16/06/2020
Kase lezo nan bouch.
Sa konn rive keu pandan w' al kay dantis, epi nan ti koze w'ap fè ak li pandan l'ap konsilte w', li di w': epa w' kite pifò dan nan bouch ou fin pike tou nwa? Anpil fwa n' toujou reponn, se pandan m' t ansent lan, anvan m' t fè piti la mwen te bay dlo nan bouch, depi lè sa! dan yo vin lache, yo pike tou nwa.
Ebyen, jodi a, nan ribrik "Ann Koze", nou pra l' eksplike w' kisa bagay la ye tout bon.
Fanm ansent lan, lè l' rive nan dènye moman pou l' pouse ti bebe a, gen yon bann travay k'ap fèt pou ede l' nan aksyon sa, san travay sa yo ti bebe a patap ka sòti, nan menm moman sa gen mouvman ti bebe ap fè, nan konsantre pou l' pouse ti moun nan, fi a konn bay yon ti dlo nan bòbòt li, se dlo sa ki t'ap pwoteje ti bebe a lè l' te nan vant, ki te patisipe nan nouri l' tou, ti dlo sa rele: *likid amnyotik*. Dèfwa, fi a konn vomi tou, piske se nan peryòd li ansent ke sa rive, moun yo tou di ke se lezo fi a kase nan bouch.
Fizyolojikman, pou fi a pouse ti bebe a, fòk li konsantre, gen yon vyann ki patisipe nan konsantrasyon sa, li rele: "dyafragm", li separe vant fi a ak lestomak li, nan moman pouse a, li tou peze lestomak fi a, e tout sa k' te ladann monte al jis nan bouch li, se yon likid ki asid anpil, lè l' jwenn ak pati blanch lan (emay) keu w' wè nan dan yo, li vin fè yo gen ti tou ke w' paka wè epi yo vin mou tou, nan moman sa, dan yo vin frajil anpil.
Lè sa rive, nou pap kouri al ni bwose dan yo, ni souke dlo nan bouch nou, kòm pati blanch yo gentan mou akòz asid la, bwose yo ap rann yo kraze pi vit. Li t'ap pi bon si nou bay fi a bwè lèt oubyen manje "fwomaj" paske se kalsyòm ki nan de pwodwi sa yo ki pra l' kanpe aksyon keu asid la ap fè sou dan yo.
M'ap di nou konsa, kase lezo pandan yon akouchman, bouch la pa gen anyen pou l' wè nan sa, se sèl nan bòbòt fi a bay dlo sa, paske pa gen rapò, ant matris ak lestomak.
L'ap bon tou, si fi a al wè dantis li oubyen yon dantis pou l' k gen yon bon konpòtman ak plis eksplikasyon.
Si w'ap gade byen nan imaj sa, pati ki gen koulè ble syèl la, se li menm, lè l' chire ki fè fi a bay dlo nan bòbòt (kase lezo), donk, pa gen okenn rapò kote ti bebe a t'ap devlope a ak bouch fi a. "Kase lezo", se bay dlo nan bòbòt anvan akouchman, men, se pa nan bouch.
Se te ribrik pa w' la " Ann Koze ".