Tikoze la santé

Tikoze la santé Pataje paj la paske nou pral pale anpil bagay sou santew sitou pou maladie ki plus an vog yo

19/12/2025
𝘽𝙊𝙉 𝘼 𝙎𝘼𝙑𝙊𝙄𝙍...1- Nombre d’os: 2062- Nombre de Muscles: 6393- Nombre de rein: 24- Nombre de dents de lait: 205- Nombre d...
19/12/2025

𝘽𝙊𝙉 𝘼 𝙎𝘼𝙑𝙊𝙄𝙍...

1- Nombre d’os: 206
2- Nombre de Muscles: 639
3- Nombre de rein: 2
4- Nombre de dents de lait: 20
5- Nombre de côtes: 24 (12 paires)
6- Nombre de cavités cardiaques: 4
7- Artère la plus grosse: Aorte
8- Tension artérielle normale: 120/80 mmhg
9- PH normal du sang: 7,4
10- Nombre de vertèbres dans la colonne vertébrale: 33
11- Nombre de vertèbres dans le cou: 7
12- Nombre d’os dans l’oreille moyenne: 6
13- Nombre d’os sur le visage: 14
14- Nombre d’os dans le crâne: 22
15- Nombre d’os dans la poitrine: 25
16- Nombre d’os dans le bras: 6
17- Nombre de muscles dans le bras humain: 72
18- Nombre de pompes dans le cœur: 2
19- Plus grand organe: Peau
20- Glande la plus grosse: Le foie
21- Plus grosse cellule: ovule femelle
22- Cellule la plus petite: Spermatozoide
23- Os le plus petit: Étrier
24- Premier organe transplanté: le Rein
25- Longueur moyenne de l’intestin: 7 Mètres
26- Longueur moyenne du gros intestin: 1,5 Mètre
27- Poids moyen du nouveau né: 2,6 kg
28- Pouls en 1 minute: 60-100 BPM
29- Température corporelle normale: 37•C
30- Volume sanguin moyen: 4 - 5 litres
31- DURÉE DE VIE du GR: 120 Jours
32- DURÉE DE VIE du GB: 10-15 Jours
33- Période de Grossesse: 280 Jours (40 Semaines )
34- Nombre d’os dans chaque pied: 33
35- Nombre d’os dans chaque poignet: 8
36- Nombre d’os dans chaque main: 27
37- Glande endocrine la plus grosse: La Thyroïde
38- Plus grand organe lymphatique: La Rate
39- La plus grande partie du Système Nerveux Central: Le Cerveau
40- Os le plus gros et le plus fort: Fémur
41- Plus petit muscle: Stapedius (Oreille Moyenne)
42- Nombre de chromosomes: 46 (23 paires)
43- Nombre d’os chez le nouveau né: 350
44- Viscosité Sanguine: 4,5 - 5,5
45- Groupe Sanguin donneur universel: O -
46- Groupe Sanguin receveur universel: AB+
47- Le plus grand GB: Monocytes
48- Le plus petit GR: Lymphocytes
49- L’augmentation du nombre de GR s’appelle: polycéthémie
50- La banque de sang dans le corps est: la rate
51- La cellule s

19/12/2025
19/12/2025
01/12/2025

Jodia se lendi Premye Desanm 2025: se jounen Mondyal batay Kont maladi SIDA!!!

Nan Foto sa nap gade a la dam nan gen VIH SIDA a
Men ni mesye an ni Timoun YO pa atrape l Ann suiv avèm

Depi kek tan gen yon foto ki ap fe aktylite sou rezo Sosyo yo kote yo montre nou Yon fanmi Manman an gen SIDA , pandan ke papa an avek 2 timoun yo pa gen SIDA. Sa vle di paran yo fe bagay san kapot Fi an ansent li akouche san ke pa gen transmisyon maladi an ki fet ni vè papa a, ni vè timoun yo. Nou chwazi fè sa pi klè pou ou.

Ann fe ti rapèl, Nou tout konn tande SIDA .

*Kisa VIH la ye ?*

Se yon enfeksyon ki koze pa yon retro viris ; VIH-1 oubyen VIH-2 ki detwi selil ki la pou pwoteje kò moun lan, sa nou rele Globil blan yo avek plis presizyon sa ke yo rele « Lymphocyte TCD4 ; ki se yon eleman kap defann kò a kont mikrob, kidonk lè yon moun pran nan viris ki bay sida a li atakel e li vinn nwi sa nou rele sistèm defans ko a.

Jodi a nou vle eksplike nou kijan yon moun ka pran viris sa e kisa ki fe gen moman moun paka bay li

*Kijan VIH SIDA a pataje?*

Yon moun ka enfekte viris la nan pifò likid ki nan kò moun lan ki donk; san, spèm, likid kap soti nan bouboun fi an, lèt manman, krache ki soti nan bouch, likid ki soti nan maleng sou po. Konsa yon moun ka pranl nan fè bagay / kontak seksyèl, manman ki ka bay pitit li pandan lap akouche oubyen pandan l’ap bal tete, nan piki yo finn itilize sou yon moun ki enfekte oubyen yon lot materiel yo itilize nan kontak san, nan pran san si tès la pat byen fèt.

Men ki diferans prensipal ant *VIH* ak *SIDA*:?

*VIH (Virus de l’Immunodéficience Humaine)*
- Se *viris* la menm ki antre nan kò moun.
- Li atake sistèm defans kò a (sistèm iminitè), espesyalman selil CD4 yo.
- Moun ki gen VIH ka viv *plizyè ane san sentòm*, epi li *pa vle di li gen SIDA*.

*SIDA (Syndrome d’Immunodéficience Acquise)*
- SIDA se *dènye etap* maladi VIH la si li pa trete.
- Lè sistèm iminitè a fin twò fèb, moun nan pa ka defann tèt li kont enfeksyon oubyen kansè.
- Li manifeste pa anpil sentòm grav (grenn, fyèv, pèdi pwa, grip ki pa pase, elatriye).

An Rezime:
- *VIH* = viris ki lakòz maladi a.
- *SIDA* = eta sante grav ki rive si VIH la pa kontwole.

*Nòt:* Moun ki pran tretman VIH chak jou ka *pa janm rive nan etap SIDA*, epi yo ka viv nòmalman anpil ane.

*Kisa ki eksplike gen de lè moun ki enfekte a paka bay viris la ?*

Kay anpil moun k’ap viv ak VIH gen yon egzamen yo souvan fè pou li ki rele chaj viral oubyen yo konte kantite CD4+ nan kò moun nan.

*Ki diferans ki genyen avèk kantite CD4 + epi sa nou rele chaj viral la ?*

Kantite CD4+ la pèmèt nou konnen eta sistèm defans moun nan epi chaj viral la ede’n konnen kijan viris la ap debat nan kò moun nan epi konsa tou a ap ede konnen kijan eta sante moun lan ye ak si tretman li ap pran an ap byen mache.

*Kisa nou ka di sou rezilta egzamen sa yo ?​​​​​*

Yon moun k’ap pran medikaman epi tretman an byen mache ; CD4+ dwe ogmante epi chaj viral li dwe endektetab.

*Kisa sa vle di chaj viral endektetab ?*

Sa vle vle di lè yo fè egzamen sa a kantite viris ki nan san moun nan mwens ke kantite pou yo wèl lapi piti pase 40 a 50 kopi /ml ki vle di kantite viris la fèb nan san moun nan, men viris la toujou la.

31568220

*Ki rapo ki genyen nan chaj viral ak pataje viris la ?​*

Aprè rechèch yo fè, yo wè ke depi kantite viris lan fèb nan san moun nan li gen mwens chans pou’l bay moun li paske depi chaj viral la bese nan san moun nan li menm jan nan lot likid ki nan kol yo tou. E se sa menm ki fè anpil moun pa pataje viris SIDA a lè chaj viral yo égal a Zéro.

*Ki wol tretman an ?*

Se pou ede kantite CD4+ la monte epi fè kantite viris la bese nan san moun an ki vle di risk pou moun nan pataje viris la fèb.

31568220
*Eske lè chaj viral moun nan ba ou egal a Zero sa vle di li Geri de maladi SIDA a?*

Non li pa Geri menm ke li ta rive nan Yon nivo kote li paka bay lot moun SIDA a, okontrè se Pou l kontinye pran medikaman l paske depi li fè yon titan li pa pran l, Viris nan ap remiltipliye byen vit nan san l e lap retounen nan menm eta li te ye avan avek yon chaj viral ki wo e lè sa li ap transmèt viris nan menm jan ak tout lot moun ki gen maladi SIDA a.

Santew se priyoritem mèsi

31/01/2025

Bonswa tout Moun kijan Nou ye ? Ribrik sante a aswèa se kansè nan gòj.

Kansè nan gòj

anpil moun ka pat konn sa , sèks oral sa nou rele "tibèf" la ka baw kansè nan gòj si pou moun wap fèl la enfekte pa yon viris ki rele HPV se menm viris sa ke anpil fwa responsab kansè nan kòl matris la , e pa bliye kansè nan gòj se 11èm kansè ki pi frekan sitou Lakay Nou an Ayiti donk se yon reyalite e se plis gason ayisyen nou jwenn li.

-ki wòl strikti ki fòme gòj la an ranpli

-ki kategori moun ki a risk fè kansè nan gòj

-kisa moun nan ka remake oubyen santi

-kijan pou fè prevansyon

ki wòl gòj la:
gòj la fòme de yon ansanm strik tankou kòd vokal ki pèmèt vwa nou sòti

-li gen epiglòt ki anpeche tout saw vale desann nan poumonw esak fè depiw ap manje e pale an menm tan ou gen risk trangle

-li gen yon kafou ki pèmèt lè ki sot bouch nen w a bouch ou kontre e sak fè moun ka respire nan bouch men sa pa rekomande paske tiplim ki nan nen an anpeche gwo patikil desann nan poumon an se komsi son paswa

Mw panse nap konprann kansè nan gòj, li pral baw pwoblèm pou respire pou vwaw byen sòti e pouw vale

ki kategori moun ki a risk pou fè kansè nan gòj menm?
-moun ki fimen anpil sitou si moun sa renmen bwè alkòl an menm tan

-moun ki bwè alkòl anpil

-lakay moun ki pa renmen bwè ni fimen yo konn pranl nan sèks oral sa nou rele tibèf la, lè pou moun lap fèl la enfekte pa HPV

-moun ki toujou ekspoze a yon sibstans chimik yo rele Amiante

selon anpil etid
-moun kap mal manje a risk
-moun ki gen yon move ijyèn a bouch yo a risk
-moun ki gen asid kap monte sou lestomak yo jan nou konn dil la a risk

kisa moun nan ap remake oubyen santi?
-moun nan konn retel anwe li pa konn sak fè sa
-li konn gen gwo boul ki leve bò koul
-li konn gen yon gòj fè mal kap pèsiste

-li konn gen pwoblèm poul vale dèfwa lèl ap vale gòj li fèl mal

-li konn santi doulè nan zòn zorèy li
-li konn gen difikilte pou respire
-yo konn gen tous, pafwa ki akonpanye a san

-lap pèdi pwa

depi yon moun retel w

10/10/2024

Anpil moun tansyon jete , pwòch yo konn pè manyen yo olye yo mennen yo lopital, yo panse yap paralize moun nan si yo manyenl yon pati nan kò li poutan pa gen okenn rapò o kontrè se tan yap pèdi an ki ka fè gen plis dega nan sèvo an ki konn fè yo paralize.

Lè tansyon jete yon moun se sak rele stwòk la oubyen AVC(Accident cerebral vasculaire) se lè veso kap pote san pou sevo an swa pete oubyen bouche ,tansyon an konn tèlman wo li pete veso kap pot san pou sèvo an, pati ki paka jwenn san nan sèvo an antre an soufrans.

e ki pral gen anpil konsekans, tankou paralize moun nan ,fok nou konnen sèvo an gen 2 pati si se bò goch la ki touche moun nan ap paralize nan pati dwat li. Si se dwat la ki touche se goch la ki prale, paske se bò dwat sèvo an ki kontwole bò goch nou. E bò goch la kontwole bò dwat la...stwòk ka moun nan antre an koma, oubyen konn touye moun nan menm.

Gen moun ki konn gen tansyon 20/12 yo pa gen anyen paske pa gen okenn òga'n ki atenn se sa yo rele pouse ipètansiv, poutan gen moun ak yon tansyon 18/11 yo òga'n yo konn touche, yo konn gen tout pwoblèm la son ijans ipètansiv e se moun sa yo konn viktim de stwòk

*Moun ki gen plis risk pou tansyon jete yo se:*

-plis moun nan antre an laj plis risk la fò paske veso kap pote san vin rèd avèk laj
-moun ki te gen fanmi ki te viktim de tansyon
-yo plis jwenn li lakay nwa , blan yo yo menm tansyon plis fè yo fè kriz kadyak
-moun ki fè maladi s*k
-Moun ki bwè alkòl anpil
-moun ki fimen anpil
-moun ki gwo
-moun ki manje sèl anpil
-moun kap pran konprime planin san kontwòl

*Moun tansyon jete an konn santi kèk siy a sentom oubyen kèk endis ki ka diw son tansyon ki jetel tankou:*

-gwo tèt fè mal
-endispoze
-kriz
-li konn santi yon bòl ale
-li ka ajite
-li konn gen kè plen,oubyen vòmi
-li konn ap depale

*Konsekans lan:*

- li konn paralize yon bò moun nan lèl leve , se nan terapi yo konn voye moun sa yo pou rejwenn bò an
-moun sa yo konn paka pale lè yo leve,oubyen li paka pale klè
-moun nan konn vin pa wè

*La journée mondiale des premiers secours* , bien que méconnue de certains, revêt une importance capitale dans nos vies....
14/09/2024

*La journée mondiale des premiers secours* , bien que méconnue de certains, revêt une importance capitale dans nos vies. Elle rappelle l’importance des gestes qui sauvent. Connaitre et appliquer ces réflexes ne serait-ce qu’une fois, pourrait vous permettre de sauver des vies.



*Quelle est la date de la journée mondiale des premiers secours?*

La journée mondiale des premiers secours se tiendra le 14 septembre.

Comprendre l’essence de la journée mondiale des premiers secours
La journée mondiale des premiers secours, célébrée chaque année, a pour principal objectif de sensibiliser le grand public à l’importance des premiers secours. Nous avons tous été, ou serons, témoins d’un accident ou d’une situation d’urgence. Ces moments sont souvent imprévisibles et demandent une réaction rapide et efficace. La maîtrise des gestes de premiers secours est donc vitale.



*Les gestes simples qui font la différence*

Bien qu’on pourrait penser le contraire, les premiers secours ne requièrent pas toujours des connaissances médicales avancées. Certains gestes sont simples et demandent juste à être mieux connus. On peut citer par exemple la position latérale de sécurité ou la pratique du bouche-à-bouche qui peuvent faire toute la différence. Ces techniques sont facilement accessibles, peuvent véritablement sauver des vies. Savez-vous que selon la croix rouge, dans 9 cas sur 10, le témoin du drame est un proche de la victime ? Se former et d’informer son entourage ne prendra qu’un court temps de votre vie, mais peut en sauver de nombreuses.



*Comment se former aux premiers secours ?*

Fort heureusement, plusieurs organismes proposent des formations de qualité, accessibles à tous. Lorsqu’on pense premier secours, on visualise bien entendu la Croix-Rouge. D’ailleurs, cette dernière propose régulièrement des sessions de formation gratuites. Ces formations sont courtes, mais très enrichissantes. Elles nous fournissent les outils nécessaires pour réagir de manière adéquate e

Ekri nou sou WhatsApp pou plis infos siw ta bezwen, wap mete Richelet Casy nan référence l'an pou ka peye 1000 gds sèlma...
20/08/2024

Ekri nou sou WhatsApp pou plis infos siw ta bezwen, wap mete Richelet Casy nan référence l'an pou ka peye 1000 gds sèlman

29/07/2024

Nou Di bonswa Ak tout moun, se toujou Yon plezi poun poste Ribrik santé yo pou nou!

Et nou Di mèsi ak chak moun ki toujou pran tan yo pou yo li *Ribrik sante yo*

kontinye pataje paj la e arborné pou plis moun ka gen konesans sa yo tou. https://www.facebook.com/profile.php?id=100069809325894

Jodia nou vin fè Yon ti pale ak nou sou Yon maladi ki ap fè pale de li ki se maladi chabon!!!

*Maladi Chabon* :

*Kisa li ye?*

*Ki sa ki koz li?*

*Koman li pase de bèt a moun ?*

*Ki siy ak senptom yon moun ki gen maladi sa ka prezante ?*

*Kisa yon moun kapab fè pou pwoteje tèt li kont maladi saa.* ?

Maladi saa rele *Antras lakoz* pa yon bakteri( Mikwòb) Ki rele *Basilis antrasis.* Maladi sa ou ka jwenn li nan tout mond nan e li konsène tout kalite bèt kit se sa yo gade lakay oubyen bèt raje: men li plis konsène Bèf, Mouton, Kabrit ki donk yon seri vyann ke nou manje an Ayiti tout tan, ou menm kap gade bèt sa yo, ni ou menm kap manje vyann sa yo nou konsène.

*Kijan moun kapab pran maladi saa?*

*Gen twa (3) fason moun ka pran maladi saa:*

1.- se nan kontak po moun ak po bèt la, se mòd kontaminasyon ki pi kouran, 95 %. tankou si moun nan ap jwe ak bèt oubyen zannimo.

2.- genyen tou kontaninasyon *pilmonè* si Bakteri an prezan nan lè a epi moun nan respirel

3.- epi kontaminasyon *dijestif* kote moun nan manje vyann bèt ki enfekte a oubyen pwodui ke bèt sa bay tankou lèt elatriye...

Nan lane 2011 te gen yon ekip Teworis ki tap mache itilize jèm ki bay maladi saa pou te pwopaje li nan kek peyi nan mond la.

*Ki siy ak sentom maladi sa ka fe moun prezante ?*

Menm jan gen twa fason ou ka pran maladi saa, maladi chabon an gen twa fòm. Siy ak senptom yo pral depann de ki fòm moun nan ratrape.

1.- *Fòm kitane* / sou po se lè mikwob sa antre nan Yon ti blesi ou gen sou po’w. Lè lap debite li tankou lè yon gèp mòdew , aprè li vin evolye li fè Yon ti bouton ki fouye po a aprè bouton sa ap vin tou nwa. Si moun sa pa gent

Pataje paj la paske nou pral pale anpil bagay sou santew sitou pou maladie ki plus an vog yo

Adresse

Carrefour

Téléphone

+50931568220

Site Web

Notifications

Soyez le premier à savoir et laissez-nous vous envoyer un courriel lorsque Tikoze la santé publie des nouvelles et des promotions. Votre adresse e-mail ne sera pas utilisée à d'autres fins, et vous pouvez vous désabonner à tout moment.

Contacter La Pratique

Envoyer un message à Tikoze la santé:

Partager

Share on Facebook Share on Twitter Share on LinkedIn
Share on Pinterest Share on Reddit Share via Email
Share on WhatsApp Share on Instagram Share on Telegram

Type