ti bebe. Men, akoz blesi ki rete sou kò timoun lan lè bouton yo pete, sa bay wout pou mikwòb rantre. Gen timoun ki ka devlope gwo enfeksyon ki lakoz lanmò yo. Gen lòt ki vin anfle akòz mikwòb atake ren l.

Pataje pòs la kounya menm.
Abòne ak paj la
Tag yo zanmi w

fansKay Timoun ak Dr François M. Pédiatrie
́etbienêtre

08/03/2026
08/03/2026

GASON K AP BAY TIMOUN BWÈ SAN !

Gwo danje sa ye!!!

5 bagay ou dwe konnen sou gason k ap bay timoun bwè san.

Pa bliye abòne, pataje videyo a, tag yon zanmi w nan kòmantè

fans Kay Timoun ak Dr François M. Pédiatrie François Micerlien

Mezanmi Malmouton ka fè w pa ka fè pitit !!!5 BAGAY OU DWE KONNEN SOU MALMOUTON  LAKAY TIMOUN (oreillons).0- Doktè rele ...
08/03/2026

Mezanmi Malmouton ka fè w pa ka fè pitit !!!

5 BAGAY OU DWE KONNEN SOU MALMOUTON LAKAY TIMOUN (oreillons).

0- Doktè rele l oreyon (oreillons)

1. Malmouton se yon maladi viris ki anfle glann ki bay krache nan bouch la.

2. Li trè atrapan. Li gaye anlè lè yon timoun ki gen malmouton touse, estènye oswa pale.

3. Viris la ka rete sou objè tankou vè, kiyè, jwèt oswa manch pòt epi kontamine moun ki fin manyen objè sa yo ka l manyen bouch oswa nen l.

4. Malmouton kapab pi danje lakay timoun ki pa pran vaksen.

5. Timoun ki gen malmouton kapab santi :
De bò machwè yo anfle me gwosè
Gwo la fyèv
Tèt fèmal
Zòrèy fèmal
Pwoblèm pou moulen manje
Anpil fatig



6. Lè yon timoun gen malmouton, ou dwe ede l soulaje maladi a : kite l repoze l, bay parasetamòl pou fyèv la, ba l bwè dlo

7. Vaksen ROR (Rougeole - Oreillon - Rubéole) se pi bon proteksyon kont malmouton

8. ESKE MALMOUTON KA FÈ MOUN PA FÈ PITIT?

Lè yon moun gen malmouton, viris la ka pase nan san l pou aktake tout rès kò a. Se konsa, viris la ka rive nan bougrenn yo, epi l atake yo.

Boulgrenn yo pral anfle. Lè sa li ka fè boulgrenn yo pa bay bon jan ze (spermatozoïde) ankò.

Anplis, aprè enfeksyon an rive nan boulgrenn yo, li ka fè yo vin piti. Sa ka lakoz bougrenn yo pa ka bay bon jan sperme. Lè sa pwoblèm fè pitit la se lakay gason an li soti.

Konsèy pou paran yo :
Kenbe timoun ki gen malmouton lakay yo pou yo la kontamine lòt timoun.
Fè timoun yo lave men souvan.
Kouvri oswa bouche bouch li lè l ap touse oswa estènye.

Ou te konn tande pale de Malmouton deja??? Reponn nan kòmantè

Tag yon zanmi w anba pòs sa.

Pataje pòs la pou lòt moun ka wè l.

Pa bliye abonè kounya menm.

fansKay Timoun ak Dr François M. PédiatrieFrançois Micerlien ́etbienêtre

Adresse

Cap-Haïtien

Téléphone

+50937144194

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Kay Timoun ak Dr François M. Pédiatrie publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter La Pratique

Envoyer un message à Kay Timoun ak Dr François M. Pédiatrie:

Partager

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram

Type