17/02/2023
Etoufman
Jan sa toujou konn fèt sou paj “Santé HIPPOCRATE la”. Jodia nou pote yon sijè ji vreman enpotan pou nou sou etoufman kay yon bébé.
Kisa ki konn fè timoun nan toufe?
Si nou ta fè yon ti kout pye nan physiologie aparey respiratwa a wap wè kew gen 2 or***ce au niveau trachée a se tankou yon kafou, youn nan or***ce yo pèmèt lè wap respire an pase pou desann nan poumon et lòt la pou saw ap manje desann nan estoma, sa konn rive konn rive ke konn gen move wout olyel desann nan estomaw li desann nan poumon, e konn koke nan tib sa lè paka pase ,sèvo bebe an ap soufri paskel paka jwenn oksijèn si anyen pa kouri fèt an ijans lap mouri
Gen plizyè siy kap alètew ke bebe an ap toufe tankou:
*detrès sou vizaj li
*bouch li ret ouvè li paka pale e lap bay yon son ki egi
*li ka kenbe gòj li a menl
*li pa respire , li pa touse, li vin tou wouj e menm ble
*li konn pèdi konesans
Kisaw ka fè nan ka sa? Teknik la senp se sa yo rele la technique de Heimlich
Premye sa pouw fè Lèw remake ke bebe an gen yon bagay kap toufel e ke lap touse poul jetel, pa soukel ni tape dol, swiv li , men siw wèl paka respire lap goumen pou jetel, ouvri bouch li pouw wè siw ap wè bagay sa,sitou pa al antre dwèt ou nan gòj li pou pa pouse l antre pi fon
Aprè pran bebe an metel sou vant sou braw de fason pou braw pase nan mitan janm li, e ke menw soutni vizaj li, ou ka itilize kwis ou tou kòm sipò.panche tèt li anba pi avèk pòm menw , bal 5 tap fèm nan mito de zo dol
Si bagay la pa sòti toujou. Eben retounen bebe an sou do, pandanw ap pase sou lòt bra, panche tèt li anba pandanw ap soutnil deyè koul,plase de dwèt preske anba ti kèl jan ap gade nan imaj sa apiye fèm pi fè yon presyon monte pouse al nan gòj li, siw santi objè an pousel monte, fè jès sa 5 fwa pandanw ap gade bouch bebe an siw wèl parèt pouw wè siw ka retirel
Kontinye altène ant 2 jès sa yo tap nan do a fè presyon an jiskaske w met bagay la deyò pou bebe an ka respire byen
komanw ka reyaji sil gen plis ke 1 an e ke tap nan do yo pa fè anyen , plase bebe an devanw , pouw santi dol nan pwatrin ou, fome yon pwen a yon men anba lonbrit li epi kouvril a lòt men an ,fè 5 pouse rapid e fèm , yon presyon kap fèt anba e anwo pou ka mete objè an deyò ou ka fè menm jan a lòt metòd la altène ant pouse anba lonbrit la avèk tap nan mitan 2 zo dol yo
Si malgre tou bebe an pèdi konesans la se rele 116 rapid pou vin potew sekou, anatandan yo rive ou ka fè sa yo rele "reanimation cardiorespiratoire" kijan sa fèt
Plase bebe an sou yon sifas ki di pandanw ap pozisyone tèt ou sou lòt bò an pèpandikilè a pwatrin li,poze yon men sou mantonl lòt la sou fwonl, baskile tèt li an pa dèyè pouw ka degaje vwa respiratwa yo, poze bouch ou pou kouvri nenl a bouch li kap ret ouvè e soufle dousman fòw asire ke pwatrin li leve lèw soufle, kitel desann pou kòl avanw reprann menm jès la, fè 5 repetisyon , aprè fè 15 konpresyon nan nivo sternum sil gen mwens ke 1 an fèl janm te montrew a 2 dwèt la sil gen plis fè 1 an fèl a talon menw pa lage pwa kòw sou li ,sèl fòs talon men an pouw fèl
Altène ant 15 konpresyon e 2 respirasyon bouch a bouch jiskaske anbilans lan rive, si bebe an reprann konsyans e kòmanse touse oubyen ap respire metel kouche yon bò, e kenbel fèm pouw edel respire
Pou redwi risk etoufman yo ou dwe rete vijilan lèw ap bay bebe an manje oubyen lèl ap jwe, sitou pa kitel jwe a jwèt ki twò piti paskel ap gen tandans mete yo nan bouch li, menm lèw ap bal tete fòw byen pozisyone tèt li
Like & pataje pou plis moun ka dekouvri paj Santé HIPPOCRATE la et jwenn plis konesans sou zafè santé.
https://www.facebook.com/profile.php?id=100078739160582&mibextid=LQQJ4d