Rubens B. Anténor SANTÉ

Rubens B. Anténor SANTÉ Médecin

22/04/2025

3 siy ou pa dwe inyore si ou fè maladi s*k (dyabèt)

1. Ou ap p**i anpil
- Ou leve anpil fwa lannwit pou ou p**i, plis pase nòmal.

2. Bouch ou toujou sèk, ou ap bwè dlo san rete
- Ou santi swaf ou pa janm fin pase, menm si ou fin bwè dlo kounya.

3. Ou ap pèdi pwa, men ou ap manje anpil
- Ou ap manje anpil, men kò ou ap vin pi mens.

Kisa pou w fè si w gen siy sa yo ?

- Ale fè yon tès glikoz nan sant santé bò Lakay ou a.
- Konsilte yon doktè si ou gen dout.
- Evite manje ki gen anpil s*k ak grès.
- Fè ti egzèsis chak jou, menm si se mache 30 minit.

Dyabèt pa touye sou plas, men li konn touye an silans. Fè prevansyon !

Pataje mesaj Dr a🙏🙏🙏
29/08/2024

Pataje mesaj Dr a🙏🙏🙏

𝐀𝐧 𝐧 𝐩𝐰𝐨𝐭𝐞𝐣𝐞 𝐭𝐞̀𝐭 𝐧𝐨𝐮 𝐤𝐨𝐧𝐭  #𝐕𝐚𝐠𝐂𝐡𝐚𝐥𝐞̀ 𝐬𝐚 𝐚 !
09/07/2024

𝐀𝐧 𝐧 𝐩𝐰𝐨𝐭𝐞𝐣𝐞 𝐭𝐞̀𝐭 𝐧𝐨𝐮 𝐤𝐨𝐧𝐭 #𝐕𝐚𝐠𝐂𝐡𝐚𝐥𝐞̀ 𝐬𝐚 𝐚 !

26/06/2024

Jodiya nou santi se enpòtan pou n pale de byen fè sèks paske nou jwenn anpil moun poze nou kesyon sou sa🙏

Fè sèks genyen anpil benefis pou sante fizik, mantal ak emosyonèl. Men kèk nan benefis potansyèl fè sèks:

1. Amelyore Sante Kè: Sèks se yon fòm egzèsis fizik ki ka ede ranfòse kè a, amelyore s*kilasyon san, epi redwi risk pou maladi kè💪🥼

2. Redwi estrès ak enkyetid: Sèks ka ede lage andorfin, òmòn kè kontan, ki ka diminye estrès, enkyetid ak amelyore atitid🥼

3. Ranfòse sistèm iminitè: Etid yo sijere ke moun ki fè sèks regilyèman gen pi fò sistèm iminitè epi yo gen mwens chans pou yo vin malad💪

4. Amelyore dòmi: Sèks ka ankouraje detant epi ede pwovoke dòmi, ki ka kontribye nan pi bon kalite dòmi🥼

5. Soulajman doulè: andorfin ki lage pandan sèks ka aji kòm kalman natirèl, ki ka ede soulaje doulè ak doulè🥼

6. Ranfòse misk basen yo: kontraksyon nan misk pandan or**sm ka ede ranfòse misk basen yo, sa ki ka amelyore sante seksyèl ak p**i😘

7. Ranfòse Entimite ak Relasyon: Sèks ka ranfòse lyen emosyonèl ak entimite ant patnè yo, sa ki ka gen yon enpak pozitif sou relasyon an💊

Li enpòtan pou w sonje ke benefis sèks yo ka varye de yon moun a yon lòt, epi kominikasyon ouvè ak patnè w la epi pratike sèks san danje epi fè sèks yo esansyèl pou w jwenn pi plis nan li🙏

Se vre fè sèks benefik pou sante ou men pa bliye toujou mete prezèvatif pou evite maladi moun pran nan fè bagay surtout si ou ap fè l avec moun ou rankontre premye fwa, e pou evite grosès non planifye🥼

Pa bliye pataje l pou plis moun kapab wè enpòtans fè sèks. Merci @ B. Bens Santé 🙏🙏🙏🩺🩺🩺

26/06/2024

Un grand merci à mes nouveaux followers ! Carl Joseph, Yüñïör Noralys, Youseline Charles, Wilner François

Je respecterai toutes les personnes, leur autonomie et leur volonté, sans aucune discrimination selon leur état ou leurs...
30/05/2024

Je respecterai toutes les personnes, leur autonomie et leur volonté, sans aucune discrimination selon leur état ou leurs convictions. J’interviendrai pour les protéger si elles sont affaiblies, vulnérables ou menacées dans leur intégrité ou leur dignité. Même sous la contrainte, je ne ferai pas usage de mes connaissances contre les lois de l’humanité.
J’informerai les patients des décisions envisagées, de leurs raisons et de leurs conséquences.✍🏻
Je ne tromperai jamais leur confiance et n’exploiterai pas le pouvoir hérité des circonstances pour forcer les consciences.
Je donnerai mes soins à l’indigent et à quiconque me les demandera. Je ne me laisserai pas influencer par la soif du gain ou la recherche de la gloire.✍🏻✍🏻✍🏻✅🩸🙏🤚🏼

Mwen jwenn ti enfo sa sou yon paj medikal mwen di fòk mwen pataje li ak nou paske petèt ke nou te ka pa konnen li tou.Ch...
19/12/2023

Mwen jwenn ti enfo sa sou yon paj medikal mwen di fòk mwen pataje li ak nou paske petèt ke nou te ka pa konnen li tou.

Chema ki antoure ki make 9M nan konn sou anpil pwodwi, li pa oblije make 9M sou tout men li ka gen nenpòt chif devan M nan.

Se kisa ti chema sa vle di?

Chema sa vle di konbyen mwa ou ka itilize pwodwi a apre ou fin ouvri li. Pa egzanp sa make 9M, li vle di ou ka itilize pwodwi sila pandan 9 mwa apre ou fin ouvri li. Pa bliye ke se apati lèw fin ouvri li a ou ka komanse konte nonb de mwa yo. Si li te make 5M ou tap ka itilize pwodwi a 5 mwa apre ou fin debouche li.

Kounya verifye sou pwodwi ou yo pou'w wè si li gen ti chema sa.

Pa bliye renmen paj la pou'w ka jwenn plis bèl piblikasyon toujou epi pataje pou plis moun ka aprann tou😊😊

@ Rubens Santé

Ou te konn sa? Eskew tap asepte si mennaj ou avwew li konsa?
15/12/2023

Ou te konn sa? Eskew tap asepte si mennaj ou avwew li konsa?

BON❤️KONSÈY❤️POU❤️LASANTE
10/10/2023

BON❤️KONSÈY❤️POU❤️LASANTE

A divinely inspired gaze, guided by a sacred passion, ready to embrace my medical vocation and provide caring and comfor...
04/08/2023

A divinely inspired gaze, guided by a sacred passion, ready to embrace my medical vocation and provide caring and comforting care to those in need!🙏🏾😇I am blessed to be the bearer of this sacred mission to relieve suffering and bring healing!

God!🙏🏾
you Hippocrates! 🤝🏼
medicina!✊🏾

Sistèm sante peyi Dayiti malad pret pou mouri.Nou gen yon sistèm sante ki gen yon kansè nan stad 4Kote okenn pyès respon...
09/06/2023

Sistèm sante peyi Dayiti malad pret pou mouri.

Nou gen yon sistèm sante ki gen yon kansè nan stad 4

Kote okenn pyès responsab pat fè okenn prevansyon,

Nan Lopital leta yo

Pa gen dlo.
Pa gen kouran
Pa gen materyel
Pèsonel yo ap mal touche

Bay swen tounen yon bagay preske enposib,pafwa se wouk dwe preskri pasyan yon pè gan

Medikaman ap vann nn lari San kontrol
Tout boutik,tout machine,nn tout lari se machann ka pronmennen medikaman
Leta pa bay infimyè,doktè,teknisyen labo regle anyen Pou yo.
Chak koukouy nn sistèm nn se degajew sòti tet ou

Poutan moun ki nn tèt pouvwa se yon doktè( chose absurde)

Poutan lopital peyi dayiti malad ak yon kansè dènye nivo, pa gen okenn chimio ki fè Pou li.

Anpil doktè,infimyè kite peyi a,pèsonn pa di anyen
Anpil ale yo pa retounen pèsonn pa di anyen
Anpil mouri pèsonn pa di anyen

Domaj se toujou granmoun yo kap deside sou santé nou pandan yo kòmanse gen amnesie ,Alzheimer

Grenn doktè ak infimyè ki rete yo SWA yo pa gen le chwa,
Swa yo reziye yo

Kiyes kap sove sistèm sante peyi Dayiti ki malad byen mal???

Dr

Pa janm abandone rèv ou malgre pwoblèm,difikilte.Pran kouraj. Ou gendwa poko kote w vle ye a,men siw travay di, ou gen p...
03/06/2023

Pa janm abandone rèv ou malgre pwoblèm,difikilte.
Pran kouraj. Ou gendwa poko kote w vle ye a,men siw travay di, ou gen pou w fyè de tèt ou.
Kontinye lite 💪.

Adresse

Cap-Haïtien

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Rubens B. Anténor SANTÉ publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter La Pratique

Envoyer un message à Rubens B. Anténor SANTÉ:

Partager

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram

Type